Ezayi 49

49
Sèvitè Bondye a limyè tout nasyon
1Nou menm ki rete nan zile yo, koute sa #Eza 44.2 m'ap di nou!
Nou menm ki rete byen lwen yo, pare zòrèy nou!
Depi m fèt, Senyè a chwazi m!
Depi nan vant manman m, li rele m pou m sèvi l.
2Li #Eza 11.4; 51.16; Eb 4.12; Rev 1.16 sèvi ak bouch mwen tankou yon ponya pwenti.
Li kache byen kache nan plamen li.
Li pare mwen tankou yon nepe byen file,
li sere nan sak li.
3Li #Eza 44.23 di m: Izrayèl, se sèvitè m ou ye!
W'ap sèvi yon lwanj pou mwen!
4Mwen #Eza 50.6-8; 65.23 menm, mwen t'ap di nan kè mwen:
Se pou dan ri m'ap fatige kò mwen.
Se pou gremesi m'ap travay jouk m'bouke.
Men, m'ap toujou gen konfyans: Senyè a va ban m rezon.
Rekonpans mwen la byen sere nan men Senyè a.
5Se #Eza 52.13 Senyè a menm ki chwazi m depi m fèt pou m sèvi l,
pou m fè fanmi Jakòb la tounen vin jwenn li,
pou m sanble pèp Izrayèl la mennen ba li.
Senyè a ban m bèl pozisyon sa a.
Se li ki tout fòs mwen.
6Senyè a #Sòm 98.3; Eza 42.6; Tra 13.47 di m konsa: Wi, sèvitè m lan va fè fanmi Jakòb la kanpe ankò.
L'a fè ti rès pèp Izrayèl yo te depòte a tounen lakay yo. Men, se poko sa toujou.
M'ap fè li sèvi tankou yon limyè pou lòt nasyon yo,
pou dènye moun sou latè ka konnen ki jan mwen menm mwen delivre!
Izrayèl la ap kanpe ankò
7Bondye #Eza 50.6,7; 53.3 pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa,
Senyè k'ap delivre yo a, l'ap pale ak pèp tout moun ap meprize a,
pèp nasyon yo pa vle wè a,
pèp ki esklav chèf k'ap gouvènen yo a.
Li di yo: W'a va leve kanpe lè y'a wè ou.
Chèf va ajenou devan ou.
Y'a fè sa poutèt Senyè a k'ap toujou kenbe pawòl li,
poutèt Bondye pèp Izrayèl la ki te chwazi ou.
Y'a rebati lavil Jerizalèm
8Men #Sòm 69.13; Eza 42.6,7; 61.4; 2 Kor 6.2 sa Senyè a di pèp li a:
— Lè lè a va rive pou m fè ou gras, m'a reponn ou.
Lè jou a va rive pou m delivre ou, m'a pote ou sekou.
Se mwen ki te fè ou, se mwen ki te chwazi ou pou ou siyen yon kontra ak tout pèp yo.
M'a fè peyi a kanpe ankò.
N'a tounen viv nan peyi yo te ban nou an, peyi yo te devaste a.
9M'a di prizonye yo al lakay nou!
M'a di moun ki te chita nan fènwa yo: Sòti vin nan limyè a.
Sou tout wout yo, y'a jwenn manje pou yo manje.
Tankou mouton, y'a jwenn manje sou tout ti mòn.
10Yo p'ap janm grangou, yo p'ap janm swaf.
Chalè solèy ak van dezè p'ap fè yo anyen.
Paske se moun ki renmen yo a k'ap kondi yo.
L'a mennen yo kote dlo a koule pi fre a.
11M'a #Eza 40.4 louvri yon bèl chemen nan mòn yo.
M'a pare wout sou tout mòn yo pou pèp la.
12Gen #Sòm 107.3 ladan yo k'ap sòti byen lwen.
Gen sa k'ap sòti nan nò.
Gen sa k'ap sòti bò solèy kouche.
Gen lòt k'ap sòti lavil Sinim #49.12: Sinim: Se yon lavil nan peyi Lijip kote yon gwo koloni jwif te rete. Jòdi a yo rele la Aswann. nan sid.
13Se #Eza 40.1 pou syèl la kontan! Se pou tè a fè fèt!
Se pou mòn yo rele tèlman yo kontan!
Paske Senyè a pral bay pèp li a kouray,
l'ap gen pitye pou pèp li a ki nan lapenn.
14Men, #Eza 40.27; 54.6 pèp lavil Jerizalèm lan t'ap di:
— Senyè a lage nou. Mèt la bliye nou.
15Senyè a #Sòm 27.10 reponn:
— Eske yon manman ka bliye pitit l'ap bay tete?
Eske li ka pa sansib pou pitit ki soti nan zantray li?
Menm si yon manman ta rive bliye pitit li,
mwen menm, mwen p'ap janm bliye nou!
16Non #Kan 8.6 nou tanpe nan plamen mwen.
Nou pa janm soti nan lespri mwen.
17Men moun yo ki pral rebati lavil la ap vini!
Moun yo ki t'ap kraze nou yo, ki t'ap piye nou yo, y'ap met deyò.
18Senyè a #Nonb 14.21; Eza 60.4; Jer 43.12 di: - Voye je nou toupatou, gade sa k'ap pase.
Tout moun nou yo ap rasanble, y'ap vin jwenn nou.
Mwen sèmante sou vi m':
Nou pral kontan wè yo lakay nou,
Se va tankou lamarye kontan lè bèl rad nòs li sou li.
Se Senyè a menm ki di sa.
19Peyi #Zak 10.10 nou an te fin kraze.
Peyi a te fin ravaje.
Men, kounyeya li pral twò piti pou kantite moun k'ap rete ladan l.
Paske moun ki t'ap fini ak peyi a,
yo pral voye yo jete byen lwen nou.
20Yon #Eza 54.1 lè, pitit nou te kwè ki te pèdi nèt yo,
n'a tande yo ap pale nan zòrèy nou, y'a di nou:
Peyi a twò piti pou nou. Ban nou kote pou nou rete.
21Lè sa a, n'a di nan kè nou!
— Kilès ki te fè tout pitit sa yo pou nou?
Nou te pèdi tout pitit nou yo. Nou pat kapab fè pitit ankò.
Yo te depòte nou, yo te vire do ban nou.
Ki moun ki te elve tout pitit sa yo pou nou?
Nou te pou kò nou. Kote yo sòti menm?
22Men #Eza 11.12; 14.2 sa Senyè a, Bondye a, di ankò:
M'ap fè nasyon yo siyon ak men m.
M'ap leve drapo m pou m avèti pèp yo.
Se yo menm ankò ki pral pran pitit gason nou yo sou do yo,
k'ap mete pitit fi nou yo sou zepòl yo pou mennen yo tounen lakay nou.
23Wa #Sòm 25.3; 72.9; Eza 60.3,14,16 yo pral tankou papa pou nou.
Pitit fi wa yo pral sèvi nou nouris.
Y'ap ajenou devan nou, y'ap bese tèt yo jouk atè,
Y'a niche pousyè ki nan pye nou.
Lè sa a, n'a konnen se mwen menm ki Senyè a.
Moun ki mete tout espwa yo nan mwen p'ap janm wont.
24Eske #Mak 3.27 ou ka wete nan men yon vanyan gason bagay li pran nan lagè?
Eske ou ka lage prizonye ki anba men gwo chèf?
25Men sa Senyè a reponn: Wi! Yo ka wete nan men yon vanyan sòlda sa li pran nan lagè.
Yo ka lage prizonye ki anba men yon gwo chèf.
M'ap goumen pou nou ak tout moun k'ap fè nou lagè.
M'a delivre pitit nou yo.
26Moun #Rev 16.6 k'ap fè nou pase tray yo, m'ap fè yo yonn manje lòt.
Y'ap bwè pwòp san yo jouk y'a sou tankou moun ki bwè diven.
Lè sa a, tout moun va konnen se mwen menm, Senyè a, k'ap sove nou.
Se mwen menm, Bondye fanmi Jakòb la, Bondye ki gen pouvwa a, k'ap delivre nou.

Chwazi Kounye ya:

Ezayi 49: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an