Jou sa a, Senyè a va fè tout plant nan peyi a boujonnen ankò. Y'a grandi byen bèl, byen gwo. Tout moun nan pèp Izrayèl la ki pat mouri va kontan bèl rekòt tè a va bay. Sa va fè yo leve tèt yo. Lè sa a, moun ki rete nan sa ki te sou mòn Siyon an, moun ki va chape anba lanmò pami sa ki te lavil Jerizalèm lan, y'a rele yo: moun Bondye mete apa pou li. Bondye va kite yo viv lavil Jerizalèm. Lè Bondye va lave malpwòpte medam yo t'ap fè nan lavil la, lè l'a lave tout san ki te koule nan lavil Jerizalèm, Bondye pral rann jijman, li pral pini lavil la. Lajounen, Senyè a va voye yon nyaj vin poze sou tout mòn Siyon an ak sou tout moun ki rasanble la yo. Lannwit se va lafimen ak gwo flanm dife l'a voye. Pouvwa Bondye a pral kouvri yo. L'ap pwoteje tout lavil la. Lajounen, l'ap kouvri lavil la pou chalè solèy pa bat li. L'ap pwoteje l pou loray ak lapli pa fè l anyen.
Li Ezayi 4
Koute Ezayi 4
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Ezayi 4:2-6
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo