Ezekyèl 21

21
Nepe Senyè a
1Senyè a pale avè m ankò. Li di m konsa:
2— Ras Adan! Leve tèt ou gade nan direksyon Jerizalèm. Denonse sa y'ap fè nan Tanp yo. Avèti moun peyi Izrayèl yo! 3W'a #Jòb 9.22; Jer 47.6 di yo: Men mesay Senyè a bay pou nou: Mwen leve dèyè nou kounyeya. Mwen pral rale nepe m nan djenn li, mwen pral touye nou tout, bon kou move.
4Wi, #Eze 20.47 mwen pral touye bon moun kou move moun nan peyi a. Se poutèt sa menm mwen pral rale nepe m nan djenn li pou touye tout moun depi nan sid rive nan nò. 5Tout #Eze 20.48; 21.30 moun va konnen se mwen menm, Senyè a, ki rale nepe m nan djenn li. Anyen p'ap ka fè m mete l nan plas li ankò.
6Men #Eza 22.4; Eze 12.3 ou menm, nonm o! Se pou ou plenn paske kè ou ap fann, ou dekouraje. Wi, se pou ou plenn pou tout moun ka wè ou. 7#Eze 7.5,6,17; 39.8 y'a mande ou poukisa w'ap plenn konsa, w'a di yo: Se paske m pran nouvèl malè ki pral rive a. Lè la rive vre, kè tout moun pral kase, ponyèt yo ap febli, y'ap pèdi tout fòs kouray yo, yo p'ap ka kanpe sou janm yo. Lè a rive, li deja sou nou. Se Senyè sèl Mèt la ki di sa.
8Senyè a pale avè m ankò, li di m konsa:
9— Ras Adan! Bay mesaj sa a. Di pèp la, men sa mwen menm, mwen voye di yo:
Nepe a, nepe a!
Men y'ap file li.
Men y'ap netwaye li.
10Y'ap file l pou touye moun.
Y'ap netwaye li pou fè l fè zèklè.
Pa gen fè fèt ankò,
paske pèp mwen an pa okipe
avètisman ak pinisyon mwen te ba li.
11Wi, y'ap netwaye nepe a.
Y'ap pare l pou moun ka sèvi avè l.
Y'ap file l, y'ap netwaye l
pou yo mete l nan men bouwo a.
12Ou #Jer 31.19 menm, nonm o! Rele kont rele ou!
Rele byen fò.
Se pou pèp mwen an y'ap pare nepe a,
pou tout chèf pèp Izrayèl yo.
Yo pral touye yo
ansanm ak tout pèp mwen an.
Pran lapenn pou yo!
13N'ap sonde pèp la.
Si yo derefize chanje,
tout bagay sa yo ap rive vre!
Se Senyè sèl Mèt la ki di sa.
14Kounyeya, nonm #Nonb 24.10; 2 Wa 24.1,10; 25.1; Eze 22.13 o! Bay mesay sa a.
Lèfini, bat men pou ankouraje.
Nepe a ap pase de fwa. Nepe a ap pase twa fwa.
Nepe a ap touye anpil moun.
Nepe a ap sènen yo kote yo vire.
15L'ap fè pèp mwen an pèdi tout kouray li,
y'ap tonbe yonn sou lòt.
Mwen mete nepe nan tout pòtay yo,
yon nepe k'ap bay zèklè,
yon nepe ki pare pou touye anpil moun.
16Ou menm, nepe file,
koupe sou bò dwat,
koupe sou bò gòch.
Kote ou vire, koupe!
17Mwen #Eze 5.13; 17.24 menm tou, m'ap bat men pou ankouraje.
Se pou m move sou yo jouk mwen p'ap kapab ankò.
Se mwen menm, Senyè a, ki pale.
Babilòn ap mache sou Jerizalèm
18Senyè a pale avè m, li di m konsa:
19— Nonm o! Trase de chemen kote pou wa Babilòn lan ka pase ak nepe l. De chemen yo ap sòti nan menm peyi a. Mete de mak nan kalfou kote yo separe a, 20yonn #Jer 49.1-6; Eze 25.1-5; Am 1.13-15 pou moutre wa a chemen ki mennen lavil Raba nan peyi Amon, yonn pou moutre l chemen ki ale peyi Jida rive lavil Jerizalèm ki byen pwoteje ak ranpa a. 21Wa #Jen 31.19 Babilòn lan kanpe nan kalfou a bò mak yo, l'ap souke flèch yo #21.21: l'ap souke flèch yo: Nan tan sa a, lè yon moun bezwen pran yon gwo desizyon, li pran yon pakèt flèch nan men l, li voye yo atè, osinon li mete yo nan yon bwat, li souke bwat la jouk flèch yo tonbe atè. Li gade jan yo tonbe a, ki pòtre, ki desen, ki direksyon yo bay pou li ka konnen sa pou li fè. voye atè pou li ka konnen ki wout pou li pran. L'ap mande zidòl yo sa pou l fè, l'ap egzaminen fresi bèt yo touye pou bondye yo. 22Bon! #Eze 4.2 Men li kenbe flèch ki bay direksyon lavil Jerizalèm lan! Sa vle di se pou l atake lavil Jerizalèm ak machin lagè yo, bay lòd pou yo touye tout moun, bay siyal pou yo mache sou lavil la ak gwo poto bwa pou defonse pòtay li yo, pou yo anpile ranble nan pye miray li yo, pou yo fouye gwo kannal sènen l toupatou. 23Moun #Eze 17.13,20 lavil Jerizalèm yo p'ap kwè sa w'ap di a se vre paske yo te pase kontra avè l. Men, mesay w'ap bay la se pou fè yo chonje tou sa yo fè ki mal, pou fè konnen y'ap fè yo prizonye.
24Se poutèt sa, men sa mwen menm Senyè sèl Mèt la, m'ap di yo: Tout moun konnen jan nou pa bon. Nou fè tout peche nou yo aklè. Nan tou sa n'ap fè nou moutre jan nou mechan. Se poutèt sa, y'ap kondannen nou. N'ap tonbe anba men lènmi nou yo.
25Kanta #Eze 17.19; 35.5 pou ou menm, chèf peyi Izrayèl la, kriminèl san respè pou Bondye, jou pa ou la, jou dènye chatiman ou lan ap rive. 26Se #Eze 17.24; Lik 1.52 mwen menm, Senyè sèl Mèt la, ki pale. Wete kouwòn lan ak gwo bèl mouchwa madras la nan tèt ou. Tout bagay pral chanje. Sa ki anba yo pral moute chèf, sa ki te chèf yo pral tonbe. 27Kraze, #Jen 49.10; Zak 6.12,13 kraze, brize! Wi, m'ap fè lavil la tounen mazi. Men, pou sa rive, fòk moun mwen te chwazi pou pini lavil la vini anvan. Se nan men l m'ap lage l.
Chatiman moun peyi Amon yo
28— Ras Adan! Bay mesaj la! Pale. Men sa Senyè sèl Mèt la voye di moun peyi Amon yo k'ap plede joure pèp Izrayèl la. Di yo konsa:
Nepe a, nepe a pare pou touye!
Li byen file pou depatcha.
Li byen netwaye pou fè li fè zèklè.
29Vizyon nou t'ap fè yo pa bon vizyon. Sa yo te di ki gen pou rive a p'ap rive. Nou menm mechan, nou menm malveyan, jou pa nou an, jou pou yo ban nou dènye chatiman nou an ap vini. Nepe a pral tonbe sou nou.
30Remete #Eze 21.5 nepe a nan djenn li. Mwen pral jije ou kote yo te kreye ou la, nan peyi kote ou te fèt la. 31M'ap #Eze 22.20,21 fè ou santi jan m move. Tankou yon gwo dife k'ap boule, m'ap soufle sou ou, m'ap lage ou nan men lwijanboje yo ki pa konnen pase kraze moun. 32Dife #Eze 25.10 pral boule tout kò ou. San ou pral koule nan tout peyi a. Pèsonn p'ap janm chonje ou ankò. Se mwen menm, Senyè a, ki pale.

Chwazi Kounye ya:

Ezekyèl 21: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte