Se poutèt sa, mwen menm Pòl ki nan prizon poutèt Kris la pou byen nou, nou menm ki pa jwif, m'ap lapriyè pou nou devan Bondye. Mwen kwè nou konnen deja ki jan Bondye, nan bon kè l, te ban m travay sa a pou m te fè pou nou. Bondye devwale m sekrè travay li a, pou m te ka konnen plan li te gen sere nan kè li. Se sou plan sa a mwen deja ekri nou kèk mo pi wo a. Lè n'a li yo, n'a kapab gen yon lide ki jan mwen konprann sekrè Kris la. Nan tan lontan Bondye pat devwale plan travay sa a bay okenn moun sou latè, men kounyeya, ak pouvwa Sentespri a, li devwale l bay moun li mete apa pou sèvi l apòt ak pwofèt.
Li Efezyen 3
Koute Efezyen 3
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Efezyen 3:1-5
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo