Travay 27:13-44

Travay 27:13-44 1998 Haïtienne (HAT98)

Lè yo wè yon ti van swèt leve, yo te kwè yo te kapab rive Feniks. Yo leve lank, yo pran lonje lakòt zile a. Men yon lòt moman, yon gwo van nòde desann soti nan mòn zile a. Li pran trennen batiman an. Pat gen mwayen kenbe tèt ak li. Nou te blije kite l pote n ale. Nou pase bò anba yon ti zile yo rele Kloda. La, nou pran yon ti souf. Se pa ti traka anvan nou resi sove ti kannòt bò a. Yo rale l moute abò. Apre sa, yo pran mare kèk kòd, yo sentre batiman an byen sentre. Yo te pè tou pou batiman an pat al chwe sou yon fon plat ki nan mitan lanmè a devan peyi Libi. Yo desann vwal yo. Se konsa nou kite van an bwote nou. Gwo van an t'ap bat nou pi rèd. Nan denmen, nou te blije jete chay yo nan dlo. Nan denmen ankò, maren yo voye tout aparèj batiman an jete nan dlo ak pwòp men yo. Pandan plizyè jou nou pa wè ni solèy, ni zetwal. Van an menm t'ap soufle byen fò toujou. Lè n wè sa, nou pèdi tout espwa sove. Moun ki te abò yo pat manje anyen depi lontan. Pòl kanpe devan yo, li di yo konsa: — Mesye, nou te dwe koute mwen. Nou pat dwe sòti kite Krèt. Nou ta egzante tout danje sa yo ak tout pèt sa yo. Men, kounyeya, m'ap di nou pran kouray. Pèsonn p'ap mouri. Se batiman an ase k'ap pèdi. Yèswa, Bondye m'ap sèvi a, li menm ki mèt mwen, li voye yon zanj bò kote mwen, li di mwen: Pa pè, Pòl. Fòk ou konparèt devan Seza. Epi Bondye fè favè sa a pou ou: li ba ou lavi tout moun k'ap vwayaje ansanm avèk ou yo. Se poutèt sa, mesye, pran kouray. Mwen gen konfyans nan Bondye. Sa gen pou l rive jan li di m lan. Men, nou pral chwe sou yon zile. Sa te fè katòz nwit deja. Van an t'ap bwote nou toujou sou lanmè Mediterane a. Vè menwi konsa, maren yo vin santi nou t'ap pwoche bò yon tè. Yo mare yon sonn nan yon liny, yo lage l nan fon. Yo jwenn dlo a te gen ven bras. Pi devan ankò yo lage liny lan, yo jwenn kenz bras ase. Yo te pè pou batiman an pa moute sou resif. Yo lage kat lank nan dèyè batiman an. Yo t'ap tann solèy la leve. Maren yo menm t'ap chache chape kò yo. Yo desann ti kannòt bò a nan dlo, yo pran pretès yo ta pral mare kèk lank devan batiman an. Men, Pòl di kòmandan women an ak sòlda yo: — Si moun sa yo pa rete nan batiman an, nou yonn p'ap sove. Lè sa a, sòlda yo koupe kòd ki te mare ti kannòt bò a, yo kite l ale. Anvan solèy leve, Pòl mande tout moun pou yo manje yon ti manje. Li di yo: — Mezanmi, jòdi a fè katòz jou depi nou rete la san manje, n'ap tann. Tanpri, kounyeya, mete kichòy nan vant nou. N'a byen bezwen l pou nou sove. Ata yon branch cheve nou p'ap pèdi. Lè li fin di sa, Pòl pran pen, li di Bondye mèsi devan yo tout, li kase pen an, epi l konmanse manje. Tout moun reprann kouray. Yo menm tou yo manje. Te gen desanswasannsèz (276) moun antou abò batiman an. Lè yo fin manje kont yo, yo jete rès ble a nan lanmè pou deleste batiman an. Lè solèy leve, maren yo pat rekonèt tè a. Men, yo wè yon lans ak yon bèl plaj. Yo fè lide pran chans ale fè tè la. Yo lage lank. Yo demare kòd ki kenbe zaviwon gouvènay la. Yo ise vwal devan batiman an pou van an pouse li tou dwat devan yo. Yo mete kap sou rivaj la. Men, batiman an moute sou yon ban sab nan mitan de kouran, li chwe. Devan batiman an te antre kole nan sab la, dèyè a menm gwo lanm yo t'ap fin kraze li. Sòlda yo te vle touye prizonye yo pou okenn ladan yo pat naje sove. Men, kòmandan women an ki te vle sove Pòl di yo non pa fè sa. Li bay lòd pou tout moun ki konn naje jete kò yo nan dlo anvan pou y'al atè. Lòt moun yo va swiv apre, y'a kenbe kèk planch osinon kèk moso nan batiman an. Se konsa nou tout nou rive atè anbyen, san lòt donmaj ni malè.

Travay 27:13-44 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Un vent du sud se met à souffler doucement, et les gens du bateau croient que leur projet va réussir. Ils partent et ils essaient d’avancer le long de l’île de Crète. Mais peu de temps après, un vent de tempête, appelé « vent du nord-est », vient de l’île et il souffle très fort. Le bateau est entraîné, il ne peut pas résister au vent, et nous nous laissons emporter. Nous passons du côté abrité d’une petite île appelée Cauda. Ainsi, avec beaucoup de difficulté, nous arrivons à reprendre le canot de sauvetage. Nous le faisons remonter sur le bateau, puis les marins attachent des cordes de secours autour du bateau. Ils ont peur d’être jetés sur les bancs de sable du golfe de Libye. Alors ils lâchent dans la mer l’ancre flottante et se laissent entraîner par le vent. Le jour suivant, la tempête continue à nous secouer avec force. C’est pourquoi les marins jettent des marchandises à la mer, et le lendemain, ils font descendre dans l’eau le mât et les voiles du bateau. Pendant plusieurs jours, on ne peut pas voir le soleil ni les étoiles. La tempête reste toujours aussi forte. Nous n’espérons plus du tout être sauvés. Nous n’avons rien mangé depuis longtemps. Alors Paul se tient debout devant tout le monde et il dit : « Mes amis, il fallait m’écouter et ne pas quitter la Crète. Vous auriez évité la tempête et vous n’auriez pas perdu les marchandises. Mais maintenant, je vous le demande : soyez courageux ! En effet, personne ne va mourir, nous perdrons seulement le bateau. Cette nuit, le Dieu à qui j’appartiens et que je sers m’a envoyé son ange. Il m’a dit : “Paul, n’aie pas peur ! Tu dois être jugé devant l’empereur, et à cause de toi, Dieu laisse en vie tous ceux qui voyagent avec toi.” Mes amis, courage ! J’ai confiance en Dieu. Oui, ce que Dieu m’a dit va arriver. Nous devons être jetés sur la côte d’une île. » C’est la quatorzième nuit, et la tempête nous emporte toujours sur la mer Méditerranée. Vers minuit, les marins ont l’impression que nous approchons d’une terre. Ils lancent un poids tenu par une corde et ils trouvent que l’eau est profonde de 37 mètres. Un peu plus loin, ils recommencent et ils trouvent que l’eau est profonde de 28 mètres. Ils ont peur que le bateau ne touche les rochers. C’est pourquoi ils jettent quatre ancres à l’arrière et ils attendent le lever du jour avec impatience. Les marins font descendre le canot de sauvetage à la mer en disant : « Nous allons jeter des ancres à l’avant du bateau. » Mais ce n’est pas vrai, ils veulent s’échapper du bateau. Paul dit à l’officier et aux soldats : « Si ces hommes ne restent pas sur le bateau, vous ne pouvez pas être sauvés. » Alors les soldats coupent les cordes du canot et ils le laissent partir sur la mer. En attendant le lever du jour, Paul invite tout le monde à manger quelque chose. Il leur dit : « Aujourd’hui, cela fait 14 jours que vous attendez, et vous êtes restés sans rien manger. Je vous invite donc à prendre de la nourriture, vous en avez besoin pour être sauvés. En effet, vous ne perdrez rien, même pas un cheveu de vos têtes. » Après ces paroles, Paul prend du pain. Il remercie Dieu devant tout le monde, puis il partage le pain et se met à manger. Alors tous reprennent courage et ils mangent aussi. En tout, nous sommes 276 personnes sur le bateau. Quand ils ont assez mangé, ils jettent le blé à la mer pour rendre le bateau plus léger. Quand le jour se lève, les marins ne reconnaissent pas la terre, mais ils voient une baie avec une plage. Ils décident de conduire le bateau jusque-là, si possible. C’est pourquoi ils détachent les ancres et ils les laissent dans la mer. En même temps, ils défont les cordes du gouvernail, puis ils mettent une voile à l’avant du bateau. Alors le vent le pousse et ils avancent vers la plage. Mais ils touchent un banc de sable, et le bateau ne peut plus bouger. L’avant est enfoncé dans le sable et il ne peut plus sortir, puis les vagues violentes cassent l’arrière. Les soldats veulent tuer les prisonniers, pour que personne ne s’échappe en nageant. Mais l’officier romain veut sauver Paul et il empêche les soldats de faire ce qu’ils ont décidé. Il commande à ceux qui savent nager de sauter dans l’eau les premiers et d’aller vers la terre. Les autres vont les suivre sur des planches ou sur les restes du bateau. De cette façon, ils arrivent à terre et tous sont sauvés.

Travay 27:13-44 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Yon van ki soti nan sid te kòmanse ap soufle toudousman. Lè sa a, mesye yo panse pwojè yo a t ap gen chans reyisi. Yo leve lank epi nou t ap eseye vanse bò kote zile Krèt la. Men, tousuit yon van tanpèt yo rele Erakilon te vin dechennen sou zile a. Van an te pati avèk bato a. Bato a pa t kapab konbat ak van an. Lè nou wè sa, nou rezinye nou kite van an pote bato a ale. Lè nou vin ap pase bò yon ti zile yo rele Koda, nou te resi rejwenn ti kannòt la, apre anpil efò. Lè mesye yo te fin mete ti kannòt la anndan bato a, yo mare l epi yo sentire l byen sentire. Mesye yo te pè pou yo pa t al chwe sou bò sab ki nan gòf Libi yo. Poutèt sa, yo jete lank pou fè yo flote epi yo kite van an mennen yo. Nan denmen, tanpèt la te tèlman ap frape nou byen fò toujou, maren yo te voye enpe nan machandiz yo jete nan lanmè. Nan denmen, yo voye ekipman bato a ansanm ak tout vwal yo jete nan lanmè. Sa te fè plizyè jou kote pa t gen ni solèy ni zetwal nan syèl la epi tanpèt la te byen fò toujou. Lè sa a, nou te pèdi tout espwa nou t ap rete vivan. Mesye yo pa t manje depi byen lontan. Epi yon jou, Pòl kanpe devan mesye epi li di yo: “Mesye m te di nou pa kite zile Krèt la. Nou te dwe koute m. Lè sa a, nou pa t ap nan tout pwoblèm sa yo epi pèdi tout bagay sa yo. Men kounye a, nou dwe pran kouraj. Pa gen pyès nan nou k ap mouri. Sèman bato a k ap kraze. Yèswa, Bondye m ap sèvi a, Bondye pa m nan, li voye yon anj li pale avè m. Zanj lan di m: Pòl, ou pa bezwen pè! Ou gen pou ou konparèt devan Seza. Epi Bondye fè w pwomès sa a: L ap sove lavi tout moun ki nan bato avè w yo. Alò, mesye, nou pa gen anyen pou nou pè. M fè Bondye konfyans, epi m sèten tout bagay ap pase nan fason anj lan te di m sa a. Men nou pral chwe sou yon zile.” Sa te gen tan fè katòz nuit depi nou t ap flote epi vire fè laviwonn sou lanmè Adryatik la. Men, nan mitan lannuit lan, maren yo te panse nou te prèt pou rive atè. Yo mete yon gwo wòch nan yon kòd yo voye l nan dlo a pou wè pwofondè li. Yo jwenn dlo a te gen yon pwofondè 40 mèt. Yo ale enpe pi lwen epi yo voye kòd la ankò, pwofondè a te 30 mèt. Maren yo te pè pou nou pa t frape sou kèk wòch. Lè sa a, yo jete kat lank nan lanmè, yo te swete epi yo t ap priye pou l jou byen vit. Kèk nan maren yo te vle kite bato a. Yo desann kannòt la nan dlo a. Yo t ap fè sa pou fè moun kwè se lòt lank yo t ap jete nan devan bato a. Men Pòl te di ofisye lame a ansanm ak lòt sòlda yo, “Si mesye sa yo pa rete nan bato a, p ap gen espwa lavi pou nou non.” Konsa, sòlda yo koupe kòd yo epi yo kite kannòt sekou a tonbe nan dlo. Pandan y ap tann li jou, Pòl envite mesye yo pou yo manje, li di yo konsa: “Mesye, jodi a fè katòz jou depi n ap tann epi n ap veye san manje, san nou pa pran anyen. M ap ankouraje nou pou nou manje, nou bezwen manje pou kò nou kapab kenbe. De tout fason, nou p ap pèdi anyen, pa menm yon fil cheve nan tèt nou.” Lè Pòl fin di sa, Pòl pran pen an, li remèsye Bondye devan tout moun epi li pran yon moso pen li manje. Rès mesye yo te vin santi yo pi byen epi yo te pran manje tou. Nou te 276 moun kon sa sou bato a. Nou te manje valè pen nou te vle. Lè sa a, nou te jete kèk lòt danre nan lanmè a, pou nou te vin fè bato a pi lejè toujou. Lè l vin jou, maren yo te wè tè, men yo pa t konnen sou tè ki kote yo te rive. Yo wè yon bè ak yon plaj, yo t ap wè si yo te kapab mennen bato a atè. Poutèt sa, yo detache lank yo voye ale nan lanmè a. Nan menm moman an, yo lage kòd ki te kenbe gouvènay la epi yo mete yon vwal sou devan bato a. Lè sa a, van an pouse yo rive sou plaj la. Men devan bato a al antre nan yon ban sab, yo pa t kapab soti, epi vag lanmè a te vin vyolan, li kraze dèyè bato a. Sòlda yo te vle touye prizonye yo pou yo pa t naje pati chape poul yo. Men ofisye women an te vle sove Pòl, li anpeche sòlda yo fè sa yo te vle fè a. Li mande pou moun ki te konn naje voye kò yo nan dlo an premye pou al atè. Lòt yo te dwe kenbe kò yo sou planch oubyen sou vye moso nan bato a pou swiv yo. Se kon sa tout moun te rive atè san anyen mal pa t rive yo.

Travay 27:13-44 New International Version (NIV)

When a gentle south wind began to blow, they saw their opportunity; so they weighed anchor and sailed along the shore of Crete. Before very long, a wind of hurricane force, called the Northeaster, swept down from the island. The ship was caught by the storm and could not head into the wind; so we gave way to it and were driven along. As we passed to the lee of a small island called Cauda, we were hardly able to make the lifeboat secure, so the men hoisted it aboard. Then they passed ropes under the ship itself to hold it together. Because they were afraid they would run aground on the sandbars of Syrtis, they lowered the sea anchor and let the ship be driven along. We took such a violent battering from the storm that the next day they began to throw the cargo overboard. On the third day, they threw the ship’s tackle overboard with their own hands. When neither sun nor stars appeared for many days and the storm continued raging, we finally gave up all hope of being saved. After they had gone a long time without food, Paul stood up before them and said: “Men, you should have taken my advice not to sail from Crete; then you would have spared yourselves this damage and loss. But now I urge you to keep up your courage, because not one of you will be lost; only the ship will be destroyed. Last night an angel of the God to whom I belong and whom I serve stood beside me and said, ‘Do not be afraid, Paul. You must stand trial before Caesar; and God has graciously given you the lives of all who sail with you.’ So keep up your courage, men, for I have faith in God that it will happen just as he told me. Nevertheless, we must run aground on some island.” On the fourteenth night we were still being driven across the Adriatic Sea, when about midnight the sailors sensed they were approaching land. They took soundings and found that the water was a hundred and twenty feet deep. A short time later they took soundings again and found it was ninety feet deep. Fearing that we would be dashed against the rocks, they dropped four anchors from the stern and prayed for daylight. In an attempt to escape from the ship, the sailors let the lifeboat down into the sea, pretending they were going to lower some anchors from the bow. Then Paul said to the centurion and the soldiers, “Unless these men stay with the ship, you cannot be saved.” So the soldiers cut the ropes that held the lifeboat and let it drift away. Just before dawn Paul urged them all to eat. “For the last fourteen days,” he said, “you have been in constant suspense and have gone without food—you haven’t eaten anything. Now I urge you to take some food. You need it to survive. Not one of you will lose a single hair from his head.” After he said this, he took some bread and gave thanks to God in front of them all. Then he broke it and began to eat. They were all encouraged and ate some food themselves. Altogether there were 276 of us on board. When they had eaten as much as they wanted, they lightened the ship by throwing the grain into the sea. When daylight came, they did not recognize the land, but they saw a bay with a sandy beach, where they decided to run the ship aground if they could. Cutting loose the anchors, they left them in the sea and at the same time untied the ropes that held the rudders. Then they hoisted the foresail to the wind and made for the beach. But the ship struck a sandbar and ran aground. The bow stuck fast and would not move, and the stern was broken to pieces by the pounding of the surf. The soldiers planned to kill the prisoners to prevent any of them from swimming away and escaping. But the centurion wanted to spare Paul’s life and kept them from carrying out their plan. He ordered those who could swim to jump overboard first and get to land. The rest were to get there on planks or on other pieces of the ship. In this way everyone reached land safely.

Travay 27:13-44 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Une légère brise du sud s’était levée et ils voyaient déjà leur projet réalisé. Ils ont donc levé l’ancre et longé la côte de Crète au plus près. Mais peu de temps après, un vent violent comme un typhon – connu sous le nom d’euraquilon – s’est mis à souffler des hauteurs de l’île. Le bateau était entraîné au large : il ne pouvait pas résister au vent et nous avons dû nous laisser emporter à la dérive. Nous avons passé ainsi au sud d’une petite île appelée Cauda. Comme elle nous abritait un peu du vent, nous en avons profité pour nous rendre maîtres du canot de sauvetage. Nous sommes parvenus, à grand-peine, à le hisser à bord. Puis on a eu recours à des moyens de fortune : on a ceinturé tout le bateau de cordages. Comme on avait peur d’échouer sur les bancs de sable de la Syrte, on a jeté l’ancre flottante et l’on continuait ainsi à dériver. Le lendemain, comme la tempête n’arrêtait pas de secouer le bateau avec violence, on l’a délesté d’une partie de sa cargaison. Le troisième jour, les matelots ont jeté, de leurs propres mains, tous les agrès du bateau à la mer. Pendant plusieurs jours, on ne voyait plus ni le soleil ni les étoiles. La tempête continuait de faire rage et nous finissions par perdre tout espoir d’en sortir sains et saufs. Il y avait longtemps qu’on n’avait plus rien mangé. Alors Paul, debout au milieu d’eux, leur a dit : Mes amis, vous auriez mieux fait de m’écouter et de ne pas quitter la Crète. Vous auriez évité tous ces dégâts et toutes ces pertes. Mais maintenant, je vous invite à reprendre courage, car aucun de vous n’y perdra la vie ; seul le bateau sera perdu. En effet, cette nuit, un ange du Dieu à qui j’appartiens et que je sers, s’est présenté devant moi et m’a dit : « Paul, ne crains rien ! Il faut que tu comparaisses devant l’empereur, et Dieu t’accorde la vie sauve pour tous tes compagnons de voyage. » Courage donc, mes amis ! J’ai confiance en Dieu : tout se passera comme il me l’a dit. Nous devons échouer quelque part sur une île. C’était la quatorzième nuit que nous étions ainsi ballottés sur l’Adriatique quand, vers le milieu de la nuit, les marins ont eu l’impression qu’on approchait d’une terre. Ils ont jeté la sonde et ont découvert que le fond était à trente-sept mètres. Un peu plus loin, ils ont recommencé et trouvé le fond à vingt-huit mètres. Comme ils avaient peur de voir le bateau s’écraser sur quelque récif, ils ont jeté quatre ancres à l’arrière en attendant avec impatience la venue du jour. Alors les marins, qui voulaient s’enfuir du bateau, ont commencé à mettre à la mer le canot de sauvetage, sous prétexte d’aller amarrer une ancre à l’avant. Mais Paul a dit à l’officier romain et aux soldats : Attention, si ces hommes ne restent pas à bord, vous ne pourrez plus être sauvés. Alors les soldats ont coupé les cordages retenant le canot et l’ont laissé tomber à la mer. En attendant que le jour paraisse, Paul a encouragé tout le monde à manger : Voilà quatorze jours, leur a-t-il dit, que vous êtes dans l’attente, sans rien prendre à manger ! Je vous encourage donc vivement à prendre de la nourriture maintenant. Vous en avez besoin pour vous tirer de là. Encore une fois, croyez-moi : aucun de vous ne perdra un cheveu de sa tête. Après avoir ainsi parlé, il a pris du pain et il a remercié Dieu devant tous ; puis il a rompu le pain et a commencé à manger. Alors tous les autres ont repris courage et se sont aussi mis à manger. Nous étions en tout deux cent soixante-seize personnes à bord. Une fois rassasiés, ils ont continué à délester le bateau en jetant le reste des provisions de blé à la mer. Mais lorsque le jour était venu, aucun des membres de l’équipage ne reconnaissait l’endroit. Ils entrevoyaient seulement, au fond d’une baie, une plage de sable. Ils ont alors décidé d’y faire échouer le bateau, si c’était possible. Les matelots ont coupé les câbles des ancres qu’ils ont abandonnées à la mer ; en même temps, ils ont délié les courroies de deux grandes rames servant de gouvernails et hissé au vent la voile de misaine au mât d’artimon. Ils avaient mis le cap sur la plage quand le bateau a touché un banc de sable battu des deux côtés par la mer et s’y est échoué. L’avant s’est enfoncé dans le sol, s’immobilisant définitivement, tandis que l’arrière commençait à se disloquer sous la violence des vagues. Les soldats avaient l’intention de tuer tous les prisonniers, de peur d’en voir s’échapper à la nage. Mais l’officier désirait sauver Paul et les a empêché d’exécuter leur projet. Il a donné ordre à ceux qui savaient nager de sauter à l’eau les premiers pour gagner la terre ferme. Les autres suivraient en s’agrippant à des planches ou à des épaves du bateau. C’est ainsi que tous sont arrivés sains et saufs sur le rivage.