Efezyen 3

3
Travay Bondye bay Pòl fè pou moun ki pa jwif yo
1Se poutèt sa, mwen menm Pòl ki nan prizon #Fil 1.7,13; Kol 1.24 poutèt Kris la pou byen nou, nou menm ki pa jwif, m'ap lapriyè pou nou devan Bondye. 2Mwen #Kol 1.25 kwè nou konnen deja ki jan Bondye, nan bon kè l, te ban m travay sa a pou m te fè pou nou. 3Bondye #Ef 1.9,10; Kol 1.26 devwale m sekrè travay li a, pou m te ka konnen plan li te gen sere nan kè li. Se sou plan sa a mwen deja ekri nou kèk mo pi wo a. 4Lè n'a li yo, n'a kapab gen yon lide ki jan mwen konprann sekrè Kris la. 5Nan tan lontan Bondye pat devwale plan travay sa a bay okenn moun sou latè, men kounyeya, ak pouvwa Sentespri a, li devwale l bay moun li mete apa pou sèvi l apòt ak pwofèt. 6Men #Ef 2.13,18,19 sekrè a: Nan Jezikri, ak pouvwa bòn nouvèl la, moun ki pa jwif yo gen pou resevwa ansanm ak jwif yo pòsyon pa yo nan byen Bondye a. Yo se manm yon menm kò ansanm ak jwif yo, y'ap jwenn pa yo ansanm ak yo tou nan menm pwomès Bondye te fè a.
7Kifè #Kol 1.25,29 m'ap sèvi bòn nouvèl sa a, se paske Bondye nan bon kè l fè m yon favè, li fè pouvwa li travay nan mwen. 8Mwen #1 Kor 15.9,10; Ef 1.7; Gal 1.16 pi pitit pase moun ki pi pitit nan tout pèp Bondye a. Men atousa, se mwen menm Bondye bay privilèj sa a, pou m fè moun lòt nasyon yo konnen bòn nouvèl richès Kris la, richès moun p'ap janm fin konprann. 9Li #Wòm 16.25; Kol 1.26,27 ban m privilèj sa a pou m fè tout moun wè aklè ki jan plan travay Bondye te sere nan kè li a ap reyalize, paske Bondye ki kreye tout bagay te kenbe plan sa a nan kè l depi lontan. 10Men #1 Pyè 1.12; Wòm 11.33; Kol 1.26 kounyeya, avèk legliz la, tout chèf ak tout otorite ki nan syèl la pral rive konnen bon konprann Bondye a sou tout fòm li yo. 11Bondye #Ef 1.11 aji konsa dapre plan ki te la depi lontan an. Se plan sa a li reyalize nan Jezikri, Senyè nou an. 12Ak #Jan 14.6; Eb 4.16; Wòm 5.2 lavi n'ap mennen ansanm nan Kris la, gremesi konfyans nou gen nan li a, nou lib pou nou pwoche devan Bondye san kè sote. 13Se #Kol 1.24 sa k fè, mwen mande nou pou nou pa dekouraje poutèt soufrans m'ap sibi pou nou yo, paske se yon bèl avantaj sa ye pou nou.
Renmen Kris la gen pou nou
14Wi, se poutèt sa, mwen tonbe ajenou devan Papa a, 15ki bay tout fanmi ki nan syèl la ak sou latè a non yo. 16M'ap #Ef 1.7; 6.10; Kol 1.11 mande Bondye pou li ban nou, dapre richès pouvwa li a, fòs ak kouray nan kè nou, pa mwayen pouvwa Sentespri a, pou nou ka grandi nan karaktè nou, 17pou #Jan 14.23; Kol 1.23; 2.7 Kris la rete nan kè nou ak konfyans nou gen nan li a. M'ap mande Bondye pou nou pouse rasin, pou nou chita byen fèm nan renmen, 18pou #Kol 2.2 nou ka konprann, ansanm ak tout pèp Bondye a, jan renmen Kris la laj, jan li long, jan li fon, jan li wo. 19Wi, #Kol 2.3 mwen mande pou nou rive konnen kalite renmen Kris la gen pou nou, atout pèsonn p'ap janm ka rive konnen l nèt. Konsa, n'a vin plen nèt ak tou sa ki nan Bondye.
20Tout #Kol 1.29 lwanj lan se pou Bondye. Paske, ak pouvwa k'ap travay nan nou an, li kapab fè pi plis pase tou sa nou ka mande, pi plis pase tou sa nou ka mete nan lide nou. 21Wi, tout lwanj lan pou Bondye nan legliz la ak nan Jezikri, pou tout tan ak pou tout tan. Amèn. Se sa menm!

Chwazi Kounye ya:

Efezyen 3: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an