Efezyen 3:1-13

Efezyen 3:1-13 1998 Haïtienne (HAT98)

Se poutèt sa, mwen menm Pòl ki nan prizon poutèt Kris la pou byen nou, nou menm ki pa jwif, m'ap lapriyè pou nou devan Bondye. Mwen kwè nou konnen deja ki jan Bondye, nan bon kè l, te ban m travay sa a pou m te fè pou nou. Bondye devwale m sekrè travay li a, pou m te ka konnen plan li te gen sere nan kè li. Se sou plan sa a mwen deja ekri nou kèk mo pi wo a. Lè n'a li yo, n'a kapab gen yon lide ki jan mwen konprann sekrè Kris la. Nan tan lontan Bondye pat devwale plan travay sa a bay okenn moun sou latè, men kounyeya, ak pouvwa Sentespri a, li devwale l bay moun li mete apa pou sèvi l apòt ak pwofèt. Men sekrè a: Nan Jezikri, ak pouvwa bòn nouvèl la, moun ki pa jwif yo gen pou resevwa ansanm ak jwif yo pòsyon pa yo nan byen Bondye a. Yo se manm yon menm kò ansanm ak jwif yo, y'ap jwenn pa yo ansanm ak yo tou nan menm pwomès Bondye te fè a. Kifè m'ap sèvi bòn nouvèl sa a, se paske Bondye nan bon kè l fè m yon favè, li fè pouvwa li travay nan mwen. Mwen pi pitit pase moun ki pi pitit nan tout pèp Bondye a. Men atousa, se mwen menm Bondye bay privilèj sa a, pou m fè moun lòt nasyon yo konnen bòn nouvèl richès Kris la, richès moun p'ap janm fin konprann. Li ban m privilèj sa a pou m fè tout moun wè aklè ki jan plan travay Bondye te sere nan kè li a ap reyalize, paske Bondye ki kreye tout bagay te kenbe plan sa a nan kè l depi lontan. Men kounyeya, avèk legliz la, tout chèf ak tout otorite ki nan syèl la pral rive konnen bon konprann Bondye a sou tout fòm li yo. Bondye aji konsa dapre plan ki te la depi lontan an. Se plan sa a li reyalize nan Jezikri, Senyè nou an. Ak lavi n'ap mennen ansanm nan Kris la, gremesi konfyans nou gen nan li a, nou lib pou nou pwoche devan Bondye san kè sote. Se sa k fè, mwen mande nou pou nou pa dekouraje poutèt soufrans m'ap sibi pou nou yo, paske se yon bèl avantaj sa ye pou nou.

Efezyen 3:1-13 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Moi, Paul, je suis prisonnier du Christ Jésus pour vous qui n’êtes pas juifs. Vous avez sans doute entendu parler du service que Dieu, dans sa bonté, m’a chargé d’accomplir pour vous, afin de réaliser son projet. Il m’a ouvert les yeux pour me faire connaître ce projet caché, je viens de vous en parler un peu. En lisant ma lettre, vous pouvez voir combien je connais le mystère que Dieu réalise par le Christ. Ce mystère, Dieu ne l’avait pas fait connaître aux ancêtres. Mais aujourd’hui, il vient de le faire connaître par son Esprit à ses apôtres saints et à ses prophètes. Voici ce mystère : en étant unis au Christ Jésus par la Bonne Nouvelle, ceux qui ne sont pas juifs reçoivent en partage les mêmes biens que les Juifs. Ils font partie du même corps, ils participent à la même promesse. Dieu, dans sa bonté, m’a donné d’être serviteur de cette Bonne Nouvelle, grâce à l’action de sa puissance. Moi, je suis le plus petit de tous les chrétiens. Pourtant j’ai reçu ce don : annoncer à ceux qui ne sont pas juifs la richesse très profonde du Christ. J’ai également reçu le don de montrer clairement comment Dieu accomplit ce mystère. Lui qui est le Créateur de toutes choses, il avait caché en lui ce mystère depuis toujours. Alors maintenant, par l’Église, tous ceux qui ont autorité et pouvoir dans les cieux peuvent connaître la sagesse de Dieu. Cette sagesse, Dieu la montre de mille manières, selon le projet qu’il avait fait depuis toujours. Ce projet, il l’a réalisé dans le Christ Jésus, notre Seigneur. Nous sommes unis au Christ et nous croyons en lui. Nous avons donc la liberté de nous approcher de Dieu avec confiance. C’est pourquoi je vous le demande : ne vous laissez pas décourager par les souffrances que je supporte pour vous. Elles vous donnent la vraie gloire.

Efezyen 3:1-13 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Konsa, mwen menm Pòl, mwen se yon prizonye, paske m ap sèvi Jezikris pou nou menm ki pa Jwif. Nou konnen byen, Bondye ban m fè travay sa a, nan gras li, pou m ede nou. Bondye te montre m plan sekrè li pou m ka konnen l. Mwen gentan ekri kèk bagay deja sou sa. Epi si nou li sa m te ekri tou brèf anvan yo, n ap wè mwen konprann verite sekrè ki konsènen Kris la vre. Moun ki te viv nan tout jenerasyon pase yo pa t konnen verite sa a. Men, kounye a, pa mwayen Sentespri a, Bondye fè apot li yo ak pwofèt li yo konnen verite ki te sekrè a. Men verite ki te sekrè a: Lè moun ki pa Jwif yo aksepte Levanjil la, yo vin pataje menm benediksyon Bondye genyen pou moun ki Jwif tou. Yo fè pati menm kò a, epi yo patisipe tou nan pwomès Bondye te fè pa mwayen Jezikris la. Nan gras Bondye, li ban m opòtinite sa a. Li fè m vin yon sèvitè pou m pwoklame Bòn Nouvèl la. Se pouvwa Bondye menm ki ban m gras sa a. Se mwen menm ki gen mwens enpòtans pami tout pèp Bondye a. Epoutan, se mwen menm li bay don sa a, don pou m fè moun ki pa Jwif yo konnen Bòn Nouvèl konsènan tout richès ki genyen nan Kris la. Bondye mete m responsab pou m fè li klè pou tout moun, kijan l ap reyalize plan li te kenbe sekrè a. Nan tout tan pase yo, Bondye ki te kreye tout mond lan, li pa t kite pèsonn konnen sa l t apral fè. Plan Bondye nan tout bagay sa yo, se pou tout anj ki nan syèl yo rive konnen kijan li montre sajès li nan yon bann fason ki varye. Y ap konnen sa pa mwayen Legliz la. Sa fèt konsa, dapre plan Bondye te genyen depi okòmansman an. Li fè plan sa a reyalize nan Jezikris Senyè nou an. Nan Kris la, nou kapab pwoche devan Bondye ak tout libète, san nou pa pè angnen. Nou ka fè sa poutèt lafwa nou nan Kris la. Konsa, m ap mande nou pou nou pa dekouraje poutèt sa k rive m nan. Paske, soufrans mwen yo se yon trè bèl avantaj pou nou.

Efezyen 3:1-13 New International Version (NIV)

For this reason I, Paul, the prisoner of Christ Jesus for the sake of you Gentiles— Surely you have heard about the administration of God’s grace that was given to me for you, that is, the mystery made known to me by revelation, as I have already written briefly. In reading this, then, you will be able to understand my insight into the mystery of Christ, which was not made known to people in other generations as it has now been revealed by the Spirit to God’s holy apostles and prophets. This mystery is that through the gospel the Gentiles are heirs together with Israel, members together of one body, and sharers together in the promise in Christ Jesus. I became a servant of this gospel by the gift of God’s grace given me through the working of his power. Although I am less than the least of all the Lord’s people, this grace was given me: to preach to the Gentiles the boundless riches of Christ, and to make plain to everyone the administration of this mystery, which for ages past was kept hidden in God, who created all things. His intent was that now, through the church, the manifold wisdom of God should be made known to the rulers and authorities in the heavenly realms, according to his eternal purpose that he accomplished in Christ Jesus our Lord. In him and through faith in him we may approach God with freedom and confidence. I ask you, therefore, not to be discouraged because of my sufferings for you, which are your glory.

Efezyen 3:1-13 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

C’est pourquoi moi Paul, le prisonnier de Jésus-Christ pour vous, les non-Juifs… Vous avez très certainement appris quelle responsabilité Dieu, dans sa grâce, m’a confiée à votre égard. Par révélation, il m’a fait connaître le secret de son plan que je viens de résumer en quelques mots. En me lisant, vous pouvez vous rendre compte de la compréhension que j’ai de ce secret, qui concerne Christ. En effet, Dieu ne l’a pas fait connaître aux hommes des générations passées comme il l’a révélé maintenant, par le Saint-Esprit, à ses apôtres, ses prophètes qu’il a consacrés à son service. Et ce secret c’est que, par leur union avec Jésus-Christ, les non-Juifs reçoivent le même héritage que nous, les Juifs, ils font partie du même corps et ont part à la même promesse, par le moyen de l’Evangile. C’est de cet Evangile que je suis devenu le serviteur : tel est le don que Dieu m’a accordé dans sa grâce, par l’action de sa puissance. Oui, c’est à moi, le plus petit de tous les membres du peuple saint, que Dieu a fait cette grâce d’annoncer aux non-Juifs les richesses insondables de Christ et de mettre en pleine lumière, pour tout homme, la façon dont Dieu mène ce plan à sa complète réalisation. Ce plan, le Dieu qui a créé toutes choses l’avait tenu caché en lui-même de toute éternité. Par cette mise en lumière, les Autorités et les Puissances dans le monde céleste peuvent connaître, par le moyen de l’Eglise, les aspects infiniment variés de sa sagesse. Cela s’accomplit conformément à ce qui a été fixé de toute éternité et qui s’est réalisé par Jésus-Christ notre Seigneur. Etant unis à lui, nous avons, par la foi en lui, la liberté de nous approcher de Dieu avec assurance. Aussi je vous demande de ne pas perdre courage en pensant aux détresses que je connais dans mon service pour vous : elles contribuent à la gloire qui vous est destinée.