Danyèl 1

1
ISTWA DANYÈL AK ZANMI L YO
(1—6)
Danyèl ak zanmi l yo nan palè wa Nebikadneza
1Nan twazyèm lanne reny Jojakim, wa #2 Wa 24.1,2 peyi Jida a, Nebikadneza, #1.1: Nebikadneza: Se konsa jwif yo te rele Nabikodonozò, wa Babilòn lan. wa lavil Babilòn, vin atake lavil Jerizalèm. Li sènen l toupatou. 2Senyè a #2 Wa 24.13; Esd 5.14; Da 5.2 kite l mete men sou wa Jojakim ak bonkou nan bagay yo te mete apa pou fè sèvis Bondye nan Tanp lan. Nebikadneza mennen kèk prizonye avè l nan tanp bondye pa l yo lavil Babilòn. #1.2: Babilòn: Tèks ebre a bay Chinea. Se te yon lòt non yo te konn bay lavil Babilòn. Lèfini li mete bagay li te pran yo nan depo tanp bondye pa l yo.
3Wa a #2 Wa 20.18 te bay Achpenaz, kòmandan nèg konfyans li yo, lòd pou l te chwazi nan moun pèp Izrayèl yo te depòte yo kèk jenn gason ki sòti nan fanmi wa a, osinon nan fanmi grannèg yo. 4Se pou jenn mesye sa yo bèl gason san okenn enfimite. Se pou yo gen bon konprann, bon levasyon ak anpil konesans pou yo ka sèvi nan palè wa a. Achpenaz te gen pou l te moutre yo jan pou yo li, jan pou yo ekri lang moun Babilòn yo. 5Wa a te bay lòd pou chak jou yo te pran nan manje ak nan diven yo sèvi sou tab wa a pou ba yo. Se pou yo pase twazan konsa. Apre sa, y'a parèt devan wa a pou sèvis li. 6Nan jenn gason yo te chwazi yo te gen kat ki te sòti nan branch fanmi Jida: se te Danyèl, Ananya, Michayèl ak Azarya. 7Kòmandan #2 Wa 23.34; 24.17; Da 3.12 nèg konfyans wa yo te chanje non ti mesye yo. Li te rele Danyèl Bèltechaza, Ananya Chadrak, Michayèl Mechak, Azarya Abèdnego.
8Danyèl te pran desizyon nan kè l pou l pat manyen ni manje ni diven yo sèvi nan palè wa a pou l te ka toujou nan kondisyon pou l sèvi Bondye l. Se konsa, l'al jwenn kòmandan nèg konfyans wa a, li mande l pèmisyon pou l pa blije manje manje sa yo. 9Bondye #Jen 39.21; Estè 2.9; Sòm 106.46; Pwo 16.7 fè Achpenaz, kòmandan nèg konfyans wa a, te renmen Danyèl, san l te ale avè l. 10Men, Achpenaz di Danyèl konsa:
— Mwen pè wa a, mèt mwen an. Se wa a menm ki deside sa pou n manje ak sa pou n bwè. Si nou pa anfòm tankou lòt jenn gason menm laj avè nou yo, nou ka lakòz wa a touye m.
11Lè sa a, Danyèl al jwenn gad kòmandan an te mete reskonsab li ansanm ak Ananya, Michayèl ak Azarya. Li di l:
12— Pandan #Rev 2.10 dis jou ban nou legim ase pou n manje ak dlo pou nou bwè. 13Apre sa, w'a wè ki jan nou ye devan lòt jenn gason yo k'ap manje manje wa a. Lè sa a, w'a fè sa ou vle avè nou, dapre sa w'a wè.
14Gad la dakò pou l ba yo yon chans pandan dis jou. 15Apre dis jou yo, figi ti mesye yo te pi fre, yo te pi anfòm pase jenn gason ki te manje manje wa a. 16Depi lè sa a, gad la pat ba yo manje ak diven wa a te bay pou yo a, li ba yo legim pito.
17Bondye #Da 2.23; 5.12; Jak 1.5 bay kat jenn gason sa yo konesans, lespri ak bon konprann pou yo te ka li tout kalite liv. Lèfini, li bay Danyèl don pou l te konprann sans tout kalite vizyon ak tout kalite rèv.
18Apre tan wa a te fikse a fin pase, Achpenaz mennen tout jenn gason yo bay wa Nebikadneza. 19Wa a pale ak yo tout. Nan mitan tout jenn gason yo li pat jwenn tankou Danyèl, Ananya, Michayèl ak Azarya. Se konsa yo rete nan palè a pou sèvi wa a. 20#Jen 41.24; Da 2.27 wa a mande yo konsèy pou nenpòt poblèm ki mande konesans ak lespri, li wè jenn gason sa yo te konnen dis fwa plis pase tout lòt divinò ak moun ki li zetwal nan tout peyi a. 21Se #Eza 44.28; 45.1; Da 6.28; 10.1 konsa, Danyèl rete nan palè a jouk lè wa Siris antre lavil Babilòn.

Chwazi Kounye ya:

Danyèl 1: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an