Ebre 10

10
1Lalwa Moyiz la pat menm yon bon pòtre #Eb 8.5; 7.19 bagay ki la tout bon yo. Se yon senp lonbray benediksyon ki gen pou vini yo li ye. Moun ki pwoche bò kote Bondye avèk menm kalite ofrann bèt y'ap plede ofri chak lanne san rete a, moun sa yo, lalwa pa ka fè yo vin bon nèt. 2Si moun ki fè sèvis sa yo pou Bondye te lave tout bon anba peche yo, yo pa ta santi yo koupab okenn peche ankò. Yo ta sispann fè ofrann bèt pou touye. 3Men, #Lev 16.21 okontrè, chak lanne bèt yo touye yo fè moun yo chonje jan yo peche. 4Tou sa, paske san bouk ak san jenn towo bèf p'ap janm ka wete peche moun.
5Se #Sòm 40.6-8 poutèt sa, lè Kris la ta pral vin sou latè, li di Bondye:
Ou pa bezwen yo fè okenn ofrann bèt pou yo touye pou ou, ni pou yo fè ou kado anyen.
Men, ou ban m yon kò.
6Se pa ofrann vyann bèt yo boule sou lotèl la k'ap fè ou plezi.
Ni se pa ofrann bèt yo touyepou wete peche yo k'ap fè ou plezi.
7Lè sa a, mwen di: Men mwen, Bondye.
Mwen vin pou fè volonte ou,
jan sa ekri sou mwen nan liv lalwa a.
8Premye bagay li di se: Ou pa bezwen yo fè okenn ofrann bèt pou yo touye pou ou, ni pou yo fè ou kado anyen, ni ofrann vyann bèt yo boule sou lotèl la, ni ofrann bèt yo touye pou wete peche yo: bagay sa yo pa fè ou plezi. Men, tout ofrann bèt sa yo, se yo lalwa Moyiz la mande. 9Apre sa, li di: Men mwen, Bondye. Mwen vin pou fè volonte ou. Konsa, Bondye aboli tout ansyen ofrann bèt yo, li ranplase yo ak ofrann Kris la menm. 10Kifè #Eb 9.12,28 nou netwaye anba peche nou yo, se paske Jezikri te fè tou sa Bondye te vle, li ofri kò pa li bay Bondye yon sèl fwa, epi l fini.
11Pou #Egz 29.38 prèt jwif yo, se chak jou pou yo kanpe ap fè sèvis yo. Y'ap plede ofri menm sakrifis yo plizyè fwa. Men, sakrifis sa yo p'ap janm ka wete peche. 12Men, Kris la pou tèt pa l fè yon sèl ofrann san pou tout peche yo, yon ofrann san ki bon pou tout tan. Apre sa, li chita sou bò dwat Bondye. 13Kounyeya, se #Sòm 110.1 la l'ap tann Bondye mete tout lènmi l yo tankou yon ti ban pou lonje pye li. 14Konsa, avèk sèl ofrann li fè a, li fè moun li netwaye anba peche yo bon nèt pou tout tan.
15Se sa Sentespri di nou tou. Paske, lè li fin di:
16Men #Eb 8.10; Jer 31.33 kontra mwen pral fè ak yo apre jou sa yo.
(Se Bondye menm ki di sa.)
M'a mete lwa m yo nan kè yo,
m'a make lwa m yo nan lespri yo.
17Apre #Eb 8.12; Jer 31.34 sa, li di:
Mwen p'ap janm chonje ni peche yo, ni sa yo fè ki mal.
18Konsa, lè Bondye fin padonnen peche yo, pa gen nesesite pou yo fè ofrann ankò pou wete peche.
Ann pwoche bò kote Bondye
19Konsa, #Mat 27.51 frè m yo, gremesi san Kris la ki koule lè li mouri pou nou an, nou gen antre lib kote yo mete apa pou Bondye a. 20Kris #Eb 9.8 la louvri yon chemen nèf pou nou, yon chemen k'ap ban nou lavi, yon chemen ki pase nan mitan vwal la, sa vle di: nan kò l menm. 21Nou #Zak 6.11; Nonb 12.7 gen yon granprèt ki reskonsab tout kay Bondye a. 22Ann #Eze 36.25; Ef 5.26 pwoche bò kote Bondye ak tout kè nou, ak yon konfyans byen chita, san nou pa gen anyen nan kè nou ki pou boulvèse konsyans nou, kò nou menm byen netwaye nan yon dlo byen pwòp. 23Ann #Eb 4.14 kenbe espwa nou genyen an byen fèm. Paske, nou mèt sèten, Bondye ap kenbe pwomès li. 24Se #Eb 13.1 pou nou yonn veye sou lòt pou yonn ka ede lòt gen renmen nan kè yo, pou yonn ka ankouraje lòt nan sa ki byen. 25Pa #Eb 3.13 pran egzanp sou moun ki pran abitid pa vin nan reyinyon nou yo. Okontrè, se pou yonn ankouraje lòt fè sa, kounyeya pi plis pase anvan, paske nou wè jou Senyè a ap pwoche.
26Si, #Eb 6.4-8; 1 Tim 2.4 apre nou fin konn verite a, nou pran pwòp desizyon nou ap kontinye fè sa ki mal, enben, pa gen sakrifis ki ka efase peche sa yo. 27Nou #Eza 26.11 mèt pè kont kò nou. Yon sèl bagay ki rete pou nou fè, se rete tann jijman an ansanm ak gwo dife ki gen pou vin detwi tout lènmi Bondye yo. 28#Nonb 15.30; 35.30; Det 17.6 yon moun te dezobeyi lalwa Moyiz la, depi te gen de osinon twa moun ki vin depoze kont li, se touye pou yo te touye l san pitye. 29Nou #Egz 24.8; Eb 2.3 pa bezwen mande kisa ki va rive yon moun k'ap meprize Pitit Bondye a, yon moun ki pran san Pitit Bondye a pou anyen, san ki sèvi pou siyen kontra Bondye a, san ki mete nou nan kondisyon pou fè sèvis Bondye a, san ki mete nou apa pou Bondye a. Wi, nou pa bezwen mande kisa ki va rive yon moun k'ap joure Lespri Bondye ki ban nou favè li a. Nou tou konnen li merite yon pi gwo chatiman. 30Nou #Det 32.35,36; Sòm 135.14; Wòm 12.19 menm, nou konnen moun ki te di: Se mwen menm sèl ki gendwa tire revanj, se mwen menm sèl ki va bay moun sa yo merite. Se li menm tou ki te di: Bondye gen pou l jije pèp li a. 31Aaa! #Eb 12.29 Se yon bagay terib wi, pou yon moun tonbe anba men Bondye vivan an!
32Chonje #Eb 6.4 sa ki te rive nou nan tan lontan. Lè sa a, nou te fenk fin resevwa limyè Bondye a, nou te soufri anpil. Men, nou te kenbe fèm nan batay la. 33Yon #1 Kor 4.9 lè, se nou menm yo t'ap joure, yo t'ap maltrete devan tout moun. Yon lòt lè, se nou menm, pou tèt pa nou, ki te al pran pou moun yo t'ap joure yo, pou moun yo t'ap maltrete yo. 34Nou #Mat 6.20; 19.21,29 te soufri ansanm ak tout moun ki te nan prizon. Menm lè yo te sezi tout byen nou yo, nou te kontan asepte pèdi yo, paske nou te konnen nou gen yon richès ki pi bon, k'ap la pou tout tan. 35Pa #Eb 11.6 pèdi lasirans nou te genyen an. Paske, gen yon gwo rekonpans ladan li. 36Men, #Eb 6.12; Lik 21.19 nou bezwen pasyans pou nou ka fè sa Bondye vle, pou nou ka resevwa sa l te pwomèt la. 37Paske, #Eza 26.20; Aba 2.3; Lik 21.28; Jak 5.8 men sa ki ekri nan Liv la:
Nan yon ti tan ankò, sa p'ap pran lontan,
Moun ki gen pou vini an ap vini,
Li p'ap pran reta.
38Moun #Wòm 1.17; Gal 3.11 mwen fè gras la ap viv, paske li gen konfyans nan mwen.
Men, si l vire do l tounen fè bak, li p'ap fè kè m kontan.
39Nou menm, nou p'ap fè tankou moun sa yo k'ap tounen dèyè, k'ap pèdi tèt yo. N'ap fè tankou moun ki kenbe fèm nan Bondye, moun k'ap delivre nanm yo.

Chwazi Kounye ya:

Ebre 10: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an