Travay 1

1
Bondye pwomèt li voye Sentespri
1Teyofil monchè:
Nan #Lik 1.3 premye liv mwen an, mwen te rakonte tou sa Jezi te fè ak tout bagay li te anseye depi okòmansman, 2jouk #Lik 6.13 jou li moute nan syèl la. Anvan li moute, li pale ak apot li te chwazi yo. Nan pouvwa Sentespri, li ba yo lòd sa pou yo fè. 3Apre li fin mouri, li parèt plizyè fwa vivan devan yo pou ba yo divès prèv li resisite. Pandan karant jou, li fè yo wè li, li koze ak yo sou wayòm Bondye a. 4Yon #Tra 10.41; Jan 15.26; Lik 24.49 jou, pandan Jezi t'ap manje ak yo, li ba yo lòd sa a:
— Pa kite Jerizalèm. Rete tann pwomès Papa a te fè nou an, sa mwen te anonse nou an. 5Jan #Mat 3.11 te batize nou avèk dlo, men nou menm, nan kèk jou ankò, nou pral batize nan Sentespri.
Jezi moute nan syèl
6#Lik 24.21; Tra 3.21 sa a, moun ki te reyini bò kote Jezi yo pran mande li:
— Mèt, eske se kounyeya ou pral mete gouvènman pèp Izrayèl la sou pye l ankò?
7Jezi #Mak 13.32 reponn yo:
— Nou pa bezwen konnen ki jou ni ki lè sa va fèt. Se Papa a ki fikse dat la li menm, pou kont li. 8Men, lè Sentespri a va desann sou nou, n'a resevwa yon pouvwa. Lè sa a, n'a sèvi m temwen nan Jerizalèm, nan tout peyi Jide ak nan tout peyi Samari, jouk nan dènye bout latè.
9Apre #Mak 16.19; Lik 24.51; Jan 6.62 li fin di yo sa, li moute nan syèl. Antan yo t'ap gade li, yon nyaj vin bouche l devan je yo. 10Yo #Lik 24.4 te gen je yo fikse nan syèl la kote Jezi t'ap moute a, lè de zòm, abiye tout an blan, parèt konsa bò kote yo. 11Dezòm #Mat 26.64; Lik 21.27; 1 Tim 3.16; Rev 1.7 yo di:
— Nou menm, moun Galile, poukisa je nou rete kole nan syèl la konsa? Jezi sa a ki te fèk la nan mitan nou ki moute nan syèl la, li gen pou li retounen ankò menm jan nou wè li moute a.
Yo chwazi Matyas nan plas Jida
12Apre #Lik 24.50-53 sa, apot yo kite mòn Olivye, yo retounen Jerizalèm. Mòn lan te toupre lavil la, distans yon kilomèt konsa. 13Rive #Lik 6.13-16 yo rive, yo moute anlè nan chanmòt la. Se te gen Pyè, Jak ak Andre, filip ak Toma, Batèlmi ak Matye, Jak, pitit Alfe, Simon, patizan zelòt yo, epi Jid, pitit Jak. 14Yo #Tra 2.1; Jan 7.3-5; Mat 13.55 tout te ansanm. Yo te toujou reyini pou yo lapriyè. Medam yo te la tou ansanm ak Mari, manman Jezi, ak frè li yo tou.
15Yon jou tout frè yo te sanble, te gen sanven (120) moun antou konsa. Pyè kanpe nan mitan yo, li di:
16— Frè m #Sòm 41.9 yo, sa Sentespri te anonse nan Liv yo, fòk sa te rive vre. Se konsa, nan bouch David, li te fè konnen davans ki jan Jida ta pral mennen moun ki te arete Jezi yo. 17Jida te yonn nan nou, li te gen sèvis pa l nan travay nou an.
18(Avèk #Mat 27.3-10 lajan yo te ba l pou krim lan, Jida te achte yon moso tè. Se la li tonbe sou tèt, vant li pete, tout zantray li gaye sot deyò. 19Se bagay tout moun nan Jerizalèm konnen byen. Se pou sa nan lang yo, yo te rele tè a: Akèldama, ki vle di: jaden san an.)
20— Men #Sòm 69.25; 109.8 sa ki ekri nan Liv Sòm yo:
Se pou kay li rete san moun.
Se pou pèsonn pa rete ladan li. Pi lwen ankò nou jwenn:
Se pou yon lòt moun pran plas li nan travay la.
21-22— Se #Jan 15.27 poutèt sa, nou bezwen yon lòt moun ansanm ak nou pou sèvi temwen Senyè Jezi te leve sòti vivan nan lanmò. Moun sa a, fòk se yonn nan moun ki te toujou la avèk nou tout tan Senyè Jezi t'ap mache avèk nou nan tout peyi a, depi lè Jan te batize l la jouk jou li te kite nou an pou l moute nan syèl la.
23Yo bay non de moun: Jozèf, yo te rele Basabas ki te gen yon ti non Jistis, epi Matyas. 24Apre #Jan 2.24,25; 6.70 sa, yo lapriyè konsa:
— Bondye, ou menm ki konnen kè tout moun, moutre nou kilès ou chwazi nan de moun sa yo, 25pou sèvi apòt nan plas Jida te kite pou l'al kote ki te pou li a.
26Apre #Pwo 16.33 sa, yo fè tirajosò. Se Matyas ki soti. Se konsa yo mete li ansanm ak onz apot yo.

Chwazi Kounye ya:

Travay 1: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an