2 Samyèl 10

10
David bat Amon ak peyi Siri
(1 Kwonik 19)
1Kèk tan apre sa, Nakach, wa lavil Amon #1 Kwo 19.1-19 an, mouri. Se pitit li, Anoun, ki moute wa nan plas li. 2David #1 Sam 11.1 di:
— Se pou m aji byen ak Anoun menm jan papa l, Nakach, te aji byen avè m.
Se konsa David voye mesaje al di Anoun jan sa te fè l lapenn lè l pran nouvèl lanmò papa l.
Lè mesaje yo rive lavil Amon, 3chèf #2 Sam 3.25 moun Amon yo di wa Anoun konsa:
— Pa konprann se sèlman pou lanmò papa ou la kifè David voye mesaje sa yo bò kote ou pou konsole ou. Detwonpe ou. Li voye yo isit la pou yo wè jan lavil la ye, pou yo gade byen jan sa ap pase nan lavil la. Konsa, pita li ka vin pran lavil la nan men nou.
4Sa Anoun fè lè sa a, li pran moun David te voye yo, li raze tout yon bò nan bab yo, li koupe anba rad yo ra dèyè yo, li voye yo tounen. 5Mesye yo te wont anpil pou yo te tounen lakay yo konsa. Lè David vin konn sa ki te rive yo, li voye di yo rete lavil Jeriko, y'a tounen lakay yo lè bab yo va pouse ankò.
6Moun #Joz 13.11,13; Jij 11.3; 18.28; 2 Sam 8.3 Amon yo vin konprann yo te fè David fache. Yo voye chache venmil (20.000) sòlda lavil Bètreyòb ak lavil Zoba nan peyi Aram lan, ak douzmil (12.000) gason lavil Tòb. Yo voye chache wa lavil Maka a tou ansanm ak mil (1.000) sòlda. Yo peye yo pou yo vin goumen pou yo. 7David #2 Sam 23.8 menm vin konn sa, li voye Joab ak tout lame vanyan sòlda li yo al kontre yo. 8Moun Amon yo sòti, y'al pran pozisyon devan pòtay lavil Raba, kapital yo a. Moun Aram ki sòti lavil Bètreyòb ak lavil Zoba yo ansanm ak mesye lavil Tòb yo ak mesye lavil Maka yo pran pozisyon nan plenn lan.
9Joab te wè lame lènmi yo te ka atake l ni sou devan ni sou dèyè. Sa l fè? Li chwazi pi bon sòlda nan lame pèp Izrayèl la, li mete yo an pozisyon devan lame moun Aram yo. 10Lèfini, li mete Abichayi, frè l la, alatèt rès lame a, li fè yo pran pozisyon devan moun Amon yo. 11Joab di Abichayi konsa:
— Si ou wè moun Aram yo sòti pou yo bat mwen, w'a vin ede m. Konsa tou, si mwen wè moun Amon yo vle pi fò pase ou, m'a vin ede ou. 12Mete #1 Sam 3.18; 1 Kor 16.13 gason sou nou. Kouray! Nou pral goumen rèd mare pou pèp nou an ak pou lavil Bondye nou an. Bondye va fè sa li vle li menm.
13Joab ak sòlda li yo mache sou moun Aram yo. Moun Aram yo kouri pou li. 14Lè moun Amon yo wè moun Aram yo kouri ale, yo kouri tou pou Abichayi, yo antre nan lavil la. Lè sa a, Joab sispann batay la ak moun Amon yo, li tounen lavil Jerizalèm.
15Lè moun Aram yo wè moun Izrayèl yo te bat yo ankò, yo sanble dènye sòlda yo te genyen. 16Adadezè voye yon mesay bay moun Aram ki rete lòt bò larivyè Lefrat la, pou yo pare vin goumen pou li. Yo reyini lavil Elam. Se Chobak, chèf lame Adadezè a, ki te alatèt yo.
17Lè David vin konn sa, li sanble tout lame pèp Izrayèl la, li janbe lòt bò larivyè Jouden, li rive Elam. Moun Aram yo pran pozisyon devan li. Epi batay la konmanse. 18Moun Izrayèl yo fè moun Aram yo kouri met deyò. David ak sòlda li yo touye sètsan (700) sòlda ki te sou cha lagè, katòzmil (14.000) sòlda ki te sou chwal. Yo blese Chobak, chèf lame lènmi yo, ki mouri la menm kote yo t'ap goumen an. 19Lè tout ti wa ki te mete tèt ansanm ak Adadezè yo wè jan moun Izrayèl yo te bat yo, yo fè lapè ak yo, yo soumèt devan yo. Se konsa, moun Aram pa pran chans al pote moun Amon yo sekou ankò.

Chwazi Kounye ya:

2 Samyèl 10: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte