Efezyen 3:1-13

Efezyen 3:1-13 HAT98

Se poutèt sa, mwen menm Pòl ki nan prizon poutèt Kris la pou byen nou, nou menm ki pa jwif, m'ap lapriyè pou nou devan Bondye. Mwen kwè nou konnen deja ki jan Bondye, nan bon kè l, te ban m travay sa a pou m te fè pou nou. Bondye devwale m sekrè travay li a, pou m te ka konnen plan li te gen sere nan kè li. Se sou plan sa a mwen deja ekri nou kèk mo pi wo a. Lè n'a li yo, n'a kapab gen yon lide ki jan mwen konprann sekrè Kris la. Nan tan lontan Bondye pat devwale plan travay sa a bay okenn moun sou latè, men kounyeya, ak pouvwa Sentespri a, li devwale l bay moun li mete apa pou sèvi l apòt ak pwofèt. Men sekrè a: Nan Jezikri, ak pouvwa bòn nouvèl la, moun ki pa jwif yo gen pou resevwa ansanm ak jwif yo pòsyon pa yo nan byen Bondye a. Yo se manm yon menm kò ansanm ak jwif yo, y'ap jwenn pa yo ansanm ak yo tou nan menm pwomès Bondye te fè a. Kifè m'ap sèvi bòn nouvèl sa a, se paske Bondye nan bon kè l fè m yon favè, li fè pouvwa li travay nan mwen. Mwen pi pitit pase moun ki pi pitit nan tout pèp Bondye a. Men atousa, se mwen menm Bondye bay privilèj sa a, pou m fè moun lòt nasyon yo konnen bòn nouvèl richès Kris la, richès moun p'ap janm fin konprann. Li ban m privilèj sa a pou m fè tout moun wè aklè ki jan plan travay Bondye te sere nan kè li a ap reyalize, paske Bondye ki kreye tout bagay te kenbe plan sa a nan kè l depi lontan. Men kounyeya, avèk legliz la, tout chèf ak tout otorite ki nan syèl la pral rive konnen bon konprann Bondye a sou tout fòm li yo. Bondye aji konsa dapre plan ki te la depi lontan an. Se plan sa a li reyalize nan Jezikri, Senyè nou an. Ak lavi n'ap mennen ansanm nan Kris la, gremesi konfyans nou gen nan li a, nou lib pou nou pwoche devan Bondye san kè sote. Se sa k fè, mwen mande nou pou nou pa dekouraje poutèt soufrans m'ap sibi pou nou yo, paske se yon bèl avantaj sa ye pou nou.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an