Travay 5:27-42

Travay 5:27-42 HAT98

Lè yo mennen yo tounen, yo fè yo konparèt devan Gran Konsèy la. Epi granprèt la pran poze yo kèsyon. Li di yo: — Eske nou pat defann nou pale ak pèp la nan non nonm sa a? Gade sàn fè. Nou gaye pawòl nou yo nan tout Jerizalèm. Nou vle rann nou reskonsab lanmò nonm lan. Pyè ansanm ak lòt apòt yo reponn li: — Se pou n obeyi Bondye pase pou n obeyi moun. Bondye zansèt nou yo te fè Jezi leve sòti vivan nan lanmò, Jezi nou te fè touye lè n te kloure l sou kwa a. Bondye fè l moute chita sou bò dwat li, li mete l Chèf sou nou, li fè l delivre nou. Li fè sa pou bay pèp Izrayèl la yon bèl chans pou l tounen vin jwenn Bondye, pou l resevwa padon pou peche l yo. Nou se temwen tout bagay sa yo, nou menm ansanm ak Sentespri Bondye bay tout moun ki obeyi l yo. Lè yo tande pawòl sa yo, manm Gran Konsèy yo fin pran chenn. Tèlman yo te ankòlè, yo te vle fè touye apòt yo. Men, te gen nan mitan yo, Gamalyèl, yon farizyen. Se te yon direktè lalwa pèp la te respekte anpil. Li kanpe nan mitan Gran Konsèy la, li mande fè apot yo soti yon moman. Apre sa, li di: — Nou menm moun pèp Izrayèl, pran tèt nou anvan nou fè sa nou pral fè ak mesye yo. Sa pa gen lontan, Tedas te parèt. Li te pran pòz enpòtan li. Li te jwenn katsan moun konsa ki te fè bann ak li. Yo touye li, epi tout moun ki t'ap swiv li yo gaye. Se konsa mouvman an te tou kraze. Apre sa, lè resansman an, te gen Jida, yon nonm Galile, ki te parèt. Li te trennen yon bann moun dèyè li. Li menm tou, yo touye li. Epi tout moun ki t'ap swiv li yo gaye tou. Pou kounyeya, men sa m'ap di nou: Pa okipe mesye sa yo ankò. Kite y ale. Si plan travay yo a sòti nan lèzòm, li gen pou l disparèt. Men, si sa soti nan Bondye, nou p'ap kapab kraze li. Atansyon pou se pa avèk Bondye nou annafè tande! Manm Konsèy yo tonbe dakò avèk Gamalyèl. Yo rele apòt yo ankò. Yo fè yo bat yo byen bat, yo pase yo lòd pou yo pa pale nan non Jezi ankò. Apre sa yo lage yo. Apòt yo kite Gran Konsèy la. Yo te kontan dèske Bondye te wè yo merite pou moun te avili yo konsa poutèt non Jezi. Toulejou, yo te nan tanp lan, yo t'ap mache kay an kay, yo pat janm sispann moutre moun yo anpil bagay. Yo t'ap anonse Bon Nouvèl ki pale sou Jezikri a.