Travay 1:6-26

Travay 1:6-26 1998 Haïtienne (HAT98)

Lè sa a, moun ki te reyini bò kote Jezi yo pran mande li: — Mèt, eske se kounyeya ou pral mete gouvènman pèp Izrayèl la sou pye l ankò? Jezi reponn yo: — Nou pa bezwen konnen ki jou ni ki lè sa va fèt. Se Papa a ki fikse dat la li menm, pou kont li. Men, lè Sentespri a va desann sou nou, n'a resevwa yon pouvwa. Lè sa a, n'a sèvi m temwen nan Jerizalèm, nan tout peyi Jide ak nan tout peyi Samari, jouk nan dènye bout latè. Apre li fin di yo sa, li moute nan syèl. Antan yo t'ap gade li, yon nyaj vin bouche l devan je yo. Yo te gen je yo fikse nan syèl la kote Jezi t'ap moute a, lè de zòm, abiye tout an blan, parèt konsa bò kote yo. Dezòm yo di: — Nou menm, moun Galile, poukisa je nou rete kole nan syèl la konsa? Jezi sa a ki te fèk la nan mitan nou ki moute nan syèl la, li gen pou li retounen ankò menm jan nou wè li moute a. Apre sa, apot yo kite mòn Olivye, yo retounen Jerizalèm. Mòn lan te toupre lavil la, distans yon kilomèt konsa. Rive yo rive, yo moute anlè nan chanmòt la. Se te gen Pyè, Jak ak Andre, filip ak Toma, Batèlmi ak Matye, Jak, pitit Alfe, Simon, patizan zelòt yo, epi Jid, pitit Jak. Yo tout te ansanm. Yo te toujou reyini pou yo lapriyè. Medam yo te la tou ansanm ak Mari, manman Jezi, ak frè li yo tou. Yon jou tout frè yo te sanble, te gen sanven (120) moun antou konsa. Pyè kanpe nan mitan yo, li di: — Frè m yo, sa Sentespri te anonse nan Liv yo, fòk sa te rive vre. Se konsa, nan bouch David, li te fè konnen davans ki jan Jida ta pral mennen moun ki te arete Jezi yo. Jida te yonn nan nou, li te gen sèvis pa l nan travay nou an. (Avèk lajan yo te ba l pou krim lan, Jida te achte yon moso tè. Se la li tonbe sou tèt, vant li pete, tout zantray li gaye sot deyò. Se bagay tout moun nan Jerizalèm konnen byen. Se pou sa nan lang yo, yo te rele tè a: Akèldama, ki vle di: jaden san an.) — Men sa ki ekri nan Liv Sòm yo: Se pou kay li rete san moun. Se pou pèsonn pa rete ladan li. Pi lwen ankò nou jwenn: Se pou yon lòt moun pran plas li nan travay la. — Se poutèt sa, nou bezwen yon lòt moun ansanm ak nou pou sèvi temwen Senyè Jezi te leve sòti vivan nan lanmò. Moun sa a, fòk se yonn nan moun ki te toujou la avèk nou tout tan Senyè Jezi t'ap mache avèk nou nan tout peyi a, depi lè Jan te batize l la jouk jou li te kite nou an pou l moute nan syèl la. Yo bay non de moun: Jozèf, yo te rele Basabas ki te gen yon ti non Jistis, epi Matyas. Apre sa, yo lapriyè konsa: — Bondye, ou menm ki konnen kè tout moun, moutre nou kilès ou chwazi nan de moun sa yo, pou sèvi apòt nan plas Jida te kite pou l'al kote ki te pou li a. Apre sa, yo fè tirajosò. Se Matyas ki soti. Se konsa yo mete li ansanm ak onz apot yo.

Travay 1:6-26 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Les apôtres sont donc réunis avec Jésus et ils lui demandent : « Seigneur, est-ce maintenant que tu vas rétablir le royaume d’Israël ? » Jésus leur répond : « Vous n’avez pas besoin de connaître le temps et le moment où ces choses doivent arriver. C’est mon Père qui décide cela, lui seul a le pouvoir de le faire. Mais vous allez recevoir une force, celle de l’Esprit Saint qui descendra sur vous. Alors vous serez mes témoins à Jérusalem, dans toute la Judée et la Samarie, et jusqu’au bout du monde. » Après que Jésus a dit cela, il monte au ciel sous les yeux de ses apôtres. Ensuite, un nuage le cache, et ils ne le voient plus. Mais pendant que Jésus s’éloigne, les apôtres continuent à regarder le ciel. Tout à coup, deux hommes en vêtements blancs sont à côté d’eux. Ils disent aux apôtres : « Hommes de Galilée, vous restez là à regarder le ciel. Pourquoi donc ? Jésus vous a quittés pour aller vers le ciel. Et il reviendra de la même façon que vous l’avez vu aller vers le ciel. » Alors les apôtres quittent la colline appelée « mont des Oliviers » et ils retournent à Jérusalem. Ce n’est pas très loin, à un kilomètre environ. Quand ils arrivent à Jérusalem, ils vont dans une pièce, en haut d’une maison, c’est là qu’ils ont l’habitude de se réunir. Il y a Pierre, Jean, Jacques et André, Philippe et Thomas, Barthélemy et Matthieu, Jacques le fils d’Alphée, Simon le nationaliste et Jude le fils de Jacques. Tous prient fidèlement d’un seul cœur. Avec eux, il y a quelques femmes, Marie la mère de Jésus, et les frères de Jésus. Un jour, les croyants sont réunis, ils sont à peu près 120. Pierre se lève au milieu d’eux et il dit : « Frères, ce que le Saint-Esprit a annoncé dans les Livres Saints, cela devait se réaliser. Par la bouche de David, le Saint-Esprit a parlé de Judas. Ce Judas est devenu le guide de ceux qui ont arrêté Jésus. Pourtant il faisait partie de notre groupe d’apôtres et il avait reçu sa part de travail comme nous. Avec l’argent qu’on lui a donné pour son crime, Judas a acheté un champ, et là, il est tombé en avant. Son ventre s’est ouvert et tous ses intestins sont sortis. Tous les habitants de Jérusalem ont appris cela. C’est pourquoi, dans leur langue, ils ont appelé ce champ “Hakeldama”, c’est-à-dire “le champ du sang”. « Dans le livre des Psaumes, on lit : “Que sa maison devienne vide, et que personne ne l’habite.” « On lit aussi : “Un autre homme doit le remplacer dans son travail.” « Des hommes nous ont accompagnés pendant tout le temps où le Seigneur Jésus a marché avec nous : depuis que Jean l’a baptisé jusqu’au jour où il est monté au ciel. Il faut donc qu’un de ces hommes devienne avec nous témoin que Jésus s’est relevé de la mort. » Alors on en présente deux : Joseph, appelé Barsabbas, appelé aussi Justus, et Matthias. Les croyants se mettent à prier en disant : « Seigneur, tu connais le cœur de tous, montre-nous lequel de ces deux hommes tu choisis. Il sera apôtre et il prendra le travail que Judas a laissé pour aller à la place qui est la sienne. » Ensuite, on tire au sort pour savoir qui le Seigneur va choisir. C’est Matthias qui est choisi, et on l’ajoute au groupe des onze apôtres.

Travay 1:6-26 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Tout apot yo te reyini ansanm, yo t ap poze Jezi kesyon. Yo mande li: “Mèt, èske se kounye a ou pral mete wayòm Izrayèl la sou pye l ankò?” Men, Jezi reponn yo: “Afè tan ak moman Bondye fikse ak pwòp otorite li, se pa bagay ki regade nou epi se pa bagay nou bezwen konnen nonplis. Men lè Sentespri a va vini sou nou, l ap ban nou puisans. Lè sa a, n a rann temwanyaj de mwen nan Jerizalèm, nan tout peyi Jide a, nan Samari rive jouk nan dènye bout latè.” Apre Jezi fin di pawòl sa yo, li monte nan syèl. Pandan disip yo t ap gade l ki prale konsa, yon nyaj bare li. Konsa yo vin pa t ka wè l ankò. Disip yo ap founi je gade nan syèl la, nan direksyon kote Jezi monte a. Lamenm yo wè de moun abiye tou de blan parèt kote yo. Epi yo di yo: “Nou menm moun Galile yo, poukisa n ap founi je gade nan syèl la konsa? Jezi sa a nou wè ki kite nou li monte nan syèl la, li gen pou l retounen menm jan nou wè l monte a.” Disip yo kite mòn Oliv la, yo retounen lavil Jerizalèm. Mòn Oliv la te toupre vil Jerizalèm nan, a yon distans yon kilomèt konsa. Lè disip yo antre nan vil la, yo monte toudwat nan chanm anwo kote yo te rete deja a. Moun ki te la yo se te: Pyè, Jan, Jak, Andre, Filip, Toma, Batèlmi, Matye, Jak, pitit Alfe a, Simon, zelòt la, epi Jida, pitit Jak la. Tout apot sa yo te mete tèt yo ansanm pou priye pou menm bi. Medam yo te la tou ansanm ak Mari, manman Jezi, ak frè Jezi yo tou. Yon jou, tout frè yo te rasanble. Te gen anviwon san ven (120) moun kon sa ki te la. Pyè kanpe nan mitan foul la, li di: Frè ak sè m yo, li te nesesè pou pawòl ki te ekri nan Liv la rive vre. Mwen vle pale de pawòl Sentespri a te anonse davans nan bouch wa David konsènan Jida. Li te di se Jida li t apral mennen moun ki te vin arete Jezi yo. Jida se te youn pami nou ki te gen sèvis pa l nan travay sa n ap fè a. Jida te achte yon moso tè avèk lajan sal li te resevwa pou trayi l te trayi Jezi a. Men apre sa, li sot tonbe sou tèt, vant li pete, tout trip li gaye sou menm moso tè sa a. Pawòl lanmò Jida a te gaye rive nan zòrèy tout moun ki t ap viv nan lavil Jerizalèm. Sa te fè yo te bay moso tè a yon non. Nan lang pa yo, yo te rele l “Akèldama”, ki vle di “Jaden san”. Men sa ki ekri nan Liv Sòm yo: Se pou lakay li tounen yon dezè, se pou pèsonn pa rete lakay li. Men sa ki ekri ankò: Se pou yon lòt moun ranplase li nan travay la. Se poutèt sa, li nesesè pou nou jwenn yon lòt moun ki te la tout tan Senyè Jezi t ap monte desann ansanm ak nou nan tout peyi a. Yon moun ki te ak nou depi lè Janbatis t ap batize moun nan, jouk rive lè Jezi te kite nou li monte nan syèl la. Fòk li se yon temwen rezireksyon Kris la tou, pou l vin met tèt ansanm avèk nou menm apot yo. Yo prezante de (2) kandida pou plas la: Jozèf, yo te konn rele Basabas oubyen Jistis, ansanm ak Matyas. Apre sa, apot yo priye Bondye, yo di: Senyè, ou menm ki konnen sa ki nan kè tout moun. Montre nou ki lès pami de mesye sa yo ou chwazi pou sèvi kòm apot nan ministè sa a Jida te kite tonbe pou l al kote ki pou li a. Apre sa, yo fè tiraj osò pou yo, epi chwa a te tonbe sou Matyas. Konsa, Matyas te vin apot akote lòt onz apot yo.

Travay 1:6-26 New International Version (NIV)

Then they gathered around him and asked him, “Lord, are you at this time going to restore the kingdom to Israel?” He said to them: “It is not for you to know the times or dates the Father has set by his own authority. But you will receive power when the Holy Spirit comes on you; and you will be my witnesses in Jerusalem, and in all Judea and Samaria, and to the ends of the earth.” After he said this, he was taken up before their very eyes, and a cloud hid him from their sight. They were looking intently up into the sky as he was going, when suddenly two men dressed in white stood beside them. “Men of Galilee,” they said, “why do you stand here looking into the sky? This same Jesus, who has been taken from you into heaven, will come back in the same way you have seen him go into heaven.” Then the apostles returned to Jerusalem from the hill called the Mount of Olives, a Sabbath day’s walk from the city. When they arrived, they went upstairs to the room where they were staying. Those present were Peter, John, James and Andrew; Philip and Thomas, Bartholomew and Matthew; James son of Alphaeus and Simon the Zealot, and Judas son of James. They all joined together constantly in prayer, along with the women and Mary the mother of Jesus, and with his brothers. In those days Peter stood up among the believers (a group numbering about a hundred and twenty) and said, “Brothers and sisters, the Scripture had to be fulfilled in which the Holy Spirit spoke long ago through David concerning Judas, who served as guide for those who arrested Jesus. He was one of our number and shared in our ministry.” (With the payment he received for his wickedness, Judas bought a field; there he fell headlong, his body burst open and all his intestines spilled out. Everyone in Jerusalem heard about this, so they called that field in their language Akeldama, that is, Field of Blood.) “For,” said Peter, “it is written in the Book of Psalms: “ ‘May his place be deserted; let there be no one to dwell in it,’ and, “ ‘May another take his place of leadership.’ Therefore it is necessary to choose one of the men who have been with us the whole time the Lord Jesus was living among us, beginning from John’s baptism to the time when Jesus was taken up from us. For one of these must become a witness with us of his resurrection.” So they nominated two men: Joseph called Barsabbas (also known as Justus) and Matthias. Then they prayed, “Lord, you know everyone’s heart. Show us which of these two you have chosen to take over this apostolic ministry, which Judas left to go where he belongs.” Then they cast lots, and the lot fell to Matthias; so he was added to the eleven apostles.

Travay 1:6-26 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Comme ils étaient réunis autour de lui, ils lui demandèrent : Seigneur, est-ce à ce moment-là que tu rendras le royaume à Israël  ? Il leur répondit : Il ne vous appartient pas de connaître les temps et les moments que le Père a fixés de sa propre autorité. Mais le Saint-Esprit descendra sur vous : vous recevrez sa puissance et vous serez mes témoins à Jérusalem, dans toute la Judée et la Samarie, et jusqu’au bout du monde. Après ces mots, ils le virent s’élever dans les airs et un nuage le cacha à leur vue. Ils gardaient encore les yeux fixés au ciel pendant qu’il s’éloignait, quand deux hommes vêtus de blanc se présentèrent devant eux et leur dirent : Hommes de Galilée, pourquoi restez-vous ainsi à regarder le ciel ? Ce Jésus qui a été enlevé au ciel du milieu de vous, en redescendra un jour de la même manière que vous l’avez vu y monter. Alors les apôtres quittèrent la colline qu’on appelle mont des Oliviers, située à environ un kilomètre de Jérusalem, et rentrèrent en ville. Dès leur arrivée, ils montèrent à l’étage supérieur de la maison où ils se tenaient d’habitude. C’étaient Pierre, Jean, Jacques et André, Philippe et Thomas, Barthélemy et Matthieu, Jacques, fils d’Alphée, Simon le Zélé, et Jude, fils de Jacques. Eux tous, d’un commun accord, se retrouvaient souvent pour prier, avec quelques femmes, avec Marie la mère de Jésus, et avec les frères de Jésus. Un de ces jours-là, Pierre se leva au milieu des frères. Ils étaient là environ cent vingt. – Mes frères, dit-il, il fallait que les prophéties de l’Ecriture s’accomplissent : car le Saint-Esprit, par l’intermédiaire de David, a parlé à l’avance de Judas, qui a servi de guide à ceux qui ont arrêté Jésus. Cet homme était l’un des nôtres et il a eu sa part dans le service qui nous avait été confié. Avec l’argent qu’il a reçu en paiement de son crime, il a acheté un champ ; il y est tombé la tête la première, il s’est éventré, et ses intestins se sont répandus sur le sol. Tous les habitants de Jérusalem l’ont appris : c’est pourquoi ils ont appelé ce champ : Akeldama , ce qui, dans leur langue, signifie : « le champ du sang ». Or, il est écrit dans le livre des Psaumes : Que sa maison reste vide et qu’elle soit privée d’habitants . Et plus loin : Qu’un autre prenne sa charge ! Nous devons donc choisir l’un de ceux qui nous ont accompagnés durant tout le temps où le Seigneur Jésus sillonnait le pays avec nous, depuis le moment où Jean l’a baptisé jusqu’au jour où il a été enlevé du milieu de nous. Cet homme sera ainsi, avec nous, un témoin de sa résurrection. On présenta deux hommes : Joseph, appelé Barsabbas, surnommé le Juste, et Matthias. Et l’on fit alors cette prière : Toi, Seigneur, tu connais le cœur de tous les hommes. Désigne toi-même celui de ces deux frères que tu as choisi pour occuper, dans cette charge d’apôtre, la place que Judas a désertée afin d’aller à celle qui lui revenait. Puis ils tirèrent au sort. Matthias fut désigné. C’est lui qui fut adjoint aux onze apôtres.