Ezayi 27

27
1Jou sa a, Senyè a, ak gwo nepe #Sòm 74.13,14; Eza 51.9; Eze 29.3 file li, nepe solid li a, l'ap touye Levyatan an, gwo koulèv rize a, koulèv kòken an, dragon k'ap viv nan lanmè a.
Bondye mete Izrayèl kanpe ankò
2Jou #Eza 5.7 sa a, y'a di: Ann chante chanson ''Bèl Jaden Rezen'' an:
3Mwen menm, Senyè a, Mwen, gadò jaden an,
Mwen p'ap janm manke wouze l'.
Lajounen kou lannwit, mwen la,
M'la pou lènmi pa atake li.
4Kòlè #2 Sam 23.6,7; Eza 10.17 mwen fini pou yo.
Men si gen pikan ak vye raje, Mwen p'ap ba yo katye.
M'ap annik rache boule,
5Sof sa ki pran m'pou pwoteksyon, Sof sa yo ki fè lapè ak mwen, Wi, si yo fè lapè avèk mwen. 6Nan #Eza 37.31; Oze 14.5,6 jou k'ap vini yo, fanmi Jakòb la pral pouse rasin ankò, pèp Izrayèl la pral boujonnen, li pral fè flè. Li pral kouvri latè ak donn l'ap bay. 7Eske Senyè a #Eza 37.18,36-38; Oze 6.1,2 te pini yo tankou li te pini moun ki t'ap pini yo a? Eske li te touye moun li yo menm jan li te touye moun ki t'ap touye yo a? 8Pou l #Jer 18.17 te pini pèp la, li mete yo deyò nan peyi a, li fè depòte yo, li voye yon move van sòti nan lès pote yo ale. 9Men, #Det 16.21; 2 Wa 18.4 pou l padonnen peche pèp Izrayèl la, se pou tout wòch lotèl zidòl yo tounen pousyè lacho, se pou yo kraze tout estati zidòl yo ansanm ak lotèl kote yo boule lansan pou yo. Se konsa li p'ap fè yo peye pou sa yo fè a.
10Lavil #Eza 17.2,9 ki te gen gwo ranpa ap fin kraze. Pa gen moun ki rete la ankò. Lavil la tounen yon savann. Se la jenn bèf vin rete, se la yo manje, se la yo kouche. Y'ap manje dènye ti pous raje. 11Branch #Det 32.28 bwa yo cheche, yo kase. Medam yo ranmase yo pou fè dife. Paske pèp la pat konprann anyen, Bondye ki te kreye l la p'ap gen pitye pou li. Bondye ki te fè l la p'ap fè l gras. 12Jou #Jen 15.18 sa a, tankou lè y'ap bat pwa sou glasi, se Senyè a menm ki pral jije tout moun nan peyi a, depi bò larivyè Lefrat la jouk ravin ki sou fontyè ak peyi Lejip la. Apre sa, nou menm pitit Izrayèl yo, l'ap ranmase nou grenn pa grenn, tankou lè y'ap ranmase grenn pwa sou glasi.
13Wi, #Lev 25.9; Eza 2.2; 11.11; Mat 24.31; Rev 11.15 jou sa a, y'a kònen gwo twonpèt la. Tout moun ki t'ap deperi nan peyi Lasiri, tout moun yo te depòte nan peyi Lejip yo pral tounen lakay yo. Y'ap vin adore Senyè a sou mòn ki apa pou li a, nan lavil Jerizalèm.

Chwazi Kounye ya:

Ezayi 27: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte