Ezekyèl 23

23
Jerizalèm ak Samari se de sè menmman parèyman
1Senyè a pale avè m ankò, li di m konsa:
2— Ras Adan! Vwala te gen de fi, pitit menm manman. 3Depi #Eze 16.15; 23.19 lè yo te jenn ti nègès y'al fè jennès nan peyi Lejip. Se la yo lage kò yo nan lavi gason. Se la yo kite gason woule tete yo pou premye fwa. 4Pi #Eze 16.8,46; 23.37 gran an te rele Ola, #23.4: Ola: Non sa a sòti nan yon mo ebre ki vle di kay yo mete apa pou li a. Oliba: Sòti nan yon mo ebre ki vle di kay yo mete apa pou mwen nan mitan yo a. pi piti a Oliba. Ola se peyi Samari, Oliba se peyi Jerizalèm. Mwen marye ak tou de, yo fè pitit gason ak pitit fi pou mwen. 5Men, #2 Wa 15.19; 17.3; Oze 2.5; 8.9 atout Ola te madanm mwen, li lage kò l nan dezòd. Li t'ap mouri pou moun peyi Lasiri, vwazen l yo. Li fè zafè ak yo. 6Mesye #Eze 38.15 sa yo te sòlda avèk bèl inifòm vyolèt, gwo zotobre, ak grannèg. Yo tout te bèl jenn gason, bon kavalye moute sou chwal yo. 7Li te kouche ak tout gwo chèf peyi Lasiri yo. Sitèlman li te cho dèyè mesye sa yo, l avili tèt li, li tonbe fè sèvis pou vye zidòl moun peyi Lasiri yo. 8Li pat sispann fè metye jennès li te aprann nan peyi Lejip la. Depi lè li te jenn ti negès, gason ap kouche l, y'ap woule tete l, y'ap sèvi avè l tankou yon jennès. 9Se #2 Wa 15.29; 17.4-6,23 poutèt sa mwen lage l nan men nonm li yo, moun peyi Lasiri yo. Se dèyè yo li te cho konsa! 10Yo #Eze 16.37,41 mete l toutouni, yo pran pitit gason ak pitit fi li yo. Lèfini, yo touye l anba kout nepe. Se te yon egzanp pou tout fanm. Yo te fè l peye pou sa l te fè a dapre lalwa.
11Atout #Jer 3.8,11 Oliba, sè l la, te wè sa, li lage kò l nan pi gwo dezòd toujou. Li tounen yon pi gwo jennès pase Ola. 12Li #2 Wa 16.7 menm tou li te cho dèyè mesye peyi Lasiri yo, grannèg, gwo zotobre, sòlda ak bèl inifòm, bon kavalye ki moute sou chwal, yon bann bèl jenn gason. 13Mwen wè li te fin avili tèt li nèt: dezyèm sè a pat pi bon pase premye a.
14Men, #Eze 8.10; 16.29 Oliba al pi lwen toujou nan metye jennès la. Li wè pòtre gason yo te fè sou yon miray ak bèl penti wouj. Se te pòtre chèf peyi Babilòn yo. 15Avèk bèl sentiwon pase nan ren yo, tèt yo mare ak bèl mouchwa madras, mesye yo te abiye tankou gwo chèf. Se te pòtre moun peyi Babilòn. Se la yo te fèt. 16#2 Wa 20.12,13; 24.1; Eza 57.9 li wè pòtre mesye yo, li anvi yo. Li voye mesaje bò kote yo nan peyi Babilòn. 17Mesye #Eza 57.8 yo vini, yo fè lanmou, yo kouche avè l. Yo pran kont plezi yo avè l, yo fin avili li nèt. Bout pou bout, li vin rayi yo.
18Se li menm ankò ki mete tout zafè l deyò. Li fè tout moun konnen se jennès li ye. Li mete l toutouni, li fè m degoute l tankou lòt sè a. 19Se #Eze 23.3 atò li lage kò l nan fè jennès. Li vin chonje lè l te jenn ti nègès ap fè jennès nan peyi Lejip. 20Li t'ap kouri dèyè gason ki cho tankou ou ta di mal bourik ak poulen chwal ki pran sant fenmèl. 21Oliba, ou te dèyè pou ou te fè tout dezòd ou te konn fè yo lè ou te jenn ti nègès nan peyi Lejip kote pou premye fwa mesye yo te woule tete ou, kote yo te mete ou nan lavi gason.
Jijman Bondye sou ti sè a
22Se #Eze 16.37 poutèt sa, Oliba, men mesay mwen menm Senyè a voye ba ou: Ou te vin rayi nonm ou yo! Enben, mwen pral moute tèt yo sou ou, mwen pral fè yo sòti toupatou pou yo vin sènen ou. 23Tout moun Babilòn yo ak moun peyi Kalde yo, moun lavil Pekòd, moun lavil Choa, moun lavil Koa, ansanm ak tout moun peyi Lasiri yo, mwen pral sanble tout bèl jenn gason yo, grannèg, gwo zotobre, tout chèf, tou sa ki gen gwo grad, bon kavalye ki moute sou chwal yo. Mwen pral sanble yo tout. 24Y'ap #2 Wa 25.6; Na 3.2 sòti nan nò, y'ap mache sou ou avèk yon gwo lame, anpil cha lagè ak anpil kabwa pwovizyon. Avèk gwo plak fè pou pwoteje yo, kas yo nan tèt yo, yo pral sènen ou toupatou. M pral lage ou nan men yo pou yo jije ou dapre lwa pa yo. 25Ou te pouse m fè jalouzi, yo pral move sou ou jouk yo p'ap kapab ankò. Yo pral koupe bwa nen ou ak fèy zòrèy ou yo. Yo pral touye pitit ou yo. Wi, yo pral pran pitit gason ak pitit fi ou yo nan men ou, y'ap boule yo tou vivan. 26Y'ap #Eze 16.39 wete tout rad sou ou, y'ap pran tout bijou ou te konn mete sou ou. 27M'ap #Eze 16.41; 23.3,48 mete yon fren nan dezòd ak metye jennès ou t'ap fè depi nan peyi Lejip la. Ou p'ap wè yo ankò devan je ou. Ou p'ap chonje peyi Lejip ankò.
28Men #Jer 21.7; Eze 16.37 sa Senyè sèl Mèt la di ankò:
— Mwen pral lage ou nan men moun ou pa vle wè yo, moun ki te ba ou degoutans yo. 29Yo #Eze 16.39 pral maltrete ou tankou moun yo rayi. Yo pral pran tou sa ou te travay fè, y'ap kite ou toutouni, san rad sou ou tankou yon jennès. Se move lanvi ou yo ak lenkondit ou yo 30ki #Egz 34.15 pral lakòz tout malè sa yo tonbe sou ou. Ou te tounen yon jennès pou mesye lòt nasyon yo, ou avili tèt ou, ou tonbe fè sèvis pou vye zidòl yo. 31Ou #Jer 25.15; Eze 23.9,10 mache pye pou pye dèyè sè ou la. Se poutèt sa m'ap pini ou menm jan mwen te pini l la.
32Men #Eze 22.4,5 sa Senyè sèl Mèt la di ankò:
— Ou pral bwè nan gode sè ou la,
yon gode byen fon.
Tout moun pral pase ou nan betiz, nan rizib.
Gode a plen ra bò.
33Li pral fè ou sou.
W'ap anmalmakak.
Se yon gode k'ap fè moun pè,
yon gode k'ap fini avè ou,
gode Samari, sè ou la.
34W'ap #Sòm 75.8 bwè tout, w'ap kite li vid.
Lèfini w'ap kraze li anba dan ou!
Moso yo pral filange zantray ou.
Se mwen menm Senyè sèl Mèt la ki di sa.
35Se #1 Wa 14.9; Jer 2.32; Eze 23.49 poutèt sa, men sa Senyè sèl Mèt la di ankò: — Paske ou te bliye m, ou te vire do ou ban mwen, ou pral soufri pou tout lenkondit ak dezòd ou te fè yo.
Bondye ap jije tou de sè yo
36Senyè a #Eze 22.2 pale avè m' ankò, li di mwen:
— Ras Adan! Eske ou pare pou jije Ola ansanm ak Oliba? Ou pral mete yo devan tout vye bagay derespektan yo t'ap fè yo. 37Yo #Eze 16.20,21,38 fè adiltè, yo touye moun, yo fè adiltè ak zidòl, yo touye pitit yo te fè pou mwen. Yo ofri yo pou yo boule yo bay zidòl. 38Se #Jer 7.30; Eze 20.13 pa sa ase yo fè m. Menm lè sa a, yo derespekte Tanp mwen an. Yo pa respekte regleman jou repo m yo. 39Menm #2 Wa 21.4; Jer 23.11; Eze 44.7 jou yo touye pitit yo pou zidòl yo, yo vin nan Tanp mwen an pou yo derespekte l. Men sa yo fè anndan kò kay mwen an.
40Sa #2 Wa 9.30; Eza 57.9; Jer 4.30; Eze 16.11,12; 23.16 ki pi rèd ankò, yo voye moun al chache gason soti byen lwen vin jwenn yo. De sè yo benyen byen benyen, yo fade po je yo byen fade. Yo mete bijou sou yo. 41Yo #Eze 16.18 chita sou bèl gwo kabann, yo pare yon ti tab devan kabann lan. Lèfini, yo pran lansan ak lwil mwen te ba yo, yo mete sou li. 42#23.42,43: De vèsè sa yo pa klè nan tèks ebre a. Apre sa, moun tande vwa yon pakèt gason manfouben k'ap pran plezi avèk yo. Se te yon bann malandren yo mennen sòti nan dezè a. Mesye yo mete bèl brasle nan ponyèt medam yo ak bèl kouwòn sou tèt yo chak. 43Mwen di nan kè m: Fanm lan fini afòs li fè adiltè. Atousa l'ap fè jennès toujou. 44Men, mesye yo tounen anpil fwa lakay li tankou kay yon jennès. Yo tounen lakay Ola ak Oliba, fanm devègonde sa yo. 45Men, #Eze 16.38 gason ki mache dwat yo pral jije yo tankou yo jije fanm k'ap fè adiltè epi k'ap touye moun, paske yo fè adiltè, yo touye moun.
46Men #Det 28.25; Eze 16.40 sa Senyè sèl Mèt la di ankò: Sanble yon foul moun pou mache sou yo, pou fè yo pè, pou piye tou sa yo genyen! 47Se #Eze 16.40,41; 24.21 pou foul moun yo kalonnen yo wòch jouk yo touye yo. Se pou yo depatcha yo ak nepe, touye pitit gason ak pitit fi yo, lèfini pou yo mete dife nan kay yo. 48Nan #Eze 23.27 tout peyi a, m'ap fè moun sispann fè libètinay. Sa va sèvi yon avètisman pou tout medam yo, pou yo pa fè tankou nou. 49Pou nou menm, de sè sa yo, mwen pral pini nou pou libètinay nou. M'ap fè nou peye peche nou fè lè nou t'ap sèvi zidòl yo. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm Senyè a ki sèl Mèt.

Chwazi Kounye ya:

Ezekyèl 23: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte