Danyèl 2

2
Rèv wa Nebikadneza a
1Wa Nebikadneza t'ap mache sou dezan depi #Jen 41.8; Estè 6.1; Da 4.5 li t'ap gouvènen, lè li fè divès rèv. Sa te boulvèse lespri l anpil. Li pat ka dòmi. 2Li #Det 18.10,11; Eza 47.9,12; Da 1.20 fè chache divinò, moun ki li zetwal, moun ki fè cham ak nèg save #2.2: nèg save: Tèks ebre a bay kaldeyen, osinon moun peyi Kalde. Nan tout Mezopotami lè sa a se kaldeyen yo te rele nèg save yo. Sa pa vle di se moun peyi Kalde yo ye pou sa. Men, paske moun peyi Kalde yo te fò anpil, depi yon moun te fò tankou yo yo rele l kaldeyen. pou yo vin esplike wa a rèv li fè yo. Lè yo rive, yo kanpe devan wa a. 3Wa a di yo konsa:
— Mwen fè yon rèv k'ap boulvèse m anpil. Mwen ta renmen nou fè m konnen sa li vle di.
4 # 2.4: Pran depi isit la rive nan fen chapit sèt la, se nan lang arameyen an liv la ekri. Mesye #1 Wa 1.31; Ney 2.3 yo reponn wa a nan lang arameyen. Yo di l konsa:
— Se pou wa a viv pou tout tan! Se sèvitè ou nou ye. Rakonte nou rèv la, n'a esplike ou sa l vle di.
5Wa a #Esd 6.11; Da 3.29 reponn, li di mesye yo:
— Mwen deside se nou ki pou rakonte m rèv mwen te fè a, lèfini, pou nou fè m konnen sa li vle di. Si nou pa kapab, m'ap fè yo depatcha nou, m'ap fè yo kraze kay nou ra pye tè. 6Men, #Da 5.7,16 si nou rakonte m rèv mwen te fè a, si nou fè m konnen sa li vle di, m'ap fè nou kado anpil bagay. M'ap fè bèl bagay pou nou. Annou wè. Rakonte m rèv la. Di m sa li vle di.
7Mesye yo reponn wa a yon dezyèm fwa:
— Si mounwa ta vle rakonte nou rèv la, n'a fè l konnen sa li vle di.
8Wa a di:
— Mwen sèten nou sòti pou n fè lè, paske nou konnen mwen fin deside 9si nou pa rakonte m rèv la, m'ap fè nou tout pase menm jan an. Nou mete tèt ansanm pou nou ban m manti, paske nou kwè yon lè sa va chanje. Se nou ki pou rakonte m rèv mwen te fè a. Lè sa a, m'a konnen nou ka di m sa rèv la vle di.
10Nèg save yo reponn wa a, yo di l konsa:
— Pa gen pèsonn sou tout latè ki ka fè wa a konnen sa l'ap mande la a. Se poutèt sa, pa janm gen wa, li te mèt gran kou l gran, li te mèt gen pouvwa pase sàn pa konnen, ki ka mande yon majisyen, yon moun ki li zetwal osinon yon nèg save bagay konsa. 11Sa #Da 5.11,14 monwa ap mande la a se yon bagay ki difisil anpil. Pa gen moun sou latè ki ka fè l pou ou. Se bondye yo ase ki ka fè sa. Men, bondye yo pa rete nan mitan moun.
12#Mat 2.16 wa a tande sa, li move. Li fè yon sèl kòlè, li bay lòd touye dènye nèg save ki lavil Babilòn. 13Se #Da 1.4-7 konsa yo fè tout moun nan peyi a konnen yo ta pral touye tout nèg save yo. Y'al chache Danyèl ak zanmi l yo pou touye yo tou.
Bondye fè Danyèl konprann rèv la
14Lè sa a, Danyèl al jwenn Ajòk, kòmandan gad palè wa a ki t'ap pase pou l'al touye nèg save yo. Li pran san li pou l pale byen avè l. 15Li di Ajòk, ofisye wa a:
— Poukisa wa a bay lòd sevè sa a?
Ajòk rakonte Danyèl sa ki pase. 16Danyèl al mande wa a pou li ba li yon dèle pou l ka fè wa a konnen sa rèv la vle di. 17Apre sa, Danyèl al lakay li, epi li di Ananya, Michayèl ak Azarya, zanmi l yo, sa ki genyen. 18Li #Jen 24.7 mande pou yo lapriyè Bondye ki nan syèl la pou li gen pitye pou yo, pou li fè yo konprann rèv la, konsa yo p'ap touye ni yo menm ni lòt nèg save lavil Babilòn yo.
19Menm #Nonb 12.6; Jòb 33.15,16; Rev 11.13; 16.11 jou lannwit sa a, Bondye fè Danyèl konprann rèv la nan yon vizyon. Lè sa a, Danyèl fè lwanj Bondye ki nan syèl la. 20Li #1 Kwo 29.10; Ney 9.5; Jòb 12.13; Lik 1.68; Rev 5.12 di:
— Benediksyon pou Bondye pou tout tan tout tan.
Se li ki gen tout konesans, se li ki gen tout fòs.
21Li #Jòb 12.18; Sòm 75.7; Pwo 2.6; Da 4.17; 5.20; Tra 1.7; Wòm 13.1; Jak 1.5 kontwole sezon yo ak lè pou chak bagay rive.
Se li ki desann wa yo, se li ki moute wa yo.
Se li ki bay nèg save yo bon konprann ak nèg lespri yo konesans.
22Se #Jòb 12.22; Sòm 139.12; 1 Tim 6.16; Jak 1.17; 1 Jan 1.5 li ki fè moun konnen tout sekrè ki kache.
Li konnen tou sa ki nan fènwa.
Limyè klere kote l pase.
23Bondye #Det 26.7 zansèt mwen yo,
m'ap fè lwanj ou, m'ap di ou mèsi
paske ou ban m fòs ak bon konprann.
Ou fè m konnen sa nou te mande ou la,
ou fè nou konnen sa ki t'ap boulvèse wa a.
Danyèl fè wa a konnen rèv la
24Lamenm, Danyèl al jwenn Ajòk, nonm wa a te bay lòd al touye tout nèg save lavil Babilòn yo. Li di l konsa:
— Pa touye nèg save lavil Babilòn yo. Mennen m bò kote wa a, m'a di l sa rèv li te fè a vle di.
25Ajòk prese mennen Danyèl bay wa a. Epi li di:
— Monwa, mwen jwenn yon nonm nan jwif yo te depòte yo ki ka di ou sa rèv ou te fè a vle di.
26Wa a #Da 1.7 di Danyèl yo te rele Bèltechaza a:
— Eske ou ka di m rèv mwen te fè a? Eske ou ka fè m konnen sa l vle di?
27Danyèl #Da 4.7 reponn:
— Monwa, pa gen nèg save, pa gen divinò, pa gen majisyen, ata moun ki konn li zetwal, ki ka fè ou konnen sa. 28Men, #1 Kor 2.10,11 gen yon Bondye nan syèl la ki devwale tout sekrè ki kache. Se li k'ap fè ou konnen sa ki gen pou rive pita. Men rèv ou te fè a, men vizyon ou te wè pandan ou t'ap dòmi an.
29Lè sa a, monwa t'ap dòmi, tèt ou pran travay sou sa ki gen pou rive pita. Epi Bondye ki devwale tout sekrè fè ou konnen sa ki pral rive. 30Konnen #Jen 41.16 byen, monwa, se pa paske mwen gen plis konprann pase tout moun ki fè m rive konnen sekrè sa a. Men, se pou wa a ka rive konnen sans rèv li te fè a, pou l ka konprann tout lide sa yo ki t'ap travay nan tèt li a.
31Monwa, ou fè yon vizyon. Ou wè yon gwo estati byen wo kanpe devan ou. Li te klere kou sa m pa konnen. Bagay pou fè moun pè anpil. 32Tèt li te fèt an lò, lestonmak li ak de bra l yo te fèt an ajan, vant li ak de kwis li yo te fèt an kwiv, 33de janm li yo te fèt an fè, pye l yo menm te mwatye an fè, mwatye an tè krich. 34Antan #Mat 21.44 ou t'ap gade l konsa, yon wòch pran woule desann sòti kote l sòti a, san se pa pèsonn ki voye l, li vin frape estati a nan pye l yo ki te fèt mwatye an fè mwatye an tè krich, li kraze yo an miyèt moso. 35Lamenm, #Rev 20.11 fè, tè krich, kwiv, ajan, lò tonbe atè, yo tounen pousyè tankou pousyè sou glasi nan sezon chalè. Yon van soufle, li pote yo ale, li pa kite yon ti remak. Men, wòch ki te frape estati a pran grandi, li grandi, li grandi jouk li tounen yon gwo mòn ki kouvri tout latè.
36Sa se rèv ou te fè a. Kounyeya, monwa, mwen pral fè ou konnen sa li vle di. 37Monwa, #Esd 1.2; 7.12; Eze 26.7; Da 5.18 se ou ki pi gran pase tout wa. Se Bondye nan syèl la ki mete ou wa, li ba ou pouvwa, li ba ou fòs, li fè moun fè lwanj ou. 38Li #Jer 27.6 mete ou chèf pou ou gouvènen tout moun ki rete sou latè, pou ou gouvènen ata zannimo ak zwazo. Se ou menm ki tèt an lò a. 39Apre #Da 5.28,31 ou, va gen yon lòt pèp k'ap pran gouvènman an. Men, gouvènman wa li a p'ap ka wè devan pa ou la. Konsa tou apre sa, va gen yon twazyèm pèp k'ap pran gouvènman an ankò. Se va tankou kwiv devan lò ou la. Li menm tou, l'ap donminen sou tout latè. 40Apre #Da 7.7,23 sa ankò, va gen yon katriyèm pèp k'ap pran gouvènman an. L'ap di kou fè. L'ap kraze brize. Menm jan fè kraze tout bagay, se konsa l'ap kraze lòt nasyon yo, l'ap fè yo tounen pousyè.
41Ou te wè tou de pye yo ak tout zòtèy yo te mwatye an fè mwatye an tè krich. Sa vle di, ape gen divizyon nan dènye gouvènman an. L'ap yon ti jan solid tankou fè, menm jan ou te wè fè melanje ak tè krich la. 42Zòtèy yo tou te mwatye fè, mwatye tè krich. Sa vle di, yon pòsyon nan gouvènman sa a pral gen fòs, yon lòt pòsyon pral fèb. 43Ou te wè fè a te melanje ak tè krich la, men yo pat pran. Konsa tou, chèf gouvènman sa yo pral seye mete tèt yo ansanm. Y'ap fè de fanmi yo marye yonn ak lòt. Men, sa p'ap mache. 44Nan #Da 4.3,34; 6.26; 7.14,27; Mi 4.7; Lik 1.33; Jan 18.36; 1 Kor 15.24; Rev 11.15 reny dènye chèf sa yo, Bondye nan syèl la pral fè yon lòt chèf parèt, l'ap pran gouvènman an nan men yo pou tout tan. Li p'ap janm pase yon lòt li. Men, l'ap kraze tout lòt pèp yo, l'ap detwi yo. Li menm l'ap kanpe la pou tout tan. 45Ou te wè ki jan yon wòch te pran desann sòti kote l sòti a, san se pa pèsonn ki voye l, epi li kraze gwo estati ki te fèt an fè, kwiv, tè krich, ajan ak lò a, pa vre? Bondye ki gen anpil pouvwa a fè monwa konnen sa ki gen pou rive nan tan k'ap vini an. Rèv ou te fè a klè. Sans mwen fè ou konnen an sèten.
Wa a bay Danyèl gwo rekonpans
46#Tra 10.25; 14.13 sa a, wa Nebikadneza tonbe ajenou, li bese tèt li jouk atè devan Danyèl, epi li bay lòd pou yo fè ofrann bèt pou touye ak lòt ofrann ba li. 47Wa a #Det 10.17; Da 11.36; 1 Kor 14.25; 1 Tim 6.15; Rev 17.14 di Danyèl konsa:
— Se vre wi! Bondye ou la gen plis pouvwa pase tout lòt bondye yo. Se li ki chèf tout wa, se li menm ki fè moun konnen sekrè ki kache, depi ou te ka fè m konprann sans rèv mwen te fè a.
48Wa a #Da 2.6; 4.9; 5.11 mete Danyèl nan yon gwo pozisyon, li fè l kado anpil bèl bagay, li nonmen l gouvènè pwovens Babilòn lan, li mete l sèl chèf sou tout nèg save lavil Babilòn yo. 49Danyèl mande wa a pou li mete Chadrak, Mechak ak Abèdnego reskonsab òganize travay gouvènman an nan pwovens Babilòn lan. Danyèl menm te rete nan palè wa a.

Chwazi Kounye ya:

Danyèl 2: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte