Danyèl 1:8-21

Danyèl 1:8-21 HAT98

Danyèl te pran desizyon nan kè l pou l pat manyen ni manje ni diven yo sèvi nan palè wa a pou l te ka toujou nan kondisyon pou l sèvi Bondye l. Se konsa, l'al jwenn kòmandan nèg konfyans wa a, li mande l pèmisyon pou l pa blije manje manje sa yo. Bondye fè Achpenaz, kòmandan nèg konfyans wa a, te renmen Danyèl, san l te ale avè l. Men, Achpenaz di Danyèl konsa: — Mwen pè wa a, mèt mwen an. Se wa a menm ki deside sa pou n manje ak sa pou n bwè. Si nou pa anfòm tankou lòt jenn gason menm laj avè nou yo, nou ka lakòz wa a touye m. Lè sa a, Danyèl al jwenn gad kòmandan an te mete reskonsab li ansanm ak Ananya, Michayèl ak Azarya. Li di l: — Pandan dis jou ban nou legim ase pou n manje ak dlo pou nou bwè. Apre sa, w'a wè ki jan nou ye devan lòt jenn gason yo k'ap manje manje wa a. Lè sa a, w'a fè sa ou vle avè nou, dapre sa w'a wè. Gad la dakò pou l ba yo yon chans pandan dis jou. Apre dis jou yo, figi ti mesye yo te pi fre, yo te pi anfòm pase jenn gason ki te manje manje wa a. Depi lè sa a, gad la pat ba yo manje ak diven wa a te bay pou yo a, li ba yo legim pito. Bondye bay kat jenn gason sa yo konesans, lespri ak bon konprann pou yo te ka li tout kalite liv. Lèfini, li bay Danyèl don pou l te konprann sans tout kalite vizyon ak tout kalite rèv. Apre tan wa a te fikse a fin pase, Achpenaz mennen tout jenn gason yo bay wa Nebikadneza. Wa a pale ak yo tout. Nan mitan tout jenn gason yo li pat jwenn tankou Danyèl, Ananya, Michayèl ak Azarya. Se konsa yo rete nan palè a pou sèvi wa a. Lè wa a mande yo konsèy pou nenpòt poblèm ki mande konesans ak lespri, li wè jenn gason sa yo te konnen dis fwa plis pase tout lòt divinò ak moun ki li zetwal nan tout peyi a. Se konsa, Danyèl rete nan palè a jouk lè wa Siris antre lavil Babilòn.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an