Ezayi 59

59
Pwofèt la ap denonse peche pèp la
1Non! Se pa paske Senyè a manke fòs #Nonb 11.23 kifè li pa vin delivre nou. Se pa paske li soudè kifè li pa tande lè n'ap lapriyè nan pye l. 2Men #Jer 5.25 se mechanste nou yo ki mete yon bayè ant nou ak Bondye nou an. Se peche nou yo ki fè l vire figi l pou l pa tande nou. 3San #Eza 1.15 ap koule sou tout dwèt nou. Nou foure men nou nan tout kalite mechanste. Bonjou nou pa laverite. Depi nou louvri bouch nou se kout lang n'ap bay.
4#Sòm 7.14 n'al nan tribinal se pou defann move kòz. Lè n'ap plede, nou bay manti. N'ap di yon bann bagay ki pa laverite. Se move lide ase ki nan tèt nou. Se mechanste ase n'ap fè. 5Move plan y'ap fè yo tankou pwazon. Si ou pran ladan yo nanpwen rechap. Si ou rive kraze yon move plan y'ap fè, y'ap pare yonn ki pi rèd pou ou. 6Menm #Jòb 8.14 jan ou pa ka fè rad ak fil zarinyen, konsa tou sa y'ap fè a p'ap rapòte yo anyen ki bon. Se mechanste ase yo sòti pou yo fè. Se nan san ase yo mete men yo. 7Y'ap #Wòm 3.15-17 kouri konsa pou fè sa ki mal, yo cho pou yo touye moun inonsan. Lide yo toujou sou sa ki mal, kote yo pase se dega toupatou. Se malè yo kite dèyè yo. 8Yo #Eza 48.22 pa konn jan pou yo viv byen ak moun. Tout sa y'ap fè kwochi. Tout kò yo se plan. Moun k'ap swiv yo toujou nan tèt chaje.
Pèp la rekonèt peche l yo
9Pèp #Eza 60.2 la di:
— Se sa ki fè, sa ki dwat kouri lwen nou. Lajistis pa konsène nou: Nou t'ap espere limyè, men se fènwa nou rekòlte. Nou t'ap tann bèl klète, men se nan fènwa n'ap mache.
10N'ap #Det 28.29; 1 Kor 4.9,10 tatonnen tankou avèg k'ap chache wout, tankou moun je pete. N'ap bite gwo midi tankou si nou t'ap mache solèy kouche. San nou pa malad, nou tankou moun ki deja nan peyi san chapo. 11N'ap #Eza 38.14; 46.13 wouke tankou chen, n'ap plenn tankou bourik anba chay. N'ap tann Bondye pou l pran defans nou. Bichi! N'ap tann li vin delivre nou. Anyen menm!
12Senyè, se vre wi, nou te fè anpil peche kont ou. Koulyeya se peche nou k'ap kale nou. Yo la devan je nou. Nou rekonèt nou fè yo vre. 13Nou te vire do bay Senyè a, nou voye l jete. Nou derefize koute l. Nou tòde men frè parèy nou, nou revòlte kont Bondye. Se move lide ase nou te gen nan kè nou. Se manti ase nou t'ap kalkile nan tèt nou. 14Se sa ki fè, nou repouse sa ki dwat. Lajistis vin enposib. Toupatou, laverite pèdi pye. Tout moun sou blòf. 15Verite disparèt. Si ou pa vle fè kou tout moun, se piye y'ap piye ou met sou li.
Senyè a ap vin delivre pèp li a
Senyè a wè sa. Sa te fè l mal paske pat gen jistis nan peyi a. 16Li #Eza 63.5 sezi wè pèsonn pa leve kanpe pou defann inonsan yo. Se konsa, li vin delivre pèp la ak pwòp fòs kouray li. Li ba l men, li pran defans li. 17Li #Eza 9.7; Ef 6.13-17; 1 Tes 5.8 mete jistis anwo li tankou yon plak pwotèj pou lestonmak li. Li mete pouvwa pou sove a tankou yon kas nan tèt li. Li mete pouvwa revanj li sou li tankou yon palto, li vlope kò l ak fòs pou l pran defans moun li renmen yo. 18L'ap #Eza 63.4,6 pini chak moun dapre sa yo fè: li pral move sou moun ki pa vle wè l yo, li pral tire revanj sou lènmi l yo, menm sou moun ki rete nan zile byen lwen yo. 19Depi #Sòm 113.3; Eza 30.28 kote solèy la leve a jouk kote solèy la kouche a, tout moun va pè Senyè a, y'a respekte pouvwa li. L'ap vin tankou lavalas k'ap desann nan fon ravin, tankou gwo van tanpèt.
20M'ap #Wòm 11.26,27 vin #Jowèl 2.32 sou mòn Siyon an pou m delivre tout moun fanmi Jakòb yo ki va vire do bay peche yo. Se Senyè a menm ki di sa. 21Senyè a #Det 4.10; Eza 51.16; Jer 31.31 di ankò: Men kontra mwen pral pase ak yo a: M'ap mete lespri m sou yo. M'ap ba yo lòd mwen yo pou lòd mwen yo ka nan bouch yo, nan bouch pitit yo ak nan bouch pitit pitit yo, pou tout tan tout tan. Se mwen menm Senyè a ki di sa.

Chwazi Kounye ya:

Ezayi 59: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an