Ezayi 50

50
Bondye fè pèp li a repwòch
1Men sa Senyè a di ankò:
— Si mwen te #Det 24.1; 2 Wa 4.1; Jer 3.8; Oze 2.2; Mat 18.25 voye manman nou tounen lakay li,
kote papye divòs mwen te ba li?
Ki moun mwen te dwe lajan
pou m'ta vann nou kòm esklav la?
Se poutèt mechanste nou yo mwen te vann nou.
Se poutèt peche nou mwen te voye manman nou tounen lakay li.
2Poukisa, #Egz 7.18; 14.21; Nonb 11.23; Joz 3.16; Sòm 104.7; Eza 59.1; Na 1.4 atò, lè mwen vin delivre nou an,
pa gen pèsonn ki vini jwenn mwen?
Poukisa, lè m rele nou, pèsonn pa reponn?
Eske se fòs mwen pa gen fòs ase pou m delivre nou?
Eske ponyèt mwen twò fèb pou m sove nou?
Se konnen nou pa konnen mwen annik louvri bouch mwen
epi tout dlo lanmè cheche, tout larivyè tounen ravin chèch,
tout pwason mouri paske yo pa jwenn dlo. Y'ap pouri.
3Mwen #Rev 6.12 kouvri syèl la ak nyaj nwa.
Li tankou yon moun ki nan lapenn pou ka lanmò!
Sèvitè Bondye a pa pè soufri
4Senyè a #Egz 4.12; Pwo 15.23; Mat 11.28 moutre mwen jan pou m'pale,
Li moutre mwen jan pou m'ankouraje moun ki pa kapab ankò yo.
Maten apre maten, li fè mwen atantif,
pou m'ka tande sa l'ap moutre mwen,
pou m'ka konnen sa yon bon disip dwe fè.
5Senyè a, #Sòm 40.6; Fil 2.8 Bondye a, louvri lespri mwen,
mwen pa kenbe tèt ak li.
Mwen pa renka devan li.
6Mwen #Eza 53.5; Mat 26.67; 27.26,30 pare do m bay moun k'ap bat mwen yo.
Mwen lonje figi m bay moun k'ap rache bab mwen yo.
Mwen pa kache figi m lè y'ap joure m, lè y'ap krache sou mwen.
7Senyè a, #Eze 3.8,9 Bondye a, ap pote m sekou.
Se poutèt sa, jouman yo pa ka fè m anyen.
Mwen sere dan m, mwen mare kè m pou m soufri.
Mwen sèten, Bondye p'ap fè m wont.
8Moun #Wòm 8.33,34 ki pral rann mwen jistis la pa lwen rive.
Ki moun ki vle plede ak mwen?
Ann konparèt ansanm devan tribinal la?
Kilès ki vle rele m lajistis?
Se pou l vin kanpe la devan m!
9Se Senyè Bondye a menm k'ap pote mwen sekou.
Ki moun ki ka kondannen mwen?
Tout moun k'ap akize mwen yo pral disparèt.
Y'ap tankou rad vèmin ap devore.
10Nou #Eza 42.16; 49.2,3; Mi 7.8 tout ki gen krentif pou Senyè a,
nou tout k'ap koute pawòl sèvitè li a,
nou wè jan chemen m'ap swiv la fè nwa nèt.
Se pou nou met konfyans nou nan Senyè a.
11Men nou tout k'ap pouse dife, k'ap fè plan pou detwi lòt moun,
se nou menm ki pral boule nan dife nou limen an,
se nou menm ki pral pran nan plan n'ap fè yo.
Se Senyè a menm ki pral fè sa rive nou:
Nou pral tòde ak doulè nan kabann nou.

Chwazi Kounye ya:

Ezayi 50: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an