Travay 11

11
Pyè fè rapò l devan legliz Jerizalèm
1Apòt yo ansanm ak frè yo ki te nan Jide te tande ki jan moun ki pa jwif yo te resevwa pawòl Bondye a tou. 2#Tra 10.45 Pyè tounen moute Jerizalèm, jwif ki te kwè yo tanmen kritike li. 3Yo #Gal 2.12; Ef 2.11 di li konsa:
— Apa ou antre kay moun ki pa sikonsi yo epi ou manje ak yo met sou li!
4Lè sa a, Pyè rakonte yo sa k te pase nan tout ti detay. Li di yo:
5— Mwen #Tra 10.9-48 te lavil Jope, mwen t'ap lapriyè, lè m fè yon vizyon. Mwen wè yon bagay ki t'ap desann vin jwenn mwen, tankou yon gwo dra mare nan kat bout, ki t'ap desann sot nan syèl la. Li rive toupre mwen. 6Lè m gade byen gade, mwen wè tout kalite bèt andedan li: bèt kat pat, bèt nan bwa, bèt ki trennen sou vant ak zwazo. 7Epi m tande yon vwa ki di m konsa: Leve non, Pyè, touye, manje. 8Men mwen di: Non, Mèt. Mwen pa janm mete move manje osinon manje ki pa bon pou moun k'ap sèvi Bondye nan bouch mwen. 9Menm vwa a pale ankò nan syèl la, li di mwen konsa: Bagay Bondye di ki bon pou moun k'ap sèvi l, pa di l pa bon pou yo. 10An twa fwa sa repete. Epi bagay la moute tounen nan syèl la. 11Menm lè a, twa moun ki te sòti Sezare vin rive nan kay kote m te ye a. Yo te voye yo chache mwen. 12Lespri a di m pati ak yo san rete ap kalkile. Sis frè sa yo te al ansanm avè m tou Sezare. Nou tout nou antre lakay Kònèy. 13Kònèy rakonte nou ki jan l te wè yon zanj Bondye kanpe nan mitan lakay li. Zanj lan di li: Voye yon moun lavil Jope al rele Simon (ki gen yon ti non Pyè). 14Simon sa a va di ou pawòl ki pou sove ou ansanm ak tout fanmi ou. 15Mwen te konmanse pale lè Sentespri a desann sou yo menm jan li te desann sou nou premye jou a. 16#Tra 1.5 sa a, mwen vin chonje sa Senyè a te di: Jan te batize nan dlo, men nou menm nou gen pou n resevwa batèm nan Sentespri a. 17Konsa, Bondye te bay moun sa yo menm kado li te ban nou an lè n te mete konfyans nou nan Senyè Jezikri. Kisa m te ye menm pou m te fè tèt ak Bondye?
18#Tra 13.48; 14.27 yo fin tande pawòl sa yo, yo sispann kritike l, yo pran fè lwanj Bondye. Yo t'ap di: Se vre wi. Bondye bay moun ki pa jwif yo chans pou yo chanje, pou yo ka resevwa lavi tou.
Legliz Antyòch la
19Avèk #Tra 8.1-4 pèsekisyon ki te tonbe sou yo apre lanmò Etyèn lan, disip yo te gaye. Genyen ki t'al nan peyi Fenisi, nan zile Chip ak nan vil Antyòch. Men yo t'ap anonse pawòl la bay jwif yo sèlman. 20Lè sa a, kèk disip ki te moun Chip ak moun Sirèn al lavil Antyòch. Antan yo la a, yo pale ak moun Lagrès yo. Yo fè yo konnen bòn nouvèl ki pale sou Jezi Senyè a. 21Pouvwa #Tra 2.47 Bondye te avèk yo. Anpil nan moun Lagrès yo rive kwè, yo te tounen vin jwenn Bondye.
22Legliz #Tra 4.36 Jerizalèm lan vin aprann nouvèl la. Li voye Banabas lavil Antyòch. 23#Tra 13.43 Banabas rive, li wè ki jan Bondye t'ap beni disip yo. Li pat manke kontan, li t'ap ankouraje yo pou yo tout te kenbe fèm ak tout kè yo nan sèvis Senyè a san dekouraje. 24Banabas #Tra 5.14; 6.5 sa a te yon bon gason. Li te gen anpil konfyans nan Bondye, epi Sentespri te kenbe l anba pouvwa l tout tan. Anpil moun te vin kwè nan Senyè a.
25Apre #Tra 9.30 sa, Banabas ale lavil Tas, l'al chache Sòl. 26Lè l #Gal 2.11; Tra 26.28; 1 Pyè 4.16 jwenn li, li mennen l lavil Antyòch. Yo pase yon lanne ansanm ap fè reyinyon ak legliz la. Yo t'ap moutre anpil moun sa pou yo fè. Se nan lavil Antyòch sa a premyè fwa yo te rele disip yo kretyen.
27#Tra 13.1; 15.32 sa a, kèk pwofèt sòti Jerizalèm rive Antyòch. 28Yonn #Tra 21.10 ladan yo, ki te rele Agabis, leve epi avèk pouvwa Sentespri, li fè konnen ta pral gen yon gwo grangou sou tout latè. (Grangou sa a te rive vre sou reny wa Klòd.) 29Disip #Gal 2.10 yo deside pou chak moun bay sa yo kapab pou yo voye ede frè yo ki te nan peyi Jide. 30Se #Tra 12.25 sa menm yo te fè. Apre sa, yo voye Banabas ak Sòl pote sa yo te ranmase a bay chèf fanmi yo ki te nan Jide.

Chwazi Kounye ya:

Travay 11: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an