Detewonòm 9

9
Tout merit pou Bondye
1Koute byen, nou menm pèp Izrayèl! #Nonb 13.28; Det 1.28; 4.38 Lè a rive, jòdi a nou pral janbe lòt bò larivyè Jouden an pou n'al anvayi peyi ki pou nasyon ki gen plis moun pase nou, nasyon ki pi fò pase nou. Nou pral pran yon bann gwo lavil ki gen ranpa wotè syèl la pou pwoteje yo. 2Moun peyi a se yon bann moun ki grannèg, ki bèl wotè tankou moun Anak yo. Nou konn tande yo di pa gen moun ki ka kenbe tèt ak moun sa yo. 3Enben, #Det 4.24; 7.24; 31.3; Joz 3.11 koulyeya, nou pral konnen se Senyè a, Bondye nou an ki te pran devan nou. Tankou yon gwo dife k'ap boule tou sa li kontre, li pral disparèt yo chak fwa nou va jwenn yo sou wout nou. Li pral fè yo bese tèt devan nou. Se konsa, n'a pran peyi a nan men yo, n'a disparèt yo lapoula jan Senyè a te di li a.
4#Lev 18.24,25; Det 8.17; 18.12 Senyè a, Bondye nou an, va fin chase moun sa yo devan nou, piga nou di nan kè nou se paske nou merite kifè Senyè a te fè n antre pran peyi a pou nou. Non. Se paske moun sa yo mechan kifè Senyè a te mete yo deyò ban nou plas yo. 5Non! #Jen 50.24; Egz 32.13 Se pa paske nou te merite, ni paske nou te mennen bak nou dwat kifè Senyè a pral fè nou pran peyi a pou nou. Se paske moun sa yo mechan kifè Senyè a, Bondye nou an, pral disparèt yo sou tout wout nou. Epitou, se pou l te ka kenbe pawòl li te sèmante bay zansèt nou yo, Abraram, Izarak ak Jakòb. 6Se #Egz 32.9 pou nou konnen se pa paske nou merite anyen kifè Senyè a, Bondye nou an, ap ban nou bon peyi sa a pou rele nou pa nou. Non! Paske se yon pèp ki gen tèt di anpil nou ye.
Pèp la vire do bay Bondye
(Egzòd 31.18—32.35)
7Pa #Egz 14.11; 15.24; Nonb 11.4; 14.2; Det 31.27 janm bliye jan ou te fè Senyè a, Bondye nou an, fache anpil nan dezè a. Depi lè nou te sòti nan peyi Lejip jouk nou rive isit la, n'ap fè wòklò devan Senyè a. 8#Egz 32.1-4; Sòm 106.19 nou te sou mòn Orèb la, nou te eksite kòlè Senyè a. Li te sitèlman fache lè sa a, li te fè lide detwi nou tout. 9Mwen #Egz 24.12,15,18; 34.28 te moute sou wòch la pou mwen t'al resevwa de tablo wòch, tablo ki te gen kontra Senyè a te fè ak nou an ekri sou yo. Mwen rete la, mwen pase karant jou san manje san bwè sou mòn lan. 10Se #Egz 19.17; 31.18 lè sa a Senyè a te ban mwen de tablo wòch yo. Se sou yo li te ekri ak pwòp men li tou sa li te di nou, antan li te nan mitan dife a, jou nou te reyini nan pye mòn lan. 11Wi, apre karant jou karant nwit, Senyè a ban mwen de tablo wòch yo avèk kontra a ekri sou yo. 12Epi #Egz 32.7-10,15-19 li di m konsa: Leve non, desann mòn lan byen vit, paske pèp ou a, pèp ou te mennen sòti kite peyi Lejip la, lage kò l nan fè sa ki mal. Yo pa tann lontan pou yo kite chemen mwen te mete devan yo pou yo swiv la. Yo gentan fonn metal, yo fè yon zidòl pou tèt pa yo.
13Apre sa, Senyè a di m ankò: Mwen gade pèp la, mwen wè se yon pèp ki gen tèt di anpil. 14Kite m #Nonb 14.12; Det 7.24 fè sa m'ap fè a non! Mwen pral disparèt yo nèt pou pèsonn sou latè pa janm chonje te gen moun sa yo. Men ou menm, m'ap ba ou pitit ki va vin zansèt yon nasyon k'ap pi gran, k'ap pi fò pase yo.
15Mwen desann kite mòn lan ki te plen flanm dife. Mwen te gen de tablo wòch kontra yo nan men mwen. 16Lè mwen wè nou te gentan dezobeyi Senyè a, Bondye nou an, nou te gentan kite chemen Senyè a te mete devan nou, nou te fonn metal, nou te fè estati yon ti towo, 17mwen pran de tablo wòch ki te nan men mwen yo, mwen voye yo jete, mwen kraze yo devan nou tout. 18Apre #Egz 32.31; Det 10.10; Sòm 106.23 sa, mwen lage kò m fas atè devan Senyè a. Tankou premye fwa a, mwen pase karant jou ak karant nwit, san manje, san bwè anyen. Tou sa, paske nou te fè sa ki mal devan Senyè a, nou pat fè l plezi, nou te fè l fache anpil. 19Mwen #Egz 32.14 menm, mwen te pè anpil lè m wè jan Senyè a te fache, paske li te fache kont pou l te disparèt nou nèt. Men, fwa sa a ankò, Senyè a koute m. 20Lè sa a, li te fache anpil tou sou Arawon jouk li te vle touye l. Men, mwen te lapriyè nan pye l pou Arawon. 21Mwen #Egz 32.20 te pran estati ti towo bèf nou te fè ak move lide nan tèt nou an, mwen jete li nan dife. Mwen mete li nan pilon, mwen kraze li fè miyèt moso, mwen fè li tounen pousyè. Lèfini mwen jete pousyè a nan larivyè ki desann soti nan mòn lan.
22Nou #Egz 17.7; Nonb 11.1-3,34 te eksite kòlè Sènyè a tou lè nou te Tabera, lè nou te Masa ak lè nou te Simityè Grangou. 23#Nonb 13.3; 14.1; Sòm 78.22; 106.24,25 Senyè a te ban nou lòd pati kite Kadès-Banea pou n'al pran pou nou peyi li te di l'ap ban nou an, nou t'ap fè wòklò ak Senyè a, Bondye nou an. Nou pat kwè nan li, nou te derefize tande l. 24Depi #Det 31.27 mwen konnen nou, se wòklò n'ap plede fè ak Bondye! 25Se konsa mwen lage kò m fas atè devan Senyè a, pandan karant jou ak karant nwit, paske Senyè a te di l'ap disparèt nou.
26Mwen #Egz 32.11-13 te lapriyè Senyè a pou nou, mwen di l konsa: O Senyè, Bondye mwen, tanpri! Pa detwi pèp ou a, pèp ki rele ou pa ou la, pèp ou te delivre ak pouvwa ou la, pèp ou te fè sòti kite peyi Lejip ak fòs ponyèt ou a. 27Chonje sèvitè ou yo, Abraram, Izarak ak Jakòb! Pa gade sou tèt di pèp la, ni sou mechanste ak sou peche l'ap fè. 28Mwen #Nonb 14.16; Det 32.26,27 pa ta vle pou nan peyi kote ou fè nou sòti a moun yo ta di: Wi, Senyè a pat ka mennen yo nan peyi li te pwomèt l'ap ba yo a. Se rayi li rayi yo kifè li fè yo sòti kite peyi Lejip la pou l touye yo nan dezè a. 29Men, #Det 4.20 se pèp ou yo ye! Yo rele ou pa ou! Se avèk gwo pouvwa ou, avèk fòs ponyèt ou ou te fè yo sòti kite peyi Lejip.

Chwazi Kounye ya:

Detewonòm 9: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte