Detewonòm 9:4-12

Detewonòm 9:4-12 HAT98

Lè Senyè a, Bondye nou an, va fin chase moun sa yo devan nou, piga nou di nan kè nou se paske nou merite kifè Senyè a te fè n antre pran peyi a pou nou. Non. Se paske moun sa yo mechan kifè Senyè a te mete yo deyò ban nou plas yo. Non! Se pa paske nou te merite, ni paske nou te mennen bak nou dwat kifè Senyè a pral fè nou pran peyi a pou nou. Se paske moun sa yo mechan kifè Senyè a, Bondye nou an, pral disparèt yo sou tout wout nou. Epitou, se pou l te ka kenbe pawòl li te sèmante bay zansèt nou yo, Abraram, Izarak ak Jakòb. Se pou nou konnen se pa paske nou merite anyen kifè Senyè a, Bondye nou an, ap ban nou bon peyi sa a pou rele nou pa nou. Non! Paske se yon pèp ki gen tèt di anpil nou ye. Pa janm bliye jan ou te fè Senyè a, Bondye nou an, fache anpil nan dezè a. Depi lè nou te sòti nan peyi Lejip jouk nou rive isit la, n'ap fè wòklò devan Senyè a. Lè nou te sou mòn Orèb la, nou te eksite kòlè Senyè a. Li te sitèlman fache lè sa a, li te fè lide detwi nou tout. Mwen te moute sou wòch la pou mwen t'al resevwa de tablo wòch, tablo ki te gen kontra Senyè a te fè ak nou an ekri sou yo. Mwen rete la, mwen pase karant jou san manje san bwè sou mòn lan. Se lè sa a Senyè a te ban mwen de tablo wòch yo. Se sou yo li te ekri ak pwòp men li tou sa li te di nou, antan li te nan mitan dife a, jou nou te reyini nan pye mòn lan. Wi, apre karant jou karant nwit, Senyè a ban mwen de tablo wòch yo avèk kontra a ekri sou yo. Epi li di m konsa: Leve non, desann mòn lan byen vit, paske pèp ou a, pèp ou te mennen sòti kite peyi Lejip la, lage kò l nan fè sa ki mal. Yo pa tann lontan pou yo kite chemen mwen te mete devan yo pou yo swiv la. Yo gentan fonn metal, yo fè yon zidòl pou tèt pa yo.