Travay 5:27-42

Travay 5:27-42 1998 Haïtienne (HAT98)

Lè yo mennen yo tounen, yo fè yo konparèt devan Gran Konsèy la. Epi granprèt la pran poze yo kèsyon. Li di yo: — Eske nou pat defann nou pale ak pèp la nan non nonm sa a? Gade sàn fè. Nou gaye pawòl nou yo nan tout Jerizalèm. Nou vle rann nou reskonsab lanmò nonm lan. Pyè ansanm ak lòt apòt yo reponn li: — Se pou n obeyi Bondye pase pou n obeyi moun. Bondye zansèt nou yo te fè Jezi leve sòti vivan nan lanmò, Jezi nou te fè touye lè n te kloure l sou kwa a. Bondye fè l moute chita sou bò dwat li, li mete l Chèf sou nou, li fè l delivre nou. Li fè sa pou bay pèp Izrayèl la yon bèl chans pou l tounen vin jwenn Bondye, pou l resevwa padon pou peche l yo. Nou se temwen tout bagay sa yo, nou menm ansanm ak Sentespri Bondye bay tout moun ki obeyi l yo. Lè yo tande pawòl sa yo, manm Gran Konsèy yo fin pran chenn. Tèlman yo te ankòlè, yo te vle fè touye apòt yo. Men, te gen nan mitan yo, Gamalyèl, yon farizyen. Se te yon direktè lalwa pèp la te respekte anpil. Li kanpe nan mitan Gran Konsèy la, li mande fè apot yo soti yon moman. Apre sa, li di: — Nou menm moun pèp Izrayèl, pran tèt nou anvan nou fè sa nou pral fè ak mesye yo. Sa pa gen lontan, Tedas te parèt. Li te pran pòz enpòtan li. Li te jwenn katsan moun konsa ki te fè bann ak li. Yo touye li, epi tout moun ki t'ap swiv li yo gaye. Se konsa mouvman an te tou kraze. Apre sa, lè resansman an, te gen Jida, yon nonm Galile, ki te parèt. Li te trennen yon bann moun dèyè li. Li menm tou, yo touye li. Epi tout moun ki t'ap swiv li yo gaye tou. Pou kounyeya, men sa m'ap di nou: Pa okipe mesye sa yo ankò. Kite y ale. Si plan travay yo a sòti nan lèzòm, li gen pou l disparèt. Men, si sa soti nan Bondye, nou p'ap kapab kraze li. Atansyon pou se pa avèk Bondye nou annafè tande! Manm Konsèy yo tonbe dakò avèk Gamalyèl. Yo rele apòt yo ankò. Yo fè yo bat yo byen bat, yo pase yo lòd pou yo pa pale nan non Jezi ankò. Apre sa yo lage yo. Apòt yo kite Gran Konsèy la. Yo te kontan dèske Bondye te wè yo merite pou moun te avili yo konsa poutèt non Jezi. Toulejou, yo te nan tanp lan, yo t'ap mache kay an kay, yo pat janm sispann moutre moun yo anpil bagay. Yo t'ap anonse Bon Nouvèl ki pale sou Jezikri a.

Travay 5:27-42 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Les gardes amènent les apôtres devant le Tribunal religieux. Le grand-prêtre les interroge. Il leur dit : « Nous vous avions sévèrement interdit d’enseigner au nom de cet homme-là, mais vous, vous avez rempli Jérusalem de votre enseignement ! Vous voulez donc nous rendre responsables de sa mort ! » Pierre et les autres apôtres répondent : « Il faut obéir à Dieu plutôt qu’aux hommes. Vous, vous avez tué Jésus en le clouant sur une croix, mais le Dieu de nos ancêtres l’a réveillé de la mort. Dieu l’a élevé par sa puissance. Il l’a fait Chef et Sauveur, pour que le peuple d’Israël change sa vie et reçoive le pardon de ses péchés. Nous sommes témoins de tout cela, nous et l’Esprit Saint, que Dieu a donné à ceux qui lui obéissent. » Quand les membres du Tribunal entendent ces paroles, ils sont furieux et ils veulent faire mourir les apôtres. Mais parmi eux, quelqu’un se lève. C’est un Pharisien appelé Gamaliel. Il est maître de la loi, et tout le peuple le respecte. Il demande de faire sortir les apôtres un moment et il dit : « Israélites, faites attention à ce que vous allez leur faire. Il n’y a pas longtemps, on a vu un homme appelé Theudas. Il disait qu’il était quelqu’un d’important, et 400 hommes environ l’ont suivi. Mais on l’a tué, et tous ceux qui étaient avec lui sont partis de tous les côtés et ils ont tous disparu. Ensuite, on a vu Judas le Galiléen. Il a entraîné beaucoup de monde avec lui. C’était au moment où l’empereur avait donné l’ordre de compter les habitants du pays. Mais Judas est mort, lui aussi, et tous ceux qui étaient avec lui sont partis de tous les côtés. Maintenant donc, je vous dis une chose : ne vous occupez plus de ces gens-là et laissez-les partir. Si leur projet et leur action viennent des hommes, cela disparaîtra. Mais si leur projet et leur action viennent de Dieu, vous ne pourrez pas les faire disparaître. Attention, il ne faut pas que Dieu nous trouve parmi ses ennemis ! » Les gens du Tribunal sont d’accord avec Gamaliel. Ils font venir les apôtres et ils les font frapper. Ils leur commandent de ne plus parler au nom de Jésus, puis ils les libèrent. Les apôtres quittent le Tribunal. Ils sont tout joyeux parce que Dieu les a jugés dignes de souffrir pour le nom de Jésus. Chaque jour, dans le temple et dans les maisons, ils continuent à enseigner et à annoncer cette Bonne Nouvelle : Jésus est le Messie.

Travay 5:27-42 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Lè mesye yo vini ak apot yo, yo mete yo kanpe devan Gran Konsèy la epi pi gran sakrifikatè a te pran poze yo kesyon. Pi gran sakrifikatè a di yo: “Èske nou pa t defann nou pale nan non nonm sa a? Epoutan, gade sa nou fè, nou ranpli tout Jerizalèm ak ansèyman nou yo epi nou vle rann nou menm lidè yo responsab lanmò li.” Men, Pyè ansanm ak lòt apot reponn yo di: “Se Bondye nou dwe obeyi, pase pou n obeyi moun. Nou te klouwe Jezi sou yon kwa epi nou touye li. Men Bondye zansèt nou Abraram, Izarak ak Jakòb te konn sèvi a, fè l leve vivan ankò. Se li menm Bondye fè monte nan syèl la vin chita sou bò dwat li. Li fè l tounen chèf nou ak sovè nou. Bondye fè sa pou l ka ofri pèp Izrayèl la yon okazyon pou l tounen vin jwenn Bondye, pou l ka resevwa padon pou peche l yo. Nou menm k ap pale avèk ou la a, nou se temwen tout bagay sa yo. Sentespri a Bondye bay tout moun ki chwazi obeyi l yo, li kapab jistifye tout bagay sa yo tou.” Lè lidè ki te nan Konsèy la tande pawòl sa yo, yo te tèlman fache jouk yo te rive pran desizyon pou yo te fini ak apot yo. Konsa, youn nan manm Konsèy la leve kanpe. Se te yon farizyen yo te rele Gamalyèl. Nonm sa a se te yon pwofesè lalwa tou epi tout pèp la te respekte. Li mande pou yo fè apot yo fè yon ti soti pou yon ti moman pou l ka di sa l gen pou di a. Gamalyèl di konsa: “Mesye frè m yo, fòk nou pran tèt nou byen wi, anvan nou fè sa nou gen entansyon fè ak mesye yo. Nou sonje, pa twò lontan, yon nonm ki te rele Tedas ki te parèt ap pran pòz li se kichòy. Te gen katsan (400) moun ki te met tèt ansanm ak li. Men Tedas mouri epi gwoup la gaye. Mouvman an tou mouri mouri l tou. Apre sa ankò, nan peryòd resansman an, te gen yon nonm ankò ki te rele Jida ki te parèt nan Galile. Li te gentan pran tèt yon bann moun ki te tonbe ap mache ak li. Men Jida mouri epi tout moun ki te avè l yo te gaye tou. Se poutèt sa m ap mande nou pou n kite mesye sa yo anrepo. Nou pa bezwen mete men sou yo. Paske si sa y ap fè a se bagay lèzòm, li p ap rive lwen. L ap kraze poukont li. Men, si sa y ap fè a soti nan Bondye, nou p ap ka kraze li. Fò n fè atansyon pou n pa tonbe nan goumen ak Bondye, paske nou pa ta vle sa. Tout manm konsèy la te dakò ak sa Gamalyèl te di a.” Konsa, yo fè apot yo retounen antre. Yo fè ba t yo byen bat. Yo fè presyon sou yo pou yo pa kontinye pale nan non Jezi. Apre sa, yo lage yo. Apot yo ale kite Konsèy Jwif yo. Yo t ap rejwi nan kè yo dèske Bondye te wè yo diy pou yo sibi lawont kon sa pou non Jezi. Chak jou ki pase, Apot yo te nan Tanp lan epi yo te mache kay an kay tou. Yo pa t janm sispann anseye sa Bib la di epi preche Bòn Nouvèl konsènan Jezikris la.

Travay 5:27-42 New International Version (NIV)

The apostles were brought in and made to appear before the Sanhedrin to be questioned by the high priest. “We gave you strict orders not to teach in this name,” he said. “Yet you have filled Jerusalem with your teaching and are determined to make us guilty of this man’s blood.” Peter and the other apostles replied: “We must obey God rather than human beings! The God of our ancestors raised Jesus from the dead—whom you killed by hanging him on a cross. God exalted him to his own right hand as Prince and Savior that he might bring Israel to repentance and forgive their sins. We are witnesses of these things, and so is the Holy Spirit, whom God has given to those who obey him.” When they heard this, they were furious and wanted to put them to death. But a Pharisee named Gamaliel, a teacher of the law, who was honored by all the people, stood up in the Sanhedrin and ordered that the men be put outside for a little while. Then he addressed the Sanhedrin: “Men of Israel, consider carefully what you intend to do to these men. Some time ago Theudas appeared, claiming to be somebody, and about four hundred men rallied to him. He was killed, all his followers were dispersed, and it all came to nothing. After him, Judas the Galilean appeared in the days of the census and led a band of people in revolt. He too was killed, and all his followers were scattered. Therefore, in the present case I advise you: Leave these men alone! Let them go! For if their purpose or activity is of human origin, it will fail. But if it is from God, you will not be able to stop these men; you will only find yourselves fighting against God.” His speech persuaded them. They called the apostles in and had them flogged. Then they ordered them not to speak in the name of Jesus, and let them go. The apostles left the Sanhedrin, rejoicing because they had been counted worthy of suffering disgrace for the Name. Day after day, in the temple courts and from house to house, they never stopped teaching and proclaiming the good news that Jesus is the Messiah.

Travay 5:27-42 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Après les avoir ramenés, ils les introduisirent dans la salle du Grand-Conseil. Le grand-prêtre leur dit : Nous vous avions formellement interdit d’enseigner au nom de cet homme. Et voilà que vous avez rempli Jérusalem de votre enseignement, et vous voulez nous rendre responsables de la mort de cet homme. Mais Pierre et les apôtres répondirent : Il faut obéir à Dieu plutôt qu’aux hommes. Le Dieu de nos ancêtres a ressuscité ce Jésus que vous avez mis à mort en le clouant sur le bois. Et c’est lui que Dieu a élevé pour siéger à sa droite, comme Chef suprême et Sauveur, pour accorder à Israël la grâce de changer et de recevoir le pardon de ses péchés. Et nous, nous sommes les témoins de ces événements, avec le Saint-Esprit que Dieu a donné à ceux qui lui obéissent. Ces paroles ne firent qu’exaspérer les membres du Grand-Conseil et ils voulaient faire mourir les apôtres. Mais l’un d’entre eux, un pharisien nommé Gamaliel, se leva pour donner son avis. C’était un éminent enseignant de la Loi, estimé de tout le peuple. Il demanda que l’on fasse sortir un instant les apôtres, puis il dit : Israélites, faites bien attention à ce que vous allez faire avec ces hommes. Rappelez-vous : il y a quelque temps, on a vu paraître un certain Theudas qui se donnait pour un personnage important. Il a entraîné quelque quatre cents hommes à sa suite. Or, il a été tué, et tous ceux qui s’étaient ralliés à lui furent dispersés et l’on n’en entendit plus parler. Après lui, à l’époque du recensement, Judas de Galilée a fait son apparition. Lui aussi a attiré à lui bien des gens. Il a péri à son tour et tous ses partisans furent mis en déroute. A présent donc, voici mon avis : Ne vous occupez plus de ces hommes et laissez-les partir. De deux choses l’une : ou bien leur projet et leur œuvre viennent des hommes et, dans ce cas, leur mouvement disparaîtra. Ou bien, il vient de Dieu, et alors, vous ne pourrez pas le détruire. Ne prenez pas le risque de lutter contre Dieu. Le Conseil se rangea à son avis : ils rappelèrent les apôtres, les firent battre, et leur défendirent de parler au nom de Jésus. Après quoi, ils les relâchèrent. Les apôtres quittèrent la salle du Conseil tout joyeux de ce que Dieu les ait jugés dignes de souffrir l’humiliation pour Jésus. Et chaque jour, dans la cour du Temple ou dans les maisons particulières, ils continuaient à enseigner et à annoncer le Messie Jésus.