Ezekyèl 22

22
Lavil Jerizalèm plen ansasen
1Senyè a pale avè m ankò, li di m konsa:
2— Ras #2 Wa 21.16; Eze 16.2; 20.4 Adan! Eske ou vle jije lavil ki renmen fè san koule a? W'a fè li konnen tout vye bagay derespektan li te fè yo. 3W'a #Eze 21.25; 23.37 di li: Men mesay Senyè sèl Mèt la voye ba li. Ou reskonsab lanmò anpil moun ki t'ap viv nan mitan ou. Ou fè vye zidòl pou ou avili tèt ou nan fè sèvis pou yo. 4Poutèt #Eze 5.14 tout krim ou fè yo, ou antò. Avèk tout zidòl w'ap sèvi yo, ou pa nan kondisyon sèvi Bondye. Ou fè jou pa ou la pwoche, ou fè lè ou la rive! Se poutèt sa mwen kite nasyon yo pase ou nan betiz, tout moun ap lonje dwèt sou ou. 5Nan peyi pre ak nan peyi lwen, y'ap pase ou nan rizib. Ou se yon lavil ki gen move non, yon lavil plen dezòd. 6Tout #Eze 22.27 chèf peyi Izrayèl yo gen konfyans nan pwòp fòs yo. Yon sèl bagay yo konnen, se touye moun. 7Nan #Egz 22.21,22; Det 27.16; Eza 1.23 lavil la, pèsonn pa respekte papa ak manman yo ankò. Y'ap pwofite sou moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan yo. Y'ap maltrete fanm ki pèdi mari yo ak timoun ki san papa. 8Nou #Eze 20.13; 22.26 pa respekte kay yo mete apa pou mwen yo, ni jou repo m yo. 9Plen #Lev 19.16; Eze 16.43; 18.6 moun nan mitan ou k'ap mache denonse moun, k'ap bay manti sou moun pou fè touye yo. Gen lòt k'ap manje nan manje yo ofri bay zidòl yo. Gen lòt menm, se pran plezi yo nèt ale nan tout kalite dezòd. 10Genyen #Lev 18.8; 1 Kor 5.1 k'ap kouche ak madanm papa yo. Genyen k'ap fòse madanm yo kouche ak yo atout yo gen règ yo. 11Genyen #Lev 18.9,15,20 k'ap fè adiltè ak madanm moun Izrayèl parèy yo, k'ap kouche ak bèlfi yo san yo pa wont. Genyen k'ap fè kadejak sou pitit fi papa yo ki pa menm manman ak yo. 12Genyen #Det 23.19; 27.25; Jer 2.32; Eze 23.35 k'ap touye moun pou lajan. Gen lòt ankò k'ap bay frè parèy yo ponya, y'ap mande yo enterè pou lajan yo prete yo. Y'ap pran tou sa frè parèy yo genyen pa fòs. Men mwen menm, yo bliye m. Se mwen menm, Senyè sèl Mèt la, ki di sa.
13Mwen #Eze 21.17 pral frape pye m atè, paske nou vòlò twòp, nou touye moun twòp. 14Jou #Eze 17.24; 21.7 m'ap regle avè ou la, ou p'ap gen kouray pou ou sipòte, ou p'ap menm ka leve bra ou! Se mwen menm Senyè a ki di sa. Sa mwen di m'ap fè a, m'ap fè l. 15M'ap #Eze 20.23; 24.11 gaye tout pèp ou a nan mitan lòt nasyon yo. M'ap mache simaye nou nan peyi etranje yo. M'ap fè nou sispann fè malpwòpte nou t'ap fè nan mitan nou an. 16Akòz #Eze 5.8; 7.24 tou sa ou fè ki derespektan yo, lòt nasyon yo pral trennen ou nan labou. Men ou menm, w'a konnen se mwen menm ki Senyè a.
Dife Bondye a
17Senyè a pale avè m ankò, li di m konsa:
18— Ras #Sòm 119.119; Eza 1.22,25; Jer 6.28 Adan! Pou mwen, moun pèp Izrayèl yo pa vo anyen. Yo tankou kras ki kole nan fon chodyè, yo pa vo anyen. 19Se poutèt sa, men mesay Senyè sèl Mèt la voye di yo: Kounyeya nou tounen kras nan fon chòdyè fèblantye, mwen pral mete nou tout fè pil nan mitan lavil Jerizalèm. 20Menm jan yo mete vye moso ajan, kwiv, fè, plon ak eten nan yon chòdyè sou gwo dife pou fonn yo wete kras, m'ap move sou nou, m'ap fè kòlè, m'ap tankou dife y'ap soufle anba chòdyè fèblantye pou fonn metal yo, m'ap fè nou fonn. 21Wi, m'ap mete nou ansanm nan mitan lavil Jerizalèm, m'ap limen dife anba nou, m'ap fache sou nou, m'ap fonn nou. 22Nou pral fonn nan mitan lavil Jerizalèm tankou ajan k'ap fonn nan chòdyè fèblantye. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm, Senyè a, ki move sou nou konsa.
Peche chèf pèp Izrayèl yo
23Senyè a pale avè m ankò, li di m konsa:
24— Ras #1 Wa 8.35,36 Adan! W'a di moun Izrayèl yo, yo rete nan yon peyi ki gen madichon. Wi, lè m'a move sou yo, yo p'ap jwenn yon ti degout lapli. 25Chèf #Jer 11.9,10; Mi 3.11 ki rete nan peyi a tankou #22.25: Chèf ki rete nan peyi a tankou: Se sa nou jwenn nan vèsyon grèk la. Men, tèks ebre a menm bay: Pwofèt yo fè konfyolo, yo tankou. lyon k'ap gwonde bò yon bèt yo fin touye. Yo devore moun, yo pran tout richès ak tout byen yo jwenn. Se pa de fanm yo kite san mari. 26Prèt #Lev 10.10; Jer 17.22; Eze 36.20; Sof 3.4 yo menm pa kenbe lwa mwen an, yo pa gen respè pou kay ki apa pou mwen an. Yo pa fè diferans ant bagay ki apa pou mwen ak bagay ki pa apa pou mwen. Yo pa moutre moun sa ki bon ak sa ki pa bon pou sèvis mwen. Yo pa konn sa ki rele jou repo mwen yo. Se konsa pèp Izrayèl la pa respekte m menm. 27Zotobre #Eze 22.13,25; Mi 3.1,2; Sof 3.3 yo menm nan lavil la, yo tankou chen mawon k'ap dechèpiye bèt yo touye. Y'ap touye moun pou yo vòlò byen yo. 28Pwofèt #Eze 13.6,10 yo kache peche pou chèf yo tankou moun k'ap kouvri yon vye miray ak krepisay. Y'ap fè vizyon ki pa vre. Y'ap bay manti sou sa ki pou rive. Yo pretann se mesay mwen menm, Senyè a, mwen ba yo, men, mwen pa janm pale ak yo. 29Nan #Eze 22.7 tout peyi a moun yo lage kò yo nan fè mechanste, nan vòlò zafè moun. Y'ap toupizi pòv malere yo ak moun ki nan malsite yo, y'ap pwofite sou moun lòt nasyon yo san rezon. 30Mwen #Sòm 106.23; Jer 5.1; Eze 13.5 chache nan mitan yo yon moun ki ta ka bati yon miray, ki ta ka kanpe kote miray yo ap kraze a, pou pran defans peyi a lè m'a fè kòlè pou m detwi l, men mwen pa jwenn pèsonn. 31Se konsa, mwen pral move sou yo. Tankou yon dife, mwen pral disparèt yo. Mwen pral fè yo peye pou sa yo fè. Se mwen menm Senyè sèl Mèt la ki pale.

Chwazi Kounye ya:

Ezekyèl 22: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte