Ezekyèl 17

17
Parabòl malfini an
1Senyè a pale avè m ankò, li di m konsa:
2— Ras #Eze 20.49 Adan! Bay moun Izrayèl yo yon pawoli. Rakonte yo yon parabòl. 3Di yo men mesay Senyè sèl Mèt la voye ba yo:
Vwala, se te yon gwo gwo malfini ak zèl li yo byen laj.
Plim li yo te long epi yo te tout kalite koulè.
Li vole l'ale nan peyi Liban,
li kase tèt yon pye sèd.
4Li pran l, li pote l ale nan yon peyi kote moun se trafik ase y'ap fè la.
Li mete l nan yon lavil kote se kòmèsan ase ki rete la.
5Lèfini, #Det 8.7-9 li pran yon ti plan nan peyi Izrayèl la,
li plante l nan yon bon venn tè,
toupre yon larivyè ki toujou plen dlo,
pou l ka grandi tankou yon pye sikren.
6Ti plan an pran,
li fè yon bèl pye rezen ki pa twò wo.
Branch li yo grandi, yo moute nan direksyon malfini an,
men rasin li yo menm desann fon anba tè.
Li bay yon bèl pye rezen ak anpil branch plen fèy.
7Te vin gen yon lòt gwo malfini
ak gwo zèl byen laj ak anpil plim sou li.
Lè sa a, pye rezen an pouse rasin nan direksyon malfini sa a.
Li vire tout branch li yo nan direksyon l tou.
Li te konprann malfini sa a ta pral wouze l
pi byen pase jaden kote l te plante a.
8Men, pye rezen an te deja plante nan yon bon venn tè,
kote yon kannal ki toujou gen dlo,
pou l te ka fè fèy, pou l te ka donnen,
pou li te ka rive fè yon bèl pye rezen.
9Di yo men mesay Senyè sèl Mèt la voye ba yo: Eske pye rezen an ap grandi vre?
Eske premye malfini an p'ap dechouke l, rache tout grap rezen l yo,
kase tout branch li yo pou yo mouri?
Li p'ap bezwen anpil fòs ni yon lame moun pou l dechouke l.
10Wi, #Eze 19.12 yo te plante l. Men, eske l'ap grandi?
Eske li p'ap mouri lè van lès la va soufle sou li?
Eske li p'ap mouri lamenm kote li t'ap pouse a?
Sans parabòl la
11Senyè a pale avè m, li di m konsa:
12— Pale #2 Wa 24.11,12,15; Eze 12.9-11 ak bann moun tèt di sa yo. Mande yo si yo konprann sans parabòl la. Di yo konsa: Wa lavil Babilòn lan te vini lavil Jerizalèm, li pran wa a ansanm ak tout chèf li yo, li mennen yo ansanm avè l lavil Babilòn. 13Li #2 Wa 24.14,17; 2 Kwo 36.13 pran yon moun nan fanmi wa a, li pase kontra avè l, li fè l sèmante pou l toujou soumèt devan li. Li pran tout grannèg ki nan peyi a, li fè yo prizonye, li depòte yo.
14Konsa, li sèten peyi a va rete tou piti anba men l, yo p'ap ka leve tèt devan li, y'a toujou kenbe kontra li te pase ak yo a. 15Men, #2 Wa 24.20; Eza 30.1-4; 31.1-3; Jer 37.5-7; Eze 16.59 wa peyi Jida a revòlte. Li voye mesaje nan peyi Lejip al chache chwal ak anpil sòlda. Eske l'ap rive fè sa li vle fè a? Eske li ka sòti nan sitirasyon kote l ye a? Depi li kase kontra a, fòk li peye l.
16Se mwen menm, Senyè sèl Mèt la, k'ap pale: Jan nou konnen mwen vivan vre a, wa a pral lavil Babilòn, paske li te kase kontra a, li pat respekte kondisyon li te pase ak wa lavil Babilòn lan ki te mete l la pou gouvènen peyi a. 17Farawon #Jer 37.7 an te mèt vini ak yon gwo lame ansanm ak anpil sòlda, li p'ap ka ede l goumen nan lagè a, lè moun Babilòn yo va vin moute ranble ak fouye gwo kannal pou yo touye moun san gad dèyè. 18Wa peyi Izrayèl la pa respekte pawòl li, li kase kontra a. Malgre angajman li te pran yo, li fè tout bagay sa yo. Sa p'ap pase konsa pou li.
19Se poutèt sa, men sa Senyè Sèl Mèt la di: Jan nou konnen mwen vivan vre a, ou pa respekte pawòl ou avè m. Ou pa kenbe kontra mwen te pase avè ou la. Mwen gen pou m pini ou pou sa. 20M'ap #Eze 12.13; 20.35 voye privye m sou ou, w'ap pran nan may yo, m'ap trennen ou lavil Babilòn. Se la m'ap pini ou pou kenbe ou pa te kenbe pawòl ou avè m.
21Tout #Eze 12.14 pi bon sòlda li yo pral mouri nan lagè. Sa ki chape yo, yo pral gaye yo toupatou sou latè. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm, Senyè a, ki pale.
Bondye pwomèt yo yon chans ankò
22Men #Sòm 2.6; Eze 17.3,4 sa Senyè sèl Mèt la di:
— M'ap koupe boujon tèt yon pye sèd ki byen wo.
M'ap kase yon jenn ti boujon nan branch ki pi wo yo.
M'ap plante l sou tèt yon mòn byen wo,
23sou #Eze 20.40; 31.6; Da 4.12 tèt mòn ki pi wo nan peyi Izrayèl la.
L'ap fè branch, l'ap donnen.
L'ap vin fè yon bèl bèl pye sèd.
Tout kalite zwazo pral rete ladan l.
Y'ap pare solèy nan lonbray branch li yo.
24Tout #Eze 21.26; 22.14 pyebwa nan peyi a va konnen se mwen menm ki Senyè a.
Mwen koupe gwo pyebwa yo mete atè.
Ti pyebwa piti yo, m'ap fè yo grandi.
Mwen cheche pyebwa ki vèt yo.
Pyebwa ki fin mouri yo, mwen fè yo boujonnen ankò.
Se mwen menm Senyè a ki pale. Sa mwen di m'ap fè a, m'ap fè l.

Chwazi Kounye ya:

Ezekyèl 17: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte