Ezayi 52

52
Bondye va delivre lavil Jerizalèm
1Leve non, mòn Siyon an! Leve #Ney 11.1; Jowèl 3.17; Rev 21.27 non!
Mete kouraj ou sou ou!
Mete pi bèl rad ou, ou menm Jerizalèm, lavil Bondye a!
Paske moun lòt nasyon yo, ki pa gen mak kontra Bondye a sou yo,
ki pa nan kondisyon,
yo p'ap janm mete pye lakay ou ankò.
2Ou menm lavil Jerizalèm ki nan prizon, souke pousyè ki sou ou,
leve atè a, chita sou fòtèy ou!
Wete chenn yo te pase nan kou ou yo,
ou menm mòn Siyon ki te nan prizon!
3Men #Eza 45.13; 1 Pyè 1.18 sa Senyè a di pèp li a.
— Yo pa te bay lajan pou achte nou lè nou te esklav.
Yo p'ap bay lajan nonplis pou yo delivre nou lè y'ap lage nou.
4Men #Jen 46.6 sa Senyè a, Bondye a, di:
— Nan tan lontan, pèp mwen an te desann al rete nan peyi Lejip.
Apre sa, Lasiri fè yo pase kont mizè yo pou anyen.
5Kounyeya, sa #Eze 36.20,23; Wòm 2.24 pou m fè la a? Se Senyè a menm k'ap di sa.
Yo pran pèp mwen an, yo depòte yo pou anyen.
Moun k'ap kraze yo a ap pale fò, y'ap fè grandizè.
Se Senyè a menm ki di sa.
Epi tout lajounen, san rete y'ap trennen non m nan labou.
6Men #Eza 49.26 jou sa a, pèp mwen an va konnen kijan yo rele mwen.
Y'a konnen se mwen menm menm ki di: Men mwen!
7Ala #Wòm 10.15 bèl sa bèl lè ou wè l'ap parèt sou mòn yo
mesaje k'ap kouri pote bon nouvèl k'ap bay kè poze a!
L'ap fè konnen delivrans Bondye a.
L'ap di moun Siyon yo:
Se Bondye ou la k'ap gouvènen!
8Faksyonè #Eza 33.17; 62.6; 1 Kor 13.12; 1 Jan 3.2 ou yo ap rele.
Y'ap rele ansanm tèlman yo kontan.
Y'ap wè, se ak pwòp je yo y'a wè Senyè a
k'ap tounen sou mòn Siyon an!
9Pete #Sòm 98.3,4 rele, fè fèt ansanm, nou menm vye miray mazi lavil Jerizalèm yo!
Paske Senyè a bay pèp li a kouray ankò,
li delivre lavil Jerizalèm.
10Senyè a #Lik 3.6 fè tout nasyon yo wè fòs kouraj li ki apa nèt la.
Toupatou sou latè, yo wè jan Bondye nou an ap delivre pèp li a.
11Wete #Esd 1.7-11; Eza 48.20; 2 Kor 6.17 kò nou nan lavil Babilòn!
Wete kò nou! Pati ale!
Pa manyen anyen nou pa dwe manyen!
Wete kò nou nan mitan lavil la.
Mete nou nan kondisyon pou nou fè sèvis pou Bondye,
nou menm k'ap pote veso ki apa pou sèvis Senyè a.
12Fwa #Egz 12.33; 14.19; Eza 58.8; Mi 2.13 sa a, nou pa bezwen prese kouri ale.
Nou p'ap fè tankou moun k'ap kouri chape poul yo.
Paske Senyè a, Bondye nou an, ap pran devan nou.
Se li menm tou, Bondye pèp Izrayèl la, k'ap mache dèyè pou pwoteje nou.
Sèvitè Bondye a gen pou soufri
13Senyè a #Eza 42.1 di:
— Men sèvitè mwen an. Tout sa li va fè va mache byen.
L'a pran grad. Moun va konsidere li anpil. Y'a ba li lwanj.
14Menm #Eza 53.2,3 jan anpil moun te pran sezisman lè yo te wè l,
sitèlman li te defigire,
sitèlman figi l pat sanble menm ak figi moun,
15konsa #Eza 49.7,23; Wòm 15.21; 16.25 tou, anpil nasyon va kontan lè y'a wè l fwa sa a.
Wa yo va rete bouch be devan li sitèlman y'a sezi.
Paske y'a wè bagay moun pat janm rakonte yo anvan sa,
y'a konprann bagay yo pat janm tande anvan.

Chwazi Kounye ya:

Ezayi 52: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an