Amòs 8

8
Vizyon panyen fwi mi an
1Se konsa, Senyè a, Bondye a, fè m fè yon lòt vizyon. Nan vizyon an, mwen wè yon panyen plen fwi mi. 2Senyè a #Jer 24.1; Lam 4.18; Mi 7.1 mande m:
— Kisa ou wè la a, Amòs?
Mwen reponn:
— Yon panyen fwi mi.
Lè sa a, Senyè a di m konsa:
— Izrayèl, pèp mwen an, mi tou. Li rive sou dènye jou l yo. Mwen p'ap chanje lide pou m fè pa l ankò. 3Jou #Jer 16.4,6; Am 5.23; 6.9,10 sa a, se p'ap chante ki va gen nan palè a, se va rèl. Se Senyè a menm ki di sa. Va gen anpil kadav toupatou. Y'a voye yo jete san di krik.
Malè pral tonbe sou pèp Izrayèl
4Koute #Sòm 14.4 byen sa m'ap di nou la a, nou menm k'ap kraze pòv malere yo anba pye nou, nou menm k'ap fini ak malere yo nan peyi a. 5N'ap #Ney 13.15,16; Eze 45.10; Oze 12.7; Mi 6.10,11 plede di: Kilè fèt lalin nouvèl lan va pase pou nou ka vann diri nou? Kilè jou repo a va pase pou nou ka louvri depo nou yo pou nou vann? Lè sa a, n'a moute pri tout bagay, n'a sèvi ak fo mezi, n'a ranje balans yo pou nou ka twonpe pratik yo. 6N'a #Am 2.6 pran moun serye ki pa ka peye dèt yo, n'a achte yo pou sèvi esklav. N'a pran pòv malere ki pa gen senk, n'a achte yo pou pri yon pè sapat. N'a vann ata pay diri a pou gwo lajan.
7Senyè a #Oze 8.13 fè sèman sou tèt li, li menm ki Bondye pèp Izrayèl la: Mwen p'ap janm bliye yonn nan move zak nou fè yo. 8Se #Oze 4.3; Zak 10.11 konsa latè pral pran tranble. Tout moun nan peyi a pral pran rele. Tout peyi a pral souke. L'ap moute, l'ap gonfle, apre sa l'ap desann tankou dlo larivyè Nil nan peyi Lejip.
9 # 8.9: Dapre lòt liv ki rakonte istwa peyi Lasiri, nan menm epòk ak epòk Amòs t'ap viv la, nan mwa jen lanne 763 anvan Kris la, gwo midi solèy la bouche, fènwa tonbe sou tout zòn Ti Lazi a. Men #Mi 3.6; Mat 24.29 pawòl Senyè a, Bondye a: Jou sa a, m'ap fè solèy la kouche gwo midi. Fènwa ap tonbe sou peyi a gwo lajounen. 10M'ap #Eza 3.24; Jer 6.26; Oze 2.11 fè nou sispann fè fèt. N'a nan gwo lapenn. M'ap fè nou sispann chante, n'a nan rele. M'ap fè nou mete rad sak kòlèt sou nou. N'a kale tèt nou. M'ap fè nou tonbe nan lapenn tankou moun k'ap kriye pou sèl pitit gason yo ki mouri. Se nan kè sere jounen sa a ap fini pou tout moun.
11Men #Sòm 74.9; Eza 8.20,21; Mi 3.7 yon jou gen pou rive. Jou sa a, mwen pral voye yon sèl grangou sou peyi a. Se p'ap dèyè pen pou yo manje, ni dèyè dlo pou yo bwè y'a kouri. Men, se mesay ki sòti nan bouch Senyè a y'a anvi tande. Se Senyè a menm ki di sa. 12#Am 4.8 sa a, moun va pran kouri sòti nan no al nan sid, sòti nan lès al nan lwès. Y'a mache toupatou ap chache yon pawòl nan bouch Senyè a. Men, yo p'ap jwenn.
13Nan tan sa a, bèl jenn fi yo ak jenn gason yo va tonbe feblès paske yo p'ap jwenn sa y'ap pwonmennen chache a. 14Kanta #1 Wa 12.29,30; Oze 10.8; Tra 9.2 pou moun k'ap fè sèman sou Achima, zidòl peyi Samari a, moun sa yo k'ap plede di: Anverite bondye Dann lan! Anverite bondye Bècheba a! yo gen pou yo tonbe pou yo pa janm ka leve ankò.

Chwazi Kounye ya:

Amòs 8: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte