2 Samyèl 9

9
David ak Mefibochèt
1Yon jou, David mande:
— Pa #1 Sam 18.3; 20.14,15,42 rete yon moun menm nan fanmi Sayil la? Si genyen, mwen ta renmen aji byen avè l poutèt Jonatan.
2Te #2 Sam 16.1-4; 19.17,29 gen yon domestik ki t'ap travay kay David. Li te rele Ziba. Yo fè chache li, yo mennen li bay wa a epi wa a mande li:
— Se ou menm yo rele Ziba a?
Li reponn:
— Wi ekselans, wa mwen. Mwen la pou sèvi ou.
3Wa a #2 Sam 4.4 mande l:
— Pa gen yon moun ki rete nan fanmi Sayil la, pou m ka fè kichòy pou li jan mwen te pwomèt sa devan Bondye?
Ziba reponn li:
— Wi, gen yonn nan pitit gason Jonatan yo ki vivan toujou. Men, li enfim nan tou de pye l yo.
4Wa a #2 Sam 17.27 mande l:
— Kote l ye?
Ziba reponn:
— Li kay Maki, pitit gason Amiyèl la, lavil Lodeba.
5Se konsa, David voye chache l. 6#2 Sam 16.4; 19.24,25,30; 21.7 Mefibochèt, pitit Jonatan, pitit pitit Sayil la, rive, li mete ajenou, li bese tèt li rive atè devan David. David di l konsa:
— Mefibochèt?
Li reponn:
— Se mwen menm, monwa. M la pou m sèvi ou.
7David #2 Sam 9.1; 19.28; 21.7; 1 Wa 2.7 di l konsa:
— Ou pa bezwen pè. Mwen pral aji byen avè ou poutèt Jonatan, papa ou. M'ap renmèt ou tout tè ki te pou Sayil, granpapa ou. Lèfini, chak jou w'a vin manje sou tab avè m.
8Mefibochèt bese tèt li byen ba ankò, li di:
— Monwa, poukisa w'ap okipe yon vye chen tou mouri tankou mwen?
9Lè sa a, wa a rele Ziba, domestik Sayil la, li di l konsa:
— Mwen renmèt Mefibochèt, pitit pitit gason mèt ou a, tou sa ki te pou Sayil ak fanmi l. 10Ou #2 Sam 19.17 men, ansanm ak pitit gason ou yo ak moun k'ap sèvi avè ou yo, nou pral travay tè a pou li. W'a pote rekòt la ba li pou rès fanmi l ka jwenn manje pou yo manje. Men, Mefibochèt li menm ap toujou vin manje chak jou sou tab avè m.
Ziba te gen kenz pitit gason ak ven moun k'ap sèvi l. 11Ziba reponn li:
— M'ap fè tou sa monwa ban m lòd fè.
Se konsa, Mefibochèt toujou manje sou tab ansanm ak David tankou si li te yonn nan pitit wa a. 12Mefibochèt #1 Kwo 8.34 te gen yon pitit gason ki te piti joujou. Li te rele Mika. Tout moun ki te rete kay Ziba t'ap travay pou Mefibochèt. 13Se #2 Sam 9.3,7 konsa, Mefibochèt ki te enfim nan tou de pye l yo rete lavil Jerizalèm. Li t'ap manje chak jou sou tab ansanm ak wa a.

Chwazi Kounye ya:

2 Samyèl 9: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an