Detewonòm (Dezyèm liv Lalwa a)

(Dezyèm liv Lalwa a)
Nan dezyèm liv Lalwa a nou jwenn yon seri koze Moyiz te fè ak pèp Izrayèl la, antan yo te nan peyi Mowab. Se la yo te rete pran yon pòz apre tout vwayaj byen long yo te fè nan dezè a, anvan yo te antre al pran peyi Kanaran an pou yo.
Nan premye koze a, Moyiz rakonte tou sa ki te rive yo pandan karantan nan dezè a, depi lè yo te sòti kite peyi Lejip la, ki jan Bondye te toujou okipe yo. Nan dezyèm koze a, li fè yon bon rale sou dis kòmandman yo ankò pou ankouraje pèp la. Apre sa, li ba yo lòt prensip ak regleman pou yo swiv nan lavi yo pral mennen nan peyi Kanaran, peyi Bondye te pwomèt yo a. Nan yon twazyèm koze, Moyiz fè yo chonje kontra Bondye te pase ak yo sou mòn Sinayi a. Li mande pou yo pran angajman yon dezyèm fwa y'ap toujou kenbe kondisyon kontra a.
Lè sa a, Moyiz santi li pat lwen mouri, li chwazi Jozye pou pran plas li alatèt pèp Bondye a. Lè li fin chante yon chante pou fè lwanj Bondye ki toujou kenbe pwomès li yo, li mande benediksyon pou tout branch fanmi pèp Izrayèl la. Apre sa, Moyiz moute sou tèt mòn Nebo nan peyi Mowab, kote li rete ap gade byen lwen peyi Bondye te pwomèt yo a. Se la li mouri.
Liv la fè nou wè ki jan Bondye te delivre pèp li te chwazi a, jan li te beni pèp li renmen an. Konsa, se pou pèp la pa janm bliye sa, se pou yo renmen l tou, se pou yo fè sa li mande yo fè a pou yo ka gen lavi, pou yo toujou ka resevwa benediksyon Bondye.
Vèsè ki pi konsekan nan liv la se vèsè senk nan chapit sis la. Se ladan l nou jwenn pawòl Jezi te bay pou pi gwo kòmandman an: Se pou nou renmen Bondye nou an avèk tout kè nou, avèk tout nanm nou, avèk tout fòs nou.
Men plan liv la
1. Premye koze Moyiz la (1—4)
2. Dezyèm koze Moyiz la (5—26)
a. Dis kòmandman yo (5—10)
b. Lòt regleman ak prensip (11—26)
3. Regleman pou yo swiv lè y'ap antre nan peyi Kanaran an (27—28)
4. Pèp la pran angajman ankò l'ap kenbe kontra Bondye a (29—30)
5. Dènye koze Moyiz ak pèp la (31—33)
6. Moyiz mouri (34)

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte