Ezekyèl 18

18
Chak moun reskonsab sa yo fè
1Senyè a pale avè m ankò, li di m konsa:
2— Poukisa #Jer 31.29,30; Lam 5.7 y'ap plede repete pwovèb sa a nan peyi Izrayèl la? Y'ap di: Papa ak manman manje rezen vèt, men se dan pitit yo ki gasi. 3Se poutèt sa, jan nou konnen mwen vivan vre a, se mwen menm Senyè a, Bondye sèl Mèt la, ki di sa: Nou p'ap janm repete pwovèb sa a ankò nan peyi Izrayèl la. 4Lavi tout moun, papa, manman kou pitit, se pou mwen yo ye. Moun ki fè peche a, se li menm k'ap mouri.
5Ann pran ka yon moun k'ap mache dwat devan Bondye, ki fè sa li dwe fè, ki pa nan patipri. 6Li #Lev 18.19; Eze 22.9-11; 33.25 pa moute nan mòn pou l al bay zidòl manje, ni li pa fè sèvis pou vye zidòl moun pèp Izrayèl yo ap sèvi. Li pa al dèyè madanm lòt moun pèp Izrayèl parèy li, li pa kouche ak fanm ki gen lalin li. 7Li #Egz 22.26; Lev 25.14; Eza 58.7; Mat 25.35,36 pa pwofite sou pèsonn, li pa bay pèsonn koutba, li renmèt garanti moun te ba li pou lajan li prete yo. Li bay moun ki grangou yo manje, li bay moun ki toutouni yo rad pou mete sou yo. 8Li #Egz 22.25; Det 1.16 pa bay ponya, li pa pran enterè sou lajan li prete. Li refize mete men l nan sa ki mal. Lè de moun gen kont, li mete verite a kote li ye. 9Yon #Eze 20.11 moun konsa mache sou lòd mwen bay, li fè tou sa mwen mande pou moun fè. Li pa janm chache twonpe m. Se yon moun ki dwat. Se sèten l'ap viv. Se mwen menm, Senyè sèl Mèt la, ki di sa.
10Si #Eze 16.38 nonm sa a ta rive fè yon pitit ki sòti yon lwijanboje, ki renmen mete san moun deyò, epi k'ap mache fè tou sa 11papa l #Eze 5.11 pa janm fè: l'ap manje nan manje yo ofri bay zidòl sou tèt mòn yo, l'ap kouri dèyè madanm lòt moun pèp Izrayèl parèy li, 12l'ap toupizi pòv malere yo ak moun ki nan malsite, l'ap vòlò, li p'ap renmèt garanti moun te ba li pou lajan li te prete yo, l'ap fè sèvis pou zidòl, l'ap fè vye bagay derespektan, 13l'ap #Eze 18.8; 33.4 bay ponya, li pran enterè pou lajan li prete, yon nonm konsa pa fèt pou viv. Non, li pa gendwa viv lè li fin fè tout vye bagay derespektan sa yo. Se sèten l'ap mouri. Se li menm k'ap pote chay tou sa li fè.
14Annou konsidere kounyeya ka dezyèm moun sa a ki ta rive fè yon pitit gason. Pitit la wè tout peche papa l te fè yo. Li wè yo, men li pa fè tankou l. 15Li pa al sou tèt mòn yo ofri manje bay zidòl, li derefize fè sèvis pou vye zidòl moun peyi Izrayèl yo. Li respekte madanm lòt moun pèp Izrayèl parèy li, 16li pa pwofite sou pèsonn, li pa kenbe garanti moun te ba li pou lajan li te prete yo. Li pa vòlò pèsonn, li bay moun ki grangou manje, li bay moun ki toutouni rad pou yo mete sou yo. 17Li refize fè moun mechanste, li pa bay ponya, li pa pran enterè sou lajan li prete moun. Yon moun konsa mache sou lòd mwen bay, li fè tou sa mwen mande pou moun fè. Li p'ap mouri poutèt peche papa l te fè yo. Sèten l'ap viv. 18Papa l #Eze 3.18; 18.12 pou bò pa l te fè mechanste, li vòlò frè parèy li, li pa janm fè byen pou pèsonn. Se li menm k'ap mouri poutèt tou sa li fè ki mal.
19N'a mande nan kè nou: Poukisa yon pitit pa peye pou peche papa li te fè a? Men repons la. Se paske pitit la te mache dwat devan Bondye, li fè sa li te dwe fè. Li mache sou lòd mwen bay, li fè tou sa mwen mande pou moun fè, kifè l'ap viv. 20Moun #Det 24.16; Eza 3.10,11; Eze 18.4; Wòm 2.9 ki fè peche, se yo k'ap mouri. Yon pitit p'ap peye pou peche papa l te fè, ni yon papa p'ap peye pou peche pitit li fè. Moun ki mache dwat va jwenn rekonpans pou dwat yo te mache dwat la. Mechan an va peye pou mechanste li fè a.
Toujou chache fè sa ki byen
(Ezekyèl 31.10-18)
21Si mechan an sispann fè peche li te konn fè yo pou li mache dapre lòd mwen yo, si li fè sa ki dwat ak sa ki byen, li p'ap mouri. Sèten l'ap viv. 22Yo #Eze 33.16 p'ap chonje tout peche li te konn fè yo. L'ap viv paske li te fè sa ki dwat. 23Eske #Eze 33.11; 2 Pyè 3.9 nou kwè mwen ta renmen wè mechan an mouri? Se Senyè sèl Mèt la ki mande sa. Non! Mwen ta pito wè l sispann fè sa ki mal pou l ka viv.
24Men, #Eze 33.12,13; 2 Pyè 2.21 si yon moun ki mache dwat sispann fè sa ki byen pou li lage kò l nan fè sa ki mal ak tout lòt vye bagay derespektan mechan yo ap fè a, nan kondisyon sa a eske li ka viv toujou? Non. Yo p'ap chonje tout byen li te konn fè yo. L'ap mouri paske li pat kenbe pawòl li, paske li fè sa ki mal.
25Men, #Eze 33.17 n'a di n'a kè nou: Jan Senyè a ap aji la a pa bon non. Enben, nou menm moun pèp Izrayèl yo, koute. Nou di jan m aji a pa bon. Nou pa kwè se jan nou menm n'ap aji a ki pa bon pito? 26#Eze 33.18 yon moun ki t'ap mache dwat sispann fè sa ki byen pou li lage kò l nan fè sa ki mal, l'ap mouri. Se poutèt sa li fè ki mal la l'ap mouri. 27#Eze 33.19 mechan an sispann fè peche li konn fè yo pou li fè sa ki dwat ak sa ki byen, l'ap sove lavi l. 28Li rekonèt sa li t'ap fè a te mal, li sispann fè l. Sèten li p'ap mouri. Se viv pou li viv. 29Men, moun peyi Izrayèl yo ap plede di: Jan Senyè a ap aji a pa bon. Nou kwè se jan m'ap aji a ki pa bon vre? Eske se pa jan nou menm n'ap aji a ki pa bon pito?
30Se #Eze 7.3; 33.20; Oze 14.1 poutèt sa, men sa Senyè sèl Mèt la ap di moun peyi Izrayèl yo: M'ap jije chak moun dapre sa yo fè. Tounen vin jwenn mwen, sispann fè sa ki mal, pa kite peche nou yo lakòz nou mouri. 31Vire #Eze 11.19; 33.11 do bay tout vye peche nou te konn fè yo. Chanje kè nou, chanje lide nou. Poukisa atò, nou menm moun pèp Izrayèl yo, pou n'ap chache lanmò konsa? 32Mwen pa ta renmen wè pèsonn mouri. Se mwen menm, Senyè sèl Mèt la, ki di sa. Tounen vin jwenn mwen epi n'a viv.

Chwazi Kounye ya:

Ezekyèl 18: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an