1
Ezekyèl 18:32
1998 Haïtienne
Mwen pa ta renmen wè pèsonn mouri. Se mwen menm, Senyè sèl Mèt la, ki di sa. Tounen vin jwenn mwen epi n'a viv.
Konpare
Eksplore Ezekyèl 18:32
2
Ezekyèl 18:20
Moun ki fè peche, se yo k'ap mouri. Yon pitit p'ap peye pou peche papa l te fè, ni yon papa p'ap peye pou peche pitit li fè. Moun ki mache dwat va jwenn rekonpans pou dwat yo te mache dwat la. Mechan an va peye pou mechanste li fè a.
Eksplore Ezekyèl 18:20
3
Ezekyèl 18:31
Vire do bay tout vye peche nou te konn fè yo. Chanje kè nou, chanje lide nou. Poukisa atò, nou menm moun pèp Izrayèl yo, pou n'ap chache lanmò konsa?
Eksplore Ezekyèl 18:31
4
Ezekyèl 18:23
Eske nou kwè mwen ta renmen wè mechan an mouri? Se Senyè sèl Mèt la ki mande sa. Non! Mwen ta pito wè l sispann fè sa ki mal pou l ka viv.
Eksplore Ezekyèl 18:23
5
Ezekyèl 18:21
Si mechan an sispann fè peche li te konn fè yo pou li mache dapre lòd mwen yo, si li fè sa ki dwat ak sa ki byen, li p'ap mouri. Sèten l'ap viv.
Eksplore Ezekyèl 18:21
6
Ezekyèl 18:9
Yon moun konsa mache sou lòd mwen bay, li fè tou sa mwen mande pou moun fè. Li pa janm chache twonpe m. Se yon moun ki dwat. Se sèten l'ap viv. Se mwen menm, Senyè sèl Mèt la, ki di sa.
Eksplore Ezekyèl 18:9
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo