Travay 5

5
Ananyas ak Safira
1Konsa tou, yon nonm yo te rele Ananyas ak Safira madanm li vann yon tè yo te genyen. 2Men, #Tra 4.37 dakò ak madanm li, Ananyas kenbe enpe nan lajan an pou li, epi l'al renmèt apòt yo rès la.
3#Jan 13.2 sa a, Pyè di li:
— Ananyas, ki jan ou fè kite Satan antre nan kè ou pou l fè ou bay Sentespri manti, pou l fè ou kenbe enpe nan lajan tè a pou ou? 4Anvan ou te vann tè a, se pa pou ou li te ye? Apre ou te fin vann li, tout lajan an te pou ou, pa vre? Ki jan ou fè mete nan tèt ou pou fè yon bagay konsa? Se pa moun ou bay manti non. Se Bondye ou twonpe.
5Lè Ananyas tande pawòl sa yo, li tonbe, li mouri frèt. Tout moun ki tande nouvèl la te pè anpil. 6Men, kèk jenn gason vini, yo vlope kò a. Yo pran l, y'al antere li.
7Twazèdetan apre, madanm Ananyas, ki pat konn sa k te rive, vin antre. 8Pyè mande li:
— Di mwen, eske se pou pri sa a nou te vann jaden an?
Li reponn:
— Wi, se pou pri sa a.
9Lè sa a, Pyè di li:
— Poukisa, ou menm ak mari ou, nou fè konbinezon sa a ansanm pou n chache pran Lespri Bondye a nan pèlen? Koute: Moun ki antere mari ou la, men yo la nan papòt la. Yo pral pote ou ale, ou menm tou.
10Menm lè a, li tonbe atè nan pye Pyè, li mouri frèt. Jenn gason yo antre, yo jwenn li mouri. Yo pran l, y'al antere bò kote mari li. 11Tout legliz la ak tout moun ki te tande bagay sa yo te pè anpil.
Apòt yo fè anpil mirak ak anpil bèl bagay
12Apòt #Tra 3.11 yo t'ap fè anpil mirak ak anpil bèl bagay nan mitan pèp la. Yo tout te reyini ansanm anba Galeri Salomon an. 13Tout moun te pè mele ak yo, apa moun ki te kwè yo. Men, pèp la t'ap pale byen sou yo. 14Anpil #Tra 2.47; 6.7; 21.20 moun, fanm kou gason, t'ap vin jwenn disip yo paske yo te kwè nan Senyè a.
15#Tra 19.11,12; Mak 6.56 sa a, yo tanmen pote moun malad yo deyò nan lari. Yo mete yo sou kabann, sou nat, yon jan pou lè Pyè vin ap pase menm lonbray li te ka kouvri kèk nan yo. 16Moun te sòti nan tout ti bouk ki nan vwazinay Jerizalèm. Yo pote moun malad ak moun move lespri t'ap toumante. Yo tout te geri.
Apòt yo anba pèsekisyon
17#Tra 4.1,6 sa a, yon sèl jalouzi pran granprèt la ansanm ak sadiseyen yo ki te patizan li. 18Yo fè arete apòt yo, mete yo nan gran prizon. 19Men, #Tra 12.7 nan mitan lannwit, yon zanj Bondye louvri pòt prizon an, li fè apòt yo sòti. Li di yo:
20— Ale kanpe nan mitan tanp lan, epi anonse pèp la tout bagay sou jan pou yo viv kounyeya.
21Apòt yo obeyi zanj lan: Nan granmaten, y'al nan tanp lan epi yo tanmen moutre pèp la anpil bagay.
Granprèt la ansanm ak patizan l yo sanble tout chèf fanmi nan pèp Izrayèl la, yo reyini Gran Konsèy la. Apre sa, yo voye chache apòt yo nan prizon an. 22Men, lè gad yo rive nan prizon an, yo pa jwenn yo. Yo tounen nan Gran Konsèy la, yo fè rapò yo. Yo di:
23— Nou jwenn prizon an byen fèmen, avèk gad yo nan pòs devan pòt prizon an. Men, lè nou louvri pòt yo, nou pa jwenn pèsonn anndan an.
24Lè kòmandan lagad tanp lan ak chèf prèt yo tande sa, yo t'ap mande ki jan apòt yo fè disparèt, kisa ki te rive. 25Men, yon moun vin rive, li di yo:
— Mesye nou te mete nan prizon yo, men yo nan tanp lan, y'ap pale ak pèp la.
26Lè sa a, kòmandan lagad la ale avèk gad li yo, li mennen apòt yo tounen. Men, yo pat aji brital ak yo paske yo te pè pou pèp la pat touye yo ak kout wòch. 27Lè yo mennen yo tounen, yo fè yo konparèt devan Gran Konsèy la. Epi granprèt la pran poze yo kèsyon. 28Li #Mat 27.25; Tra 4.18 di yo:
— Eske nou pat defann nou pale ak pèp la nan non nonm sa a? Gade sàn fè. Nou gaye pawòl nou yo nan tout Jerizalèm. Nou vle rann nou reskonsab lanmò nonm lan.
29Pyè #Tra 4.19; Da 3.18 ansanm ak lòt apòt yo reponn li:
— Se pou n obeyi Bondye pase pou n obeyi moun. 30Bondye #Det 21.22; Tra 3.15 zansèt nou yo te fè Jezi leve sòti vivan nan lanmò, Jezi nou te fè touye lè n te kloure l sou kwa a. 31Bondye #Tra 2.33; Eb 2.10; 12.2 fè l moute chita sou bò dwat li, li mete l Chèf sou nou, li fè l delivre nou. Li fè sa pou bay pèp Izrayèl la yon bèl chans pou l tounen vin jwenn Bondye, pou l resevwa padon pou peche l yo. 32Nou #Lik 24.48; Jan 15.26,27 se temwen tout bagay sa yo, nou menm ansanm ak Sentespri Bondye bay tout moun ki obeyi l yo.
33#Tra 7.54 yo tande pawòl sa yo, manm Gran Konsèy yo fin pran chenn. Tèlman yo te ankòlè, yo te vle fè touye apòt yo. 34Men, #Tra 22.3 te gen nan mitan yo, Gamalyèl, yon farizyen. Se te yon direktè lalwa pèp la te respekte anpil. Li kanpe nan mitan Gran Konsèy la, li mande fè apot yo soti yon moman. 35Apre sa, li di:
— Nou menm moun pèp Izrayèl, pran tèt nou anvan nou fè sa nou pral fè ak mesye yo. 36Sa #Tra 21.38 pa gen lontan, Tedas te parèt. Li te pran pòz enpòtan li. Li te jwenn katsan moun konsa ki te fè bann ak li. Yo touye li, epi tout moun ki t'ap swiv li yo gaye. Se konsa mouvman an te tou kraze. 37Apre #Lik 2.2 sa, lè resansman an, te gen Jida, yon nonm Galile, ki te parèt. Li te trennen yon bann moun dèyè li. Li menm tou, yo touye li. Epi tout moun ki t'ap swiv li yo gaye tou. 38Pou #Mat 15.13 kounyeya, men sa m'ap di nou: Pa okipe mesye sa yo ankò. Kite y ale. Si plan travay yo a sòti nan lèzòm, li gen pou l disparèt. 39Men, #Tra 9.5 si sa soti nan Bondye, nou p'ap kapab kraze li. Atansyon pou se pa avèk Bondye nou annafè tande!
Manm Konsèy yo tonbe dakò avèk Gamalyèl. 40Yo #Tra 22.19 rele apòt yo ankò. Yo fè yo bat yo byen bat, yo pase yo lòd pou yo pa pale nan non Jezi ankò. Apre sa yo lage yo. 41Apòt #Mat 5.10-12; 1 Pyè 4.13 yo kite Gran Konsèy la. Yo te kontan dèske Bondye te wè yo merite pou moun te avili yo konsa poutèt non Jezi. 42Toulejou, #Tra 18.5 yo te nan tanp lan, yo t'ap mache kay an kay, yo pat janm sispann moutre moun yo anpil bagay. Yo t'ap anonse Bon Nouvèl ki pale sou Jezikri a.

Chwazi Kounye ya:

Travay 5: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an