Detewonòm 30:1-14

Detewonòm 30:1-14 HAT98

Mwen mete benediksyon ak madichon devan nou. N'a chwazi. Lè tout bagay mwen te di nou yo va rive nou, si, antan n'ap viv nan mitan lòt nasyon nan peyi kote Senyè a te gaye nou yo, nou vin sonje sa m' te di nou, si nou tounen vin jwenn Senyè a, Bondye nou an, si nou koute l ak tout kè nou, ak tout nanm nou, nou menm ak tout pitit nou yo, jan m'ap ban nou lòd jòdi a, enben, lè sa a Senyè a, Bondye nou an, va gen pitye pou nou. L'a mennen tout moun yo te depòte yo tounen lakay yo. L'a chanje sò nou. Li pral mache chache nou nan tout peyi kote li te gaye nou yo, l'a sanble nou ankò. Yo mèt depòte nou jouk nan dènye bout latè, Senyè a, Bondye nou an, pral chache nou jouk la pou l sanble nou ankò. Senyè a va fè nou tounen nan peyi kote zansèt nou yo te rete a, n'a tounen pran l pou nou ankò. L'a fè nou plis byen pase sa l te fè pou zansèt nou yo, l'a fè nou vin pi plis pase zansèt nou yo. Senyè a, Bondye nou an, va mete mak kontra li a sou kè nou ak sou kè pitit nou yo, pou nou ka renmen l ak tout kè nou, ak tout nanm nou, pou nou ka gen lavi. Senyè a, Bondye nou an, va fè tout madichon sa yo tonbe sou lènmi nou yo, sou moun ki pat vle wè nou yo, sou moun ki t'ap maltrete nou yo. Men, nou menm, n'a tounen vin jwenn Senyè a, n'a koute l, n'a fè tou sa li ban nou lòd fè a, jan mwen mande nou li jòdi a. Senyè a, Bondye nou an, va kouvri nou anba benediksyon. Li va fè tout zafè nou mache byen, l'a ban nou anpil pitit, l'a ban nou anpil bèt, l'a fè jaden nou yo bay bèl rekòt. Paske, Senyè a va pran plezi ankò pou l fè nou viv ak kè kontan, menm jan li te pran plezi fè sa pou zansèt nou yo. Men, n'a gen pou nou koute Senyè a, Bondye nou an, n'a gen pou nou kenbe tout kòmandman li yo ak tout regleman li yo, tou sa ki ekri nan liv lalwa a. Wi, se pou nou tounen vin jwenn Senyè a, Bondye nou an, ak tout kè nou, ak tout nanm nou. Kòmandman m'ap ban nou jòdi a, se pa bagay nou pa kapab fè, bagay nou pa ka rive fè. Se pa nan syèl la li ye pou n ta di: Kilès ki pral moute al chache l nan syèl la pou fè nou tande l, pou n ka fè sa l mande nou fè a? Se pa lòt bò lanmè li ye nonplis pou nou ta di: Kilès ki pral janbe lanmè al chache l pou nou ka tande sa l di, pou nou ka fè sa l mande nou fè a? Non. Li la toupre nou. Li nan bouch nou, li nan tèt nou pou nou ka fè sa l mande nou fè a.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an