Ezayi 26

26
Bondye fè pèp li a genyen batay la
1Jou sa a, pèp la va chante kantik #Eza 60.18 sa a nan peyi Jida:
— Kounyeya, nou gen yon lavil ki byen pwoteje!
Bondye bati gwo miray ak ranpa pou l delivre nou.
2Louvri #Sòm 118.19 pòtay lavil yo!
Kite nasyon ki toujou kenbe pawòl li ak Bondye a,
nasyon ki fè sa ki dwat devan Bondye a antre.
3Ou menm, Bondye, w'ap ba yo kè poze!
Moun ki toujou kenbe pwomès yo,
wi, w'ap ba yo kè poze,
paske yo mete konfyans yo nan ou!
4Mete konfyans nou nan Bondye pou tout tan
paske Senyè a ap toujou la pou pwoteje nou.
5Li #Eza 25.12 fè moun ki te gen gwo lide nan kè yo bese tèt yo byen ba.
L'a kraze gwo lavil yo te bati pou pwoteje yo a,
li demoli l nèt ratè.
6Pòv yo ak malere yo ap foule l anba pye yo!
Ann chante jistis Bondye
7Senyè, ou fè chemen an dous pou moun k'ap mache dwat,
ou louvri yon bèl chemen plat pou yo.
8Nou #Egz 3.15 vle fè volonte ou, nou konte sou ou.
Se ou menm nou anvi wè!
Se ou menm n'ap chonje tout tan!
9Lannwit, #2 Kwo 33.11,12; Sòm 63.6; Kan 3.1 se ou menm m'ap chonje.
Lide mwen ap travay sou ou.
Paske lè w'ap jije sa k'ap pase sou latè
moun ki sou latè resi konnen sa ki rele jistis.
10Si #Sòm 73.3-11 yo fè mechan yo gras
se pa sa k'ap fè yo konnen sa ki rele jistis.
Menm nan peyi kote moun ap mache dwat, y'ap fè sa ki mal.
Yo derefize rekonèt pouvwa Bondye!
11Senyè, #Sòm 21.9; Eza 5.12; Mi 5.9 ou leve men ou pou pini lènmi ou yo, yo pa wè sa.
Fè yo wè jan ou renmen pèp ou a, epi y'a wont.
Fè dife ou pare pou lènmi ou yo devore yo.
12Senyè, ou fè nou viv ak kè poze.
Paske tou sa nou rive fè,
se ou ki fè l pou nou!
13Senyè, #2 Wa 18.4-6; Eza 2.8 Bondye nou an, gen lòt chèf ki t'ap dirije nou.
Men, se ou menm sèl ki mèt nou, se ou menm sèl n'ap sèvi!
14Sa ki mouri yo mouri nèt, lespri yo p'ap leve ankò.
Paske, ou pini yo, ou disparèt yo.
Ou fè pa gen moun k'ap chonje yo ankò.
15Senyè, #Eza 9.3; 54.2,3 ou fè nasyon nou an vin pi plis.
Ou fè l vin pi plis, ou laji fontyè peyi a.
Sa fè moun wè jan ou gen pouvwa.
16 # 26.16: Vèsè sa a pa klè menm nan tèks ebre a. Senyè, #Oze 5.15 lè pèp la te nan tray, se ou menm yo te vin jwenn.
Lè ou t'ap pini yo, yo te gen kè sere, se nan pye ou yo t'ap lapriyè.
17Senyè, #Eza 13.8 nou t'ap rele nan pye ou, tankou yon fanm ansent ki prèt pou akouche,
k'ap tòde, k'ap rele lè tranche a pran l.
18Li nan lapenn, l'ap tòde anba doulè.
Men, lè pou l akouche, li pa fè anyen.
Konsa tou, nou te nan lapenn, men, peyi a pa rive sove.
Moun ki pou rete nan peyi a pa rive fèt.
19Se #Eze 37.12; Da 12.2; Oze 13.14 pou mò ou yo reviv!
Se pou kadav yo resisite!
Reveye nou non epi fè kè nou kontan,
nou menm ki tounen pousyè deja!
Menm jan lawouze rafrechi latè,
se konsa Senyè a pral fè mò li yo reviv ankò.
Bondye pral pini tout krim
20Ale #Eza 10.25 non, pèp mwen an! Antre lakay nou! Fèmen tout pòt dèyè nou! Kache kò nou pou yon ti tan jouk lè kòlè Bondye a fin pase. 21Senyè a #Mi 1.3 ap met deyò, li pral pini mezi moun sou latè ki fè krim. Yo pral devwale tout krim yo te fè an kachèt. Yo pral dekouvri kadav tout moun yo te touye.

Chwazi Kounye ya:

Ezayi 26: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte