Travay 12

12
Ewòd fè touye Jak, li fè mete Pyè nan prizon
1Nan menm epòk sa a, wa Ewòd te pran #Tra 4.3 maltrete kèk manm nan legliz la. 2Li fè touye Jak, frè Jan an, ak nepe. 3Lè l wè sa te fè jwif yo plezi, li fè arete Pyè tou. Se te epòk fèt Pen san ledven an. 4Lè li fin arete Pyè, Ewòd fè mete l nan prizon. Li mete kat eskwad, yo chak avèk kat sòlda, pou veye li. Li te fè lide pou l te mennen l devan pèp la apre fèt Delivrans jwif yo. 5Pyè #Jak 5.16 te anba gwo siveyans nan prizon an. Men, manm legliz yo t'ap lapriyè Bondye pou li san rete.
Bondye delivre Pyè
6Lavèy #Tra 5.22,23 jou pou Ewòd ta mennen Pyè konparèt devan pèp la, nan mitan lannwit Pyè t'ap dòmi ak de sòlda, yonn sou chak kote li. Yo te mare l ak de chenn. Epi te gen gad devan pòt la ki t'ap veye prizon an. 7Yon #Tra 5.19 zanj Bondye rete konsa li parèt, yon limyè klere tout kacho a. Zanj lan manyen Pyè bò kòt, li souke l, li di li:
— Leve vit.
Chenn ki te mare men l yo tonbe. 8Zanj lan di li:
— Mete sentiwon ou, mare sapat ou.
Pyè fè tou sa. Zanj lan di l ankò:
— Mete gwo rad ou sou ou, swiv mwen.
9Pyè swiv zanj lan, li mache sòti nan kacho a. Li pat kwè sa zanj Bondye a t'ap fè a se te vre. Li te kwè se reve l t'ap reve. 10Yo pase premye pòs gad la, yo pase dezyèm pòs la, yo rive bò pòtay an fè ki bay sou lavil la. Pòtay la louvri pou kont li devan yo. Yo sòti, yo pran lari. Menm lè a, zanj lan kite Pyè. 11Se lè sa a Pyè vin konprann sa k te rive li a. Li di:
— Kounyeya, mwen wè se tout bon. Bondye voye zanj li delivre m anba men Ewòd. Li sove m anba tout bagay pèp jwif la t'ap pare pou mwen an.
12Lè l #Tra 12.25; 15.37 vin konprann sitirasyon an, l'ale dwat kay Mari, manman Jan, ki te gen yon ti non Mak. Te gen anpil moun sanble la, yo t'ap lapriyè. 13Pyè frape nan pòt devan an. Yon sèvant yo rele Wòd vin reponn. 14Li rekonèt vwa Pyè. Li te sitèlman kontan, li pa louvri pòt la, li kouri antre al di moun yo:
— Men Pyè deyò a wi.
15Yo #Tra 26.24; Lik 24.37 di li:
— Gen lè ou pèdi tèt ou?
Men, li te kenbe sa l te di a se vre. Lè sa a, yo di li:
— Se dwe bonnanj li.
16Men, Pyè t'ap frape pi rèd toujou. Lè yo louvri pòt la, yo wè l, yo pat manke sezi. 17Li fè yo siy ak men l pou yo pa pale, epi l rakonte yo ki jan Bondye te fè l sòti nan prizon an. Li di yo ankò.
— Al di Jak sa pou mwen ansanm ak lòt frè yo.
Epi l sòti, l'al yon lòt kote.
18Lè l #Tra 5.21,22 fè jou, gad yo te nan yon pakèt tèt chaje. Yo t'ap mande kote Pyè pase. 19Ewòd fè chache l toupatou, men yo pa jwenn li. Li fè kèsyonnen gad yo. Lèfini, li bay lòd touye yo. Apre sa, Ewòd kite peyi Jide, l'al lavil Sezare kote li pase kèk tan.
Ewòd mouri
20Ewòd #1 Wa 5.18; Eze 27.17 te fache anpil sou moun lavil Tir ak moun lavil Sidon yo. Sa moun sa yo fè, yo mete ansanm pou yo vin kote li. Yo pran tèt Blastis, yon ofisye ki t'ap travay lakay wa a. Epi y'al mande Ewòd pou l fè lapè ak yo, paske se nan peyi Ewòd la moun lakay yo te konn ale fè pwovizyon. 21Lè jou yo te fikse a rive, Ewòd abiye l ak tout kostim wa li sou li, li chita sou gwo fòtèy li a, epi l fè yon diskou ba yo. 22Pèp #Eze 28.2 la pran rele:
— Se pa yon moun k'ap pale la a, se yon bondye.
23Menm #Da 5.20 lè a, yon zanj Bondye frape Ewòd, paske li te asepte resevwa lwanj ki fèt pou Bondye sèlman. Vè tonbe sou li, epi li mouri.
24Pawòl #Tra 6.7; Eza 55.11 Bondye a menm t'ap gaye plis toujou, li t'ap fè anpil avans.
25#Tra 11.29; 12.12; 15.37 Banabas ak Sòl fin fè misyon yo lavil Jerizalèm, yo tounen lakay yo, yo pran Jan ki te gen ti non Mak la ak yo.

Chwazi Kounye ya:

Travay 12: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte