Ezayi 58

58
Men kalite jèn Bondye mande
1Senyè a di konsa:
— Louvri #Mi 3.8 gagann ou rele, rele mezi ou kapab! Fè vwa ou klewonnen ale lwen! Fè pèp mwen an konn krim li fè! Fè pitit pitit Jakòb yo konnen movezak yo fè! 2Chak #Eza 29.13 jou, y'ap fè sèvis pou mwen. Yo pretann yo konnen chemen m yo, tankou si se yon nasyon ki fè sa ki dwat devan m, epi ki pat janm lage lòd mwen te ba yo. Y'ap mande m pou m defann kòz yo. Yo ta vle pou Bondye kanpe la ak yo.
3Pèp #Ney 5.1-12; Eza 60.17; Mal 3.14 la ap di mwen:
— Sa plede fè jèn ap fè pou nou, si ou pa wè sa? Sa repanti ap rapòte nou, si ou pa menm renmake sa?
Senyè a reponn:
— M'ap di nou laverite. Jou n'ap fè jèn lan, se jou sa a tou n'ap chache fè sa ki nan enterè nou. Se lè sa a n'ap plede peze moun k'ap travay pou nou. 4Konsa tou, jou n'ap fè jèn lan, se lè sa a tou n'ap joure, n'ap fè kont, n'ap goumen, n'ap bay move kou. Jan mwen wè n'ap fè jèn lan jòdi a se pa konsa pou nou fè l si nou vle lapriyè nou yo rive nan zòrèy mwen. 5Eske #Zak 7.5 mwen ka pran plezi nan kalite jèn konsa? Atò se sa nou rele jèn m'te bay lòd fè a? Se sa ki yon jou repantans pou sa nou fè ki mal la? Fè jèn pou nou, se bese tèt jouk atè tankou wozo k'ap ploye anba van, se kouche sou sak plat atè nan mitan sann dife. Atò se sa nou rele jèn lan? Se sa ki pou fè Bondye plezi a?
6Non! Men kalite jèn ki pou fè kè m kontan an:
Sispann fè mechanste.
Sispann fè lenjistis.
Bay esklav nou yo libète!
Mete chay k'ap foule moun yo atè.
7Separe #Eze 18.7; Mat 25.35 sa nou genyen ak moun ki grangou.
Louvri pòt resevwa malere ki pa gen kote pou yo dòmi.
Si nou wè pwochen nou touni, ba li rad pou li mete.
Pa refize lonje men sekouri pwochen ou.
8#Jòb 11.17; Eza 52.12; Jer 30.17 sa a, tankou solèy k'ap leve, m'ap klere nou, m'a fè nou wè jan mwen renmen nou. Lapoula m'a geri nou, m'a toujou mache ak nou pou m delivre nou. Pouvwa Bondye a va mache dèyè nou pou poteje nou. 9#Pwo 6.13 sa a, si nou lapriyè nan pye m, m'a reponn nou. Si nou rele m, m'a di men mwen! Si nou rache tout mechanste nan kè nou voye jete, si nou sispann kraponnen moun, si nou sispann pale moun mal, 10si nou manje ak moun ki grangou, si nou plen vant moun ki nan nesesite, limyè va klere pou nou nan mitan fènwa. Lannwit va fè klè pou nou tankou gwo midi. 11Se #Jer 31.12 tout tan Senyè a va moutre nou chemen pou nou pran, l'a rafrechi nanm nou nan tan chechrès. L'a ban nou fòs ak kouray. N'a tankou yon jaden ki byen wouze, tankou yon sous dlo ki pa janm chèch. 12N'a #Esd 6.14; Eza 61.4 rebati vye kay ki fin tonbe yo. N'a moute lòt kay sou ansyen fondasyon tan lontan yo. Y'a rele nou moun ki konn repare miray fann yo, moun ki konn balize granchemen yo, moun k'ap refè kay kraze yo pou moun ka vin rete nan peyi a ankò.
Rekonpans moun ki respekte jou repo a
13Si #Ney 13.15-21; Eza 56.2 nou veye kò nou pou nou respekte jou repo a, pou nou pa regle pwòp zafè nou jou ki apa pou mwen an, si se yon plezi pou nou lè jou repo a rive, si nou respekte jou ki apa pou mwen menm, Senyè a, pou jou sa a nou pa nan fè sa ki nan lide nou, nou pa nan vwayaje, nou pa nan fè travay, ni nou pa nan pale vye koze, 14#Det 32.13; Jer 50.19 sa a, n'a jwenn plezi nou nan fè sèvis pou mwen. M'a fè tout moun sou latè pote nou anlè, n'a jwi lavi nan peyi mwen te bay Jakòb, zansèt nou an. Se mwen menm, Senyè a, ki di sa!

Chwazi Kounye ya:

Ezayi 58: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an