Amòs 3

3
1Nou menm pèp Izrayèl, tande mesay #Am 2.10; 7.16 Senyè a te bay sou nou, sou nasyon li te fè sòti kite peyi Lejip la. 2Nan #Det 7.6; Sòm 147.19,20; Mat 11.21-23; Wòm 2.9 tout pèp ki sou latè, se nou menm sèl mwen te chwazi, se nou menm ase mwen te okipe. Se poutèt sa, m'ap pini nou pou tout peche nou fè yo.
Travay pwofèt yo
3Ou janm wè de moun pati ansanm al nan vwayaj
san yo pat antann yo anvan?
4Ou janm tande yon lyon gwonde nan rakbwa
san li pa gentan jwenn sa pou l manje a anvan?
Ou janm tande yon jenn ti lyon ap gwonde nan twou li
san li pa gen anyen nan bouch li?
5Ou janm wè yon zwazo desann atè vin pran nan pèlen
si yo pa mete manje nan pèlen an anvan?
Ou janm wè yon pèlen pati si pa gen bèt ki pran ladan l?
6Ou #Eze 33.4; Eza 45.7; Mi 1.12 janm wè yo kònen klewon pou fè konnen lagè pral konmanse pou kè moun pa kase?
Eske malè ka tonbe sou yon lavil si se pa Senyè a ki lakòz?
7Konsa #Jen 18.17 tou, ou mèt sèten, Senyè a p'ap janm fè anyen
san li pa fè pwofèt yo, moun k'ap sèvi l yo, konnen.
8#Nonb 22.38 lyon gwonde, ki moun ki p'ap gen kè kase?
Lè Senyè a pale, ki moun ki ka enpoze pwofèt yo bay mesay la?
Malè tonbe sou peyi Samari
9Men #1 Wa 16.24; 21.1-16 sa pou ou fè moun ki rete nan gwo kay peyi Lejip ak nan peyi Asdòd yo konnen: Nou tout, sanble sou mòn Samari yo. Vin wè ki kalite dezòd ki gen la, ki kantite krim k'ap fèt la. 10Yo #Eza 3.14,15; Mi 6.10-12 pa konn jan pou yo fè sa ki dwat devan Bondye. Se mwen menm, Senyè a, ki di sa. Yo plen kay yo ak bagay yo pran nan vòlò ak nan sasinen moun. 11Se #2 Wa 17.5,6; Eza 39.6 sa ki fè, men sa Senyè a, Bondye a, di: Yon lènmi gen pou vin sènen peyi a, l'a kraze tout fò k'ap pwoteje ou yo, l'ap piye tout gwo kay ou yo.
12 # 3.12: Fen vèsè sa a pa klè nan tèks ebre a. Senyè a #Egz 22.13 di konsa: Lè yon lyon fin devore yon ti mouton, tou sa gadò a resi sove se renk de pye ak yon ti moso zòrèy. Konsa tou, se de twa nan moun pèp Izrayèl ki rete lavil Samari yo k'ap sove, yo menm ki rete nan yon ti kwen kay, sou yon moso kabann.
13Koute #Sòm 50.7 byen. Avèti pitit pitit Jakòb yo. Men sa Senyè a, Bondye ki gen tout pouvou a, di: 14#1 Wa 13.1-3; Oze 10.15 jou a rive pou m pini pèp Izrayèl la pou peche l yo, m'a detwi tout lotèl ki nan lavil Betèl la. Kòn lotèl yo ap kase, y'ap tonbe atè. 15M'ap #Jij 3.20; 1 Wa 22.39; Jer 36.22 detwi kay yo fè pou sezon fredi ak kay yo fè pou sezon chalè. M'ap demoli kay yo fè ak ivwa yo ra tè. Tout gwo kay yo pral disparèt. Se Senyè a menm ki di sa.

Chwazi Kounye ya:

Amòs 3: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte