Ezayi 53

53
1Pèp la va reponn:
— Ki #Eza 51.9; Jan 12.38; Wòm 10.16 moun ki te kwè sa n'ap tande la a?
Ki moun ki rekonèt travay Bondye a nan sa ki rive la a?
2Li #Eza 52.14 te grandi devan Bondye #53.2: Li te grandi devan Bondye: Osinon Se te volonte Bondye pou l te grandi. tankou yon ti plant ki tou fèb,
tankou yon ti kreyòl ki pouse nan tè sèk.
Li pat bèl gason, li pat gen anyen nan li ki pou ta fè nou vire gade l.
Li pat sanble anyen ki ta ka fè nou kontan ret gade l.
3Nou #Sòm 22.6; Eza 49.7; Mak 9.12; Jan 1.10,11 pat gade l menm, tout moun te vire do ba li.
Li te soufri anpil, li te tout tan nan gwo lapenn.
Tout moun te vire tèt yo pou yo pa wè l.
Nou pat okipe l, nou pat pran ka l menm.
4Men, #Sòm 69.26; Mat 8.17 se soufrans nou ta gen pou nou soufri a li t'ap soufri pou nou.
Se doulè nou ta gen pou santi nan kò pa nou li te pran sou do l.
Nou menm menm, nou te konprann se pini Bondye t'ap pini l.
Nou te konprann se frape Bondye t'ap frape l,
se kraze Bondye t'ap kraze l anba men l.
5Men, #Wòm 4.25; 1 Pyè 2.24 se pou peche nou kifè yo te mete san l deyò konsa.
Se akòz mechanste nou kifè yo te kraze l anba kou konsa.
Chatiman ki te pou nou an se sou li li tonbe.
Se konsa li ban nou kè poze.
Avèk tout kou li te resevwa yo, li ban nou gerizon.
6Nou #Jer 50.6,17; 2 Kor 5.21; 1 Pyè 2.25 te tankou mouton ki pèdi bann, chak moun bò pa yo.
Chatiman ki te pou tonbe sou nou an, Senyè a fè li tonbe sou li.
7Yo #Jer 11.19; Mat 26.63; Jan 19.9; Tra 8.32 te maltrete l, men li menm se bese li bese tèt li ase.
Tankou yon ti mouton y'ap mennen labatwa,
li pat janm louvri bouch li di krik.
Wi, tankou yon manman mouton ki pa di krik pandan y'ap taye lenn sou do l,
li pat janm louvri bouch li di anyen.
8Yo #Eza 57.1 pran li, yo mete li nan prizon, yo trennen li nan tribinal.
Pa te gen pesonn pou te pran ka li,
lè yo wete li nan mitan moun k'ap viv sou tè a.
Se pou peche pèp li a yo te touye li.
9Yo mete #Mat 27.57,60; 1 Pyè 2.22 li nan kavo nan mitan tonm moun rich yo.
Atout li pa te fè ankenn krim nan,
atout manti pa te janm soti nan bouch li a,
yo antere li menm kote ak kriminèl yo.
10Men, se te volonte Bondye pou yo te kraze l anba soufrans konsa,
pou l te bay lavi li pou Bondye te ka padonnen peche nou yo.
L'a wè pitit pitit li yo. L'a viv pi lontan toujou.
Se konsa travay Senyè a va mache byen nan men l.
11Apre #Tra 13.39; Wòm 5.18,19; 1 Jan 2.1 tout soufrans sa yo, l'a jwenn kè kontan ankò.
L'a konnen li pat soufri pou gremesi.
Li te sèvi Bondye yon jan ki kòrèk nèt.
Li te pran chatiman anpil moun sou do l.
L'a fè Bondye fè yo gras.
12Se #Lik 22.37; Wòm 8.34; Fil 2.9; Kol 2.15; 1 Tim 2.5 poutèt sa, m'ap pran l mete l chèf.
M'ap ba li plas nan mitan grannèg yo.
L'ap gen menm pouvwa ak gwo chèf yo.
Paske se li menm menm ki te bay tèt li pou l mouri konsa.
Li te kite yo mete l ansanm ak kriminèl yo.
Li pran plas anpil moun ki t'ap fè sa ki mal.
Li mande padon pou moun ki te fè mal yo. #53.12: Li mande padon pou moun ki te fè mal yo: Osinon Li pran chatiman ki t'ap vin pou yo a sou do l.

Chwazi Kounye ya:

Ezayi 53: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an