Travay 27:13-44

Travay 27:13-44 HAT98

Lè yo wè yon ti van swèt leve, yo te kwè yo te kapab rive Feniks. Yo leve lank, yo pran lonje lakòt zile a. Men yon lòt moman, yon gwo van nòde desann soti nan mòn zile a. Li pran trennen batiman an. Pat gen mwayen kenbe tèt ak li. Nou te blije kite l pote n ale. Nou pase bò anba yon ti zile yo rele Kloda. La, nou pran yon ti souf. Se pa ti traka anvan nou resi sove ti kannòt bò a. Yo rale l moute abò. Apre sa, yo pran mare kèk kòd, yo sentre batiman an byen sentre. Yo te pè tou pou batiman an pat al chwe sou yon fon plat ki nan mitan lanmè a devan peyi Libi. Yo desann vwal yo. Se konsa nou kite van an bwote nou. Gwo van an t'ap bat nou pi rèd. Nan denmen, nou te blije jete chay yo nan dlo. Nan denmen ankò, maren yo voye tout aparèj batiman an jete nan dlo ak pwòp men yo. Pandan plizyè jou nou pa wè ni solèy, ni zetwal. Van an menm t'ap soufle byen fò toujou. Lè n wè sa, nou pèdi tout espwa sove. Moun ki te abò yo pat manje anyen depi lontan. Pòl kanpe devan yo, li di yo konsa: — Mesye, nou te dwe koute mwen. Nou pat dwe sòti kite Krèt. Nou ta egzante tout danje sa yo ak tout pèt sa yo. Men, kounyeya, m'ap di nou pran kouray. Pèsonn p'ap mouri. Se batiman an ase k'ap pèdi. Yèswa, Bondye m'ap sèvi a, li menm ki mèt mwen, li voye yon zanj bò kote mwen, li di mwen: Pa pè, Pòl. Fòk ou konparèt devan Seza. Epi Bondye fè favè sa a pou ou: li ba ou lavi tout moun k'ap vwayaje ansanm avèk ou yo. Se poutèt sa, mesye, pran kouray. Mwen gen konfyans nan Bondye. Sa gen pou l rive jan li di m lan. Men, nou pral chwe sou yon zile. Sa te fè katòz nwit deja. Van an t'ap bwote nou toujou sou lanmè Mediterane a. Vè menwi konsa, maren yo vin santi nou t'ap pwoche bò yon tè. Yo mare yon sonn nan yon liny, yo lage l nan fon. Yo jwenn dlo a te gen ven bras. Pi devan ankò yo lage liny lan, yo jwenn kenz bras ase. Yo te pè pou batiman an pa moute sou resif. Yo lage kat lank nan dèyè batiman an. Yo t'ap tann solèy la leve. Maren yo menm t'ap chache chape kò yo. Yo desann ti kannòt bò a nan dlo, yo pran pretès yo ta pral mare kèk lank devan batiman an. Men, Pòl di kòmandan women an ak sòlda yo: — Si moun sa yo pa rete nan batiman an, nou yonn p'ap sove. Lè sa a, sòlda yo koupe kòd ki te mare ti kannòt bò a, yo kite l ale. Anvan solèy leve, Pòl mande tout moun pou yo manje yon ti manje. Li di yo: — Mezanmi, jòdi a fè katòz jou depi nou rete la san manje, n'ap tann. Tanpri, kounyeya, mete kichòy nan vant nou. N'a byen bezwen l pou nou sove. Ata yon branch cheve nou p'ap pèdi. Lè li fin di sa, Pòl pran pen, li di Bondye mèsi devan yo tout, li kase pen an, epi l konmanse manje. Tout moun reprann kouray. Yo menm tou yo manje. Te gen desanswasannsèz (276) moun antou abò batiman an. Lè yo fin manje kont yo, yo jete rès ble a nan lanmè pou deleste batiman an. Lè solèy leve, maren yo pat rekonèt tè a. Men, yo wè yon lans ak yon bèl plaj. Yo fè lide pran chans ale fè tè la. Yo lage lank. Yo demare kòd ki kenbe zaviwon gouvènay la. Yo ise vwal devan batiman an pou van an pouse li tou dwat devan yo. Yo mete kap sou rivaj la. Men, batiman an moute sou yon ban sab nan mitan de kouran, li chwe. Devan batiman an te antre kole nan sab la, dèyè a menm gwo lanm yo t'ap fin kraze li. Sòlda yo te vle touye prizonye yo pou okenn ladan yo pat naje sove. Men, kòmandan women an ki te vle sove Pòl di yo non pa fè sa. Li bay lòd pou tout moun ki konn naje jete kò yo nan dlo anvan pou y'al atè. Lòt moun yo va swiv apre, y'a kenbe kèk planch osinon kèk moso nan batiman an. Se konsa nou tout nou rive atè anbyen, san lòt donmaj ni malè.