Ezayi 1

1
1Men vizyon sou peyi Jida ak lavil Jerizalèm #2 Wa 15.32—16.20; 18.1—20.21; 2 Kwo 26.1—32.33; Eza 7.1-12; 36.1—39.8 Bondye te fè Ezayi, pitit amòt, wè sou reny wa Ozyas, Jotam, Akaz epi Ezekyas nan peyi Jida a.
Bondye bay Izrayèl avètisman
2Senyè a #Det 4.26; 32.1,15 di konsa:
— Ou menm syèl la, koute!
Ou menm latè, pare zòrèy ou!
Paske mwen menm, Senyè a, mwen pral pale!
Pitit mwen te okipe yo, pitit mwen te elve yo,
men yo vire do ban mwen.
3Bèf ki bèf konnen mèt li.
Bourik ki bourik konnen kote mèt li konn lonje li.
Men pèp Izrayèl pa konnen mwen.
Pèp mwen an pa pyès diferans.
4Malè #Eza 5.24; Eze 14.5 pou peyi nou an kote tout moun ap viv nan peche!
Malè pou pèp ki plen krim sou konsyans li!
Malè pou ras sa a k'ap fè sa ki mal!
Malè pou bann moun sa yo ki fin pèvèti!
Yo lage pye Bondye, Senyè a!
Yo pa okipe Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa.
Yo vire do ba li.
5Poukisa #Jer 2.30; 5.3 n'ap plede fè tèt di konsa?
Pa gen kote ankò pou nou pran kou.
Tèt la malad,
tout rès kò a ap soufri.
6Soti nan kwenn tèt rive nan plapye,
tout kò nou malad:
Se blese, se foulay, se san k'ap koule.
Yo pa netwaye yo. Yo pa mete anyen sou yo. Yo pa panse yo pou kalme doulè yo.
7Peyi #Det 28.51; Eza 6.11,12 nou an fini.
Dife fin boule tout vil nou yo rapyetè.
Moun lòt nasyon yo piye tout jaden nou yo, epi la devan je nou.
Yo fini ak tout bagay nèt nan peyi a.
Yo sèl lafliksyon tonbe sou nou,
tankou lè lènmi pase nan peyi a.
8Lavil #Jòb 27.18 Jerizalèm rete pou kont li sou do mòn Siyon an,
tankou yon ti joupa,
tankou yon ti tonnèl nan mitan jaden.
Lènmi sènen l toupatou.
9Si #Jen 19.24; Wòm 9.29 Senyè ki gen tout pouvwa a pa te kite kèk nan nou chape,
lavil la ta disparèt nèt
Nou ta tankou Sodòm ak Gomò.
Sèvis Bondye pa mache ak lenjistis
10Lavil Jerizalèm sa a!
Chèf li yo tankou chèf lavil Sodòm.
Moun li yo tankou moun lavil Gomò.
Nou tout ki la a, koute sa Senyè a ap di chèf lavil yo.
Pare zòrèy nou pou nou tande lòd Bondye nou an ap bay moun Jerizalèm yo.
11Li #Pwo 15.8; Jer 6.20 di yo: Sa pou m fè ak pakèt bèt n'ap plede ofri pou touye pou mwen yo?
Mwen bouke ak belye mouton n'ap boule sou lotèl la,
ak grès towo n'ap ofri ban mwen yo.
Kanta pou san bèf, san mouton ak san kabrit yo menm, mwen pa bezwen sa.
12Lè n'ap vin fè sèvis pou mwen,
ki moun ki mande nou pou nou fè tout ale vini sa yo nan lakou Tanp mwen an?
13Nou #Lev 23.36; Nonb 28.9,11; Jowèl 2.15 mèt sispann fè bann ofrann sa yo ki p'ap sèvi nou anyen.
Mwen pa ka sipòte lafimen lansan n'ap ofri m lan.
Mwen pa vle wè fèt lalin nouvèl nou yo,
jou repo nou yo ak tout lòt reyinyon n'ap fè yo.
M pa ka sipòte fèt moun k'ap fè mechanste yo ap fè pou mwen.
14Mwen rayi fèt lalin nouvèl nou yo
ak tout bèl seremoni n'ap plede fè yo.
Se yon chay yo tounen pou mwen.
Mwen pa ka sipòte yo ankò.
15#1 Wa 8.22; Mi 3.4 n'ap leve bra anlè pou lapriyè nan pye mwen,
m'ap bouche je mwen pou mwen pa wè nou.
Nou mèt lapriyè sou lapriyè,
mwen p'ap tande nou kras.
Paske tout men nou se san.
16Manyè #Sòm 34.14; Jer 4.14; 22.3 netwaye lavi nou non! Mete nou nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen non!
Sispann tout lenjistis mwen wè n'ap fè yo! Wi, sispann fè sa ki mal!
17Manyè aprann fè sa ki byen! Chache fè sa ki dwat devan mwen! Pran defans moun y'ap kraze yo! Defann kòz ti òfelen san papa yo ak fanm ki pèdi mari yo.
18Senyè a #Sòm 51.7; Eza 43.26 di konsa:
— Nou mèt vini atò! Vini non! Ann regle koze a! Menm si peche nou ta wouj kou san, m'ap lave, m'ap fè nou vin blan kou koton. Si li ta wouj nètale, n'ap vin blan kou lablanchè. 19Si nou dakò pou nou fè sa mwen di nou fè, n'a manje bèl rekòt peyi a va bay. 20Men, #Eza 40.5; Mi 4.4 si nou derefize koute m, si nou rete ap fè tèt di toujou, nou tout gen pou n mouri nan lagè. Se mwen menm, Senyè a, ki di sa ak bouch mwen.
Bondye ap plenn sò lavil Jerizalèm
21Yon #Jer 2.20; 31.23 lè, lavil Jerizalèm te renmen m ak tout kè li. Kounyeya, li tounen yon jennès! Yon lè, se moun ki mache dwat ase ki te rete ladan l, yo pat fè lenjistis. Kounyeya se renk ansasen! 22Lajan nou pa vo anyen ankò. Kafe nou koule dlo klè! 23Chèf #Jer 5.28; Mi 7.3; Zak 7.10 nou yo leve vire do bay Bondye. Yo fè bann ak vòlò! Tout moun cho dèyè avantaj pa yo. Y'ap kouri dèyè moun k'ap bay lajan anba. Yo pa defann kòz ti òfelen san papa yo. Lè yon vèv ale lajistis, yo fè lasoudorèy pou pa tande kòz li.
24Se #Jen 49.24 poutèt sa, koulyeya, koute sa Senyè Bondye ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, Bondye ki gen fòs kouraj la ap di: - M'ap konbat advèsè mwen yo. M'ap tire revanj sou lènmi mwen yo. 25M'ap #Eze 22.20 lonje men ban nou ankò. M'ap pase nou nan dife tankou y'ap netwaye lò. M'ap retire tout sa ki pa bon nan nou. 26Mwen #Zak 8.3 pral ban nou chèf ak majistra tankou sa nou te konn genyen tan lontan yo. Lè sa a, y'a rele lavil Jerizalèm: Vil lajistis, vil ki kenbe fèm nan Senyè a.
27Senyè a ap fè sa ki gen pou fèt.
L'a sove lavil Jerizalèm.
Senyè a ap rann jistis,
l'a delivre moun Siyon ki va tounen vin jwenn li yo.
28Men, l'ap kraze sa k'ap fè sa ki mal yo
ansanm ak sa k'ap viv nan peche yo.
L'ap touye tou sa ki vire do bay Senyè a.
29N'a #Eza 57.5; 65.3; Oze 4.13,19 wont akòz gwo pye bwadchenn repozwa nou te konn sèvi yo, akòz bèl jaden nou te plante pou zidòl yo. #1.29: jaden nou te plante pou zidòl yo: Nan tan sa a, moun yo te kwè depi yo plante jaden espesyal pou zidòl yo nan lakou bò tanp yo, zidòl yo t'ap beni jaden pa yo tou. 30N'ap #Jer 17.7,8 tankou yon pye bwadchenn k'ap deperi, tankou yon jaden ki pa jwenn dlo. 31Menm jan yon ti tensèl mete dife nan yon pil fachin bwa chèch, se konsa sa grannèg yo ap fè a ap tounen yon tizon dife nan dèyè yo. Pèsonn p'ap ka fè anyen pou sove yo.

Chwazi Kounye ya:

Ezayi 1: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte