Ezekyèl 39

39
Gòg pèdi batay la
1Senyè sèl Mèt la di ankò:
— Ras #Eze 38.2 Adan! Bay mesaj mwen ba ou sou Gòg la. Wi, di li men mesaj, mwen menm Senyè sèl Mèt la, mwen voye ba li: Ou menm Gòg, pi gwo chèf moun Mechèk ak moun Toubal yo, mwen pral leve dèyè ou tou. 2M'ap #Eze 38.4,6,15 fè ou pran yon lòt direksyon, m'ap fè ou sòti nan pwent nò a, m'ap mennen ou sou mòn Izrayèl yo. 3#Sòm 76.3 sa a, m'ap kraze bwa banza ki nan men gòch ou a. M'ap fè flèch yo sòti tonbe nan men dwat ou. 4Ou #Eze 32.4; 38.21 menm Gòg, ansanm ak tout lame ou la ak tout lòt pèp k'ap mache avè ou yo, nou pral mouri sou mòn peyi Izrayèl la. M'ap kite kadav nou sèvi manje pou malfini karanklou, pou tout kalite zwazo ak bèt nan bwa. 5Nou pral mouri nan plenn yo. Se mwen menm, Senyè sèl Mèt la, ki pale. 6M'ap #Eze 38.2; Am 1.4 voye yon sèl dife nan peyi Magòg ak nan tout peyi bò lanmè kote moun t'ap viv san bri san kont lan. Tout moun va konnen se mwen menm ki Senyè a. 7Mwen #Eze 20.39; 36.23 pral fè tout moun nan pèp Izrayèl la konnen mwen gen yon non apa. Mwen p'ap kite yo trennen non mwen nan labou ankò. Lè sa a nasyon yo va konnen mwen menm, Senyè a, ki Bondye pèp Izrayèl la, se yon Bondye apa mwen ye.
8Senyè #Eze 21.7 sèl Mèt la di ankò:
— Wè pa wè, jou mwen t'ap pale a gen pou rive. Sa se sèten. 9#Sòm 46.9 sa a, moun ki rete nan lavil peyi Izrayèl yo pral sòti, yo pral ranmase dènye zam moun yo te kite, y'ap boule yo. Y'ap limen gwo boukan ak plak pwotèj yo, gwo kou piti, ak banza ak tout flèch yo, ak frenn yo, ak baton yo. Boukan an ap pran setan pou l boule. 10Yo #Eza 33.1 p'ap bezwen al chache bwa nan jaden pou fè dife, ni yo p'ap bezwen al koupe pyebwa nan rak, paske yo pral gen tout zam sa yo pou yo boule fè dife. Yo pral piye moun ki t'ap piye yo. Yo pral devalize moun ki t'ap devalize yo. Se Senyè sèl Mèt la ki di sa.
Yo antere Gòg
11 # 39.11: Gen kat lòt mo ebre nan vèsè sa a, men sans yo pa fin klè. Senyè di ankò:
— Lè sa a, m'a bay Gòg yon kote nan peyi Izrayèl la pou yo antere l. Se va Fon Vwayajè yo, sou bò solèy leve lòt bò lanmè Mouri a. Se la yo pral antere Gòg ansanm ak tout lame li a. Y'a rele l Fon lame Gòg la. 12Moun #Det 21.23 Izrayèl yo pral pran sèt mwa pou yo antere tout kadav yo, anvan pou peyi a nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye ankò. 13Tout #Eze 28.22 moun nan peyi a pral mete men pou antere yo. Konsa tou, jou y'ap fè lwanj pou mwen an, y'a nonmen non yo tou. Se mwen menm, Senyè a, ki di sa. 14Apre sèt mwa sa yo, y'a chwazi gason pou vwayaje nan tout peyi a al chache kadav ki rete atè a pou yo antere yo. Se travay sa a ase y'a gen pou yo fè. Konsa, y'a mete peyi a nan kondisyon pou fè sèvis Bondye ankò. 15Nan vwayaj y'ap fè nan tout peyi a, chak fwa y'a jwenn yon zosman moun, y'a mete yon mak bò kote l pou kwòkmò yo ka vin pran l pou y'al antere l nan Fon lame Gòg la. 16Va gen yon lavil toupre, y'a rele l: Amona Fon lame a. Se konsa peyi a va nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen ankò.
17Senyè #Jer 12.9; Eze 39.4; Sof 1.7; Rev 19.17 sèl Mèt la di ankò:
— Ras Adan! Rele tout kalite zwazo ak tout kalite bèt nan bwa. Fè yo soti toupatou nan vwazinay la pou yo rasanble vin manje bèt mwen te pare pou m' touye pou yo a. Pral gen yon gwo fèt sou mòn Izrayèl yo kote yo pral manje vyann, kote yo pral bwè san. 18Y'a #Rev 19.18 manje vyann vanyan sòlda yo. Y'a bwè san chèf latè yo. Moun sa yo, yo tankou belye mouton, ti mouton, bouk kabrit ak chatre bèf byen gra moun peyi Bazan yo touye pral touye fè sakrifis pou mwen. 19Lè m'a fin touye tout moun sa yo tankou lè y'ap fè ofrann bèt pou mwen, zwazo yo ak bèt nan bwa yo va manje grès vyann mezi yo kapab. Y'a bwè san jouk yo sou. 20Sou tab mwen an, y'a manje chwal, kavalye, sòlda ak moun k'ap fè lagè mezi yo kapab. Se mwen menm, Senyè sèl Mèt la, ki di sa.
Izrayèl pral kanpe ankò
21Senyè a #Egz 7.4; Eze 36.23 di ankò:
— M'ap fè nasyon yo wè gwo pouvwa mwen. M'ap moutre yo jan mwen konn pini lè m'a pini yo, y'a santi fòs ponyèt mwen lè y'a tonbe anba men m. 22Depi lè sa a, jouk byen lontan apre sa, moun pèp Izrayèl yo va konnen se mwen menm Senyè a ki Bondye yo. 23Tout #Lev 26.25; Det 29.24-28; 31.17 lòt nasyon yo va konnen se paske moun pèp Izrayèl yo pat kenbe pawòl yo te gen avè m lan kifè yo te depòte yo. Se poutèt sa, mwen te vire do ba yo, mwen te lage yo nan men lènmi yo pou touye yo nan lagè. 24Mwen te ba yo sa yo te merite pou mechanste yo ak tout vye bagay derespektan yo te fè yo. Mwen vire do ba yo.
25Apre #Jer 30.3; Eze 20.9,40 sa, Senyè sèl Mèt la di ankò:
— Kounyeya, mwen pral gen pitye pou pitit pitit Jakòb yo, pou pèp Izrayèl la. M'ap mete yo kanpe ankò. M'ap defann repitasyon non mwen an ki yon non apa. 26#Eze 34.28 y'a vin rete ankò nan peyi yo a san okenn danje ni malè, san pèsonn pou fè yo pè, y'a bliye jan moun te konn fè yo wont, jan yo pat kenbe pawòl yo avè m pou y'al fè sa ki mal. 27M'ap #Eze 20.41; 28.25 fè pèp mwen an sòti nan mitan lòt nasyon yo pou yo tounen lakay yo. M'ap mache ranmase yo nan tout peyi kote lènmi yo ap viv. Lè m'a fè sa pou yo anpil nasyon va wè se yon Bondye apa mwen ye. 28Lè sa a, pèp mwen an va konnen se mwen menm, Senyè a, ki Bondye yo. Wi, mwen te fè depòte yo nan mitan lòt nasyon. Kounyeya, m'ap ranmase yo, m'ap mete yo ansanm ankò nan peyi pa yo a, san mwen pa kite yonn dèyè. 29Mwen #Eza 54.8; Jowèl 2.28 p'ap janm vire do ba yo ankò paske m'ap voye lespri m sou pèp Izrayèl la. Se Senyè sèl Mèt la ki di sa.

Chwazi Kounye ya:

Ezekyèl 39: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte