Ebre 9

9
Sèvis pou Bondye nan syèl la ak sou latè
1Premye kontra a te gen regleman pa li sou jan yo dwe fè sèvis Bondye nan Tanp sou latè a. 2Premye #Egz 25.23,30,31 bagay yo fè, yo moute yon gwo tant: se te kote yo te mete apa pou sèvis Bondye a. Se la yo te mete gwo lanp sèt branch lan, tab la ansanm ak pen yo ofri bay Bondye yo. 3Dèyè #Egz 26.33 dezyèm rido a, te gen yon lòt ti tant pi piti. Se te kote yo te mete apa nèt pou Bondye menm lan. 4Se #Egz 16.33; 25.16,21; Nonb 17.8-10 la lotèl an lò a te ye ansanm ak Bwat kote yo te sere kontra a. Se sou lotèl la yo te konn boule lansan. Bwat la menm te kouvri nèt ak lò. Anndan l yo te mete yon ti ja an lò tou ki te gen lamàn dezè a. Bò kote ti ja a, yo te mete baton Arawon an ki te fleri, ansanm ak de moso wòch plat kote yo te ekri pawòl kontra a. 5Anwo #Egz 25.18; 26.34 bwat la, yo te mete estati de zanj yo te rele cheriben. Se te pou fè moun konnen Bondye la. Zèl zanj yo te louvri, yo te kouvri tout kote yo ofri bèt pou touye pou peche yo. Men, nou pa gentan kounyeya pou n pale an detay sou bagay sa yo.
6#Nonb 18.3,4 tout bagay fin nan plas yo konsa, prèt yo gen pou yo antre chak jou nan premye tant lan pou fè sèvis. 7Men, #Egz 30.10; Lev 16.2,14,15 se granprèt la ase ki gendwa antre nan dezyèm ti tant lan. Li fè l yon sèl fwa chak lanne. Lè sa a, li pote san bèt yo te ofri bay Bondye a pou tèt pa l ansanm ak pou peche pèp la fè san yo pat konnen. 8Avèk #Eb 10.19 tout aranjman sa yo, Sentespri fè nou wè chemen ki pou mennen nou kote Bondye ye a poko louvri toutotan premye tant la kanpe toujou. 9Sa #Eb 10.1,2 se yon siy pou te fè nou konprann davans sa k'ap pase kounyeya. Sa vle di: pou moun k'ap fè sèvis sa yo, nanpwen kado yo ka fè Bondye, nanpwen ofrann bèt yo ka touye bay Bondye ki pou ave konsyans yo devan Bondye. 10Nan #Lev 11.2; 15.18; Nonb 19.13 tout bagay sa yo, se yon kèsyon de sa ki bon pou manje, de sa ki bon pou bwè, de tout kalite seremoni pou yo fè pou lave deyò kò moun. Prensip sa yo vo kichòy jouk lè Bondye vin chanje tout bagay.
11Men, #Eb 6.20; 10.1 Kris la vini deja tankou granprèt k'ap bay benediksyon ki gen pou vini yo. Tant kote l'ap fè sèvis li a pi gwo, pi bon lontan. Se pa moun ki te bati li. Tant sa a pa fè pati bagay ki sou latè. 12Kris la pase nan tant lan, li antre kote yo mete apa pou Bondye a, li ofri san an yon sèl fwa devan Bondye epi li fini. Lè sa a, se pat san bouk kabrit ni san ti towo bèf li te ofri. Se san pa l menm li te ofri. Se sa k fè li antre yon sèl fwa a devan Bondye, li tou peye pou l te ka delivre nou pou tout tan. 13Si #Lev 16.3,14,15; Nonb 19.9,17 yo ka pran san bouk kabrit ak san towo bèf ansanm ak san vyann ti gazèl bèf yo boule sou lotèl la pou voye sou moun ki mete tèt yo nan kondisyon yo pa ka sèvi Bondye dapre lalwa, pou mete yo nan kondisyon pou yo fè sèvis Bondye, 14nou #1 Pyè 1.18,19; 1 Jan 1.7; Rev 1.5; 1 Kor 15.45; Eb 6.1 pa bezwen mande kisa san Kris la p'ap fè. Avèk pouvwa Sentespri ki la tout tan an, li menm li ofri tèt li bay Bondye tankou yon ofrann bèt ki bon nèt, san okenn defo. Se konsa, san l ap lave konsyans nou, l'ap delivre nou anba esklavaj lalwa k'ap touye nou an pou nou ka sèvi Bondye vivan an.
15Se #Eb 12.24; 1 Tim 2.5 poutèt sa, Kris la se yon avoka ki tabli yon nouvo kontra ant Bondye ak lèzòm. Konsa, moun Bondye rele yo, yo ka resevwa eritaj ki la pou tout tan an, jan Bondye te pwomèt la. Tou sa, paske Kris la mouri. Avèk mouri li mouri a, li delivre tout moun anba chenn peche yo te fè sou premye kontra a.
16Lè gen yon kontra osinon yon testaman, se pou yo bay prèv moun ki te fè l la mouri byen mouri. 17Paske, yon testaman pa vo anyen toutotan moun ki fè l la vivan toujou. Lè moun ki fè l la mouri, se lè sa a testaman an bon. 18Se poutèt sa, menm pou premye kontra a se apre yo te fin fè san bèt yo te ofri yo koule li te bon. 19Premye #Egz 24.3; Lev 14.4; Nonb 19.6 bagay Moyiz te fè, li te li tout kòmandman yo bay pèp la, jan sa ye nan lalwa a. Apre sa, li pran san ti towo bèf yo ak san bouk kabrit yo, li mele l ak dlo, li pran yon branch izòp ak yon moso lenn wouj, li wouze Liv lalwa a ansanm ak tout pèp la avèk melanj la. 20#Egz 24.6-8; Mat 26.28 sa a, li di: Sa se san ki sèvi pou siyen kontra Bondye mande pou nou kenbe a. 21Moyiz #Lev 8.15,19 voye san an sou tout tant lan, sou tout bagay ki sèvi nan tant lan. 22Dapre #Lev 17.11; Ef 1.7 lalwa, san an mete prèske tout bagay nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Si san pa koule, nanpwen padon pou peche yo.
Ofrann Kris la wete peche
23Tout #Eb 8.5 bagay sa yo se kopye Moyiz te kopye yo sou bagay tout bon ki nan syèl la. Si se pou yo te mete tout bagay sa yo ki yon senp pòtre bagay tout bon yo nan kondisyon pou fè sèvis Bondye konsa, bagay ki nan syèl la menm mande yon pi gwo kalite ofrann bèt toujou. 24Kris #Eb 11.12; 1 Jan 2.1 la pat antre nan yon kay moun te bati pou Bondye sou modèl kay Bondye a. Li antre nan syèl la menm, kote li kanpe kounyeya devan Bondye pou nou. 25Granprèt jwif yo antre chak lanne nan kote ki apa pou Bondye menm lan avèk san bèt yo touye bay Bondye. Men, Kris la menm pa antre plizyè fwa pou ofri tèt li. 26Si #1 Kor 10.11; Gal 4.4 se pat sa, li ta blije soufri plizyè fwa tou depi lè Bondye te kreye tout bagay. Men, kounyeya, lè tout bagay prèt pou fini, li parèt yon sèl fwa, li bay tèt li tankou bèt yo ofri pou wete tout peche, epi li fini. 27Tout #Jen 3.19 moun gen pou mouri yon sèl fwa, apre sa, Bondye gen pou jije yo. 28Konsa #Eza 53.12; Fil 3.20; Eb 10.10; 12.14; 2 Tim 4.8; 1 Pyè 2.24 tou, Kris la ofri tèt li pou li mouri yon sèl fwa pou wete peche anpil moun. Li gen pou l tounen yon dezyèm fwa. Men, lè sa a, se p'ap pou wete peche nou, se va pou delivre tout moun k'ap tann li yo.

Chwazi Kounye ya:

Ebre 9: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an