Travay 1:6-26

Travay 1:6-26 HAT98

Lè sa a, moun ki te reyini bò kote Jezi yo pran mande li: — Mèt, eske se kounyeya ou pral mete gouvènman pèp Izrayèl la sou pye l ankò? Jezi reponn yo: — Nou pa bezwen konnen ki jou ni ki lè sa va fèt. Se Papa a ki fikse dat la li menm, pou kont li. Men, lè Sentespri a va desann sou nou, n'a resevwa yon pouvwa. Lè sa a, n'a sèvi m temwen nan Jerizalèm, nan tout peyi Jide ak nan tout peyi Samari, jouk nan dènye bout latè. Apre li fin di yo sa, li moute nan syèl. Antan yo t'ap gade li, yon nyaj vin bouche l devan je yo. Yo te gen je yo fikse nan syèl la kote Jezi t'ap moute a, lè de zòm, abiye tout an blan, parèt konsa bò kote yo. Dezòm yo di: — Nou menm, moun Galile, poukisa je nou rete kole nan syèl la konsa? Jezi sa a ki te fèk la nan mitan nou ki moute nan syèl la, li gen pou li retounen ankò menm jan nou wè li moute a. Apre sa, apot yo kite mòn Olivye, yo retounen Jerizalèm. Mòn lan te toupre lavil la, distans yon kilomèt konsa. Rive yo rive, yo moute anlè nan chanmòt la. Se te gen Pyè, Jak ak Andre, filip ak Toma, Batèlmi ak Matye, Jak, pitit Alfe, Simon, patizan zelòt yo, epi Jid, pitit Jak. Yo tout te ansanm. Yo te toujou reyini pou yo lapriyè. Medam yo te la tou ansanm ak Mari, manman Jezi, ak frè li yo tou. Yon jou tout frè yo te sanble, te gen sanven (120) moun antou konsa. Pyè kanpe nan mitan yo, li di: — Frè m yo, sa Sentespri te anonse nan Liv yo, fòk sa te rive vre. Se konsa, nan bouch David, li te fè konnen davans ki jan Jida ta pral mennen moun ki te arete Jezi yo. Jida te yonn nan nou, li te gen sèvis pa l nan travay nou an. (Avèk lajan yo te ba l pou krim lan, Jida te achte yon moso tè. Se la li tonbe sou tèt, vant li pete, tout zantray li gaye sot deyò. Se bagay tout moun nan Jerizalèm konnen byen. Se pou sa nan lang yo, yo te rele tè a: Akèldama, ki vle di: jaden san an.) — Men sa ki ekri nan Liv Sòm yo: Se pou kay li rete san moun. Se pou pèsonn pa rete ladan li. Pi lwen ankò nou jwenn: Se pou yon lòt moun pran plas li nan travay la. — Se poutèt sa, nou bezwen yon lòt moun ansanm ak nou pou sèvi temwen Senyè Jezi te leve sòti vivan nan lanmò. Moun sa a, fòk se yonn nan moun ki te toujou la avèk nou tout tan Senyè Jezi t'ap mache avèk nou nan tout peyi a, depi lè Jan te batize l la jouk jou li te kite nou an pou l moute nan syèl la. Yo bay non de moun: Jozèf, yo te rele Basabas ki te gen yon ti non Jistis, epi Matyas. Apre sa, yo lapriyè konsa: — Bondye, ou menm ki konnen kè tout moun, moutre nou kilès ou chwazi nan de moun sa yo, pou sèvi apòt nan plas Jida te kite pou l'al kote ki te pou li a. Apre sa, yo fè tirajosò. Se Matyas ki soti. Se konsa yo mete li ansanm ak onz apot yo.

Plan lekti ak devosyon gratis yo ki gen rapò ak Travay 1:6-26

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an