Travay 28

28
Pòl nan zile Malt
1Se lè nou fin sove nou vin konnen zile a te rele Malt. 2Moun #Tra 27.3; 2 Kor 11.27 peyi a te aji byen anpil avèk nou. Lapli t'ap tonbe, te fè frèt anpil. Yo limen yon gwo boukan pou resevwa nou. 3Pòl te ranmase yon ti pakèt fachin, li t'ap mete l nan dife a lè yon sèpan sòti nan chalè dife a, li vlope nan men li.
4Lè moun zile yo wè sèpan an pandye nan men Pòl, yonn t'ap di lòt:
— Gen lè nonm sa a se yon ansasen. Li chape nan nofraj la, epi men jistis Bondye ap pousib li toujou.
5Pòl #Mak 16.18 annik souke men l, epi bèt la tonbe nan dife a. Li pat santi anyen ankò. 6Lòt #Tra 14.11 moun yo menm t'ap tann pou yo wè Pòl vin anfle osinon pou l tonbe mouri frèt. Moun yo tann, yo tann. Lè yo wè anyen pa rive l, yo chanje lide, yo di:
— Nonm sa a, se yon bondye.
7Toupre bò la, te gen yon bitasyon ki te pou Pibliyis, pi gran notab sou zile a. Li resevwa nou ak kè kontan. Nou fè ladesant lakay li pandan twa jou. 8Papa Pibliyis te kouche malad ak yon lafyèb ak dyare. Pòl antre ale wè l, li lapriyè, li mete men l sou tèt li, li geri li. 9Apre sa, tout lòt moun ki te malad sou zile a te vini tou. Yo tout te geri. 10Yo fè nou anpil kado. Lè pou n anbake menm, yo ban nou tou sa nou te bezwen pou vwayaj la.
Pòl rive lavil Wòm
11Apre twa mwa, nou pati nan yon batiman Aleksandri ki te pase tan fredi a nan zile a. Batiman an te rele Marasa Maren. 12Lè nou rive Sirakiz, nou rete la pandan twa jou. 13Lè nou pati, nou lonje kòt la jouk nou rive Rijyo. Nan denmen, yon van swèt leve: apre de jou vwayaj nou rive Pouzòl. 14La, nou jwenn kèk frè ki mande pou n pase sèt jou ak yo. Se konsa nou rive lavil Wòm. 15Frè lavil Wòm yo ki te pran nouvèl nou vin kontre nou jouk nan Mache Apiyis ak nan Kalfou Twa Kafe. Lè Pòl wè yo, li di Bondye mèsi, li pran kouray. 16#Tra 27.3 nou rive Wòm, yo kite Pòl rete pou kont li ak yon sèl sòlda pou veye li.
Pòl bay mesay la lavil Wòm
17Apre #Tra 23.1 twa jou, Pòl fè rele chèf jwif yo ki lavil Wòm. Lè yo reyini, li di yo:
— Frè m yo, san m pa fè anyen kont pèp la, ni kont koutim zansèt nou yo, jwif yo rete konsa, yo arete m lavil Jerizalèm, yo lage m nan men women yo. 18Lè women yo fin kèsyonnen m, yo te vle lage m paske yo pat jwenn okenn rezon ki pou ta fè m merite lanmò. 19Men, #Tra 25.11 jwif yo kenbe la ak yo. Mwen te blije mande pou Seza tande kòz mwen. Men, mwen menm pou tèt pa m, mwen pa gen okenn plent pou m fè pou moun menm peyi avè m yo. 20Se #Tra 26.6,7 poutèt sa mwen fè rele nou pou m wè nou, pou m pale ak nou, pou m di nou se poutèt moun pèp Izrayèl t'ap tann lan kifè yo mare m ak chenn sa a.
21Yo reponn li:
— Nou pa resevwa okenn lèt sòti peyi Jide sou ou. Okenn frè pa sòti laba vin isit pou ban nou nouvèl, ni pou pale mal sou ou. 22Men, #Tra 24.14; Lik 2.34 nou ta renmen tande kisa ou gen nan tèt ou, paske nou konnen toupatou yo pa vle wè gwoup ou fè pati a.
23Yo fikse l yon jou. Lè sa a, yo te anpil ki te vin jwenn li kote li te ye a. Depi nan maten jouk nan aswè, Pòl t'ap ba yo esplikasyon: li t'ap fè yo konnen gouvènman Bondye ki wa a. Li pran lalwa Moyiz la ak liv pwofèt yo, li t'ap chache fè yo rekonèt ki moun Jezi ye. 24Gen ladan yo ki te kwè sa l t'ap di yo. Men, gen lòt ki pat vle kwè menm. 25Yo vire do yo san yo pat tonbe dakò. Lè Pòl wè sa, li ajoute pawòl sa a pou yo:
— Sentespri te gen rezon pale konsa ak zansèt nou yo nan bouch pwofèt Ezayi, lè l te di:
26Ale #Eza 6.9,10; Mat 13.14; Mak 4.12; Jan 12.40 jwenn pèp sa a, di li pou mwen:
Pou tande n'a tande,
men nou p'ap konprann anyen.
Kanta pou gade, n'a gade,
men nou p'ap wè anyen.
27Paske lespri pèp sa a vin lou,
yo bouche zòrèy yo, yo fèmen je yo,
pou yo pa wè ak je yo,
pou yo pa tande nan zòrèy yo,
pou yo pa konprann ak lespri yo,
pou yo pa tounen vin jwenn mwen pou m geri yo.
Se Bondye menm ki di sa.
28Apre #Sòm 67.2; 98.3; Lik 3.6; Tra 13.46 sa, Pòl di yo:
— Kounyeya, nou fèt pou nou konnen Bondye fè moun lòt nasyon yo konnen l'ap delivre yo tou. Yo menm, y'ap tande li.
[ 29Lè l te fin di sa, jwif yo al fè wout yo, yo t'ap diskite yonn ak lòt.]
30Pòl te rete pandan dezan nan yon kay li te lwe. Li te resevwa tout moun ki te vin wè li. 31Li #Tra 1.3; 28.23 t'ap fè konnen gouvènman Bondye ki wa a, li t'ap moutre moun yo tout bagay sou Jezikri, Senyè a, kareman san pèsonn pa janm chache l kont.

Chwazi Kounye ya:

Travay 28: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an