Ezayi 1:21-31

Ezayi 1:21-31 HAT98

Yon lè, lavil Jerizalèm te renmen m ak tout kè li. Kounyeya, li tounen yon jennès! Yon lè, se moun ki mache dwat ase ki te rete ladan l, yo pat fè lenjistis. Kounyeya se renk ansasen! Lajan nou pa vo anyen ankò. Kafe nou koule dlo klè! Chèf nou yo leve vire do bay Bondye. Yo fè bann ak vòlò! Tout moun cho dèyè avantaj pa yo. Y'ap kouri dèyè moun k'ap bay lajan anba. Yo pa defann kòz ti òfelen san papa yo. Lè yon vèv ale lajistis, yo fè lasoudorèy pou pa tande kòz li. Se poutèt sa, koulyeya, koute sa Senyè Bondye ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, Bondye ki gen fòs kouraj la ap di: - M'ap konbat advèsè mwen yo. M'ap tire revanj sou lènmi mwen yo. M'ap lonje men ban nou ankò. M'ap pase nou nan dife tankou y'ap netwaye lò. M'ap retire tout sa ki pa bon nan nou. Mwen pral ban nou chèf ak majistra tankou sa nou te konn genyen tan lontan yo. Lè sa a, y'a rele lavil Jerizalèm: Vil lajistis, vil ki kenbe fèm nan Senyè a. Senyè a ap fè sa ki gen pou fèt. L'a sove lavil Jerizalèm. Senyè a ap rann jistis, l'a delivre moun Siyon ki va tounen vin jwenn li yo. Men, l'ap kraze sa k'ap fè sa ki mal yo ansanm ak sa k'ap viv nan peche yo. L'ap touye tou sa ki vire do bay Senyè a. N'a wont akòz gwo pye bwadchenn repozwa nou te konn sèvi yo, akòz bèl jaden nou te plante pou zidòl yo. N'ap tankou yon pye bwadchenn k'ap deperi, tankou yon jaden ki pa jwenn dlo. Menm jan yon ti tensèl mete dife nan yon pil fachin bwa chèch, se konsa sa grannèg yo ap fè a ap tounen yon tizon dife nan dèyè yo. Pèsonn p'ap ka fè anyen pou sove yo.