Koute pawòl David bay, Pawòl David, pitit Izayi, Nonm Bondye leve byen wo a, David, Bondye Jakòb la chwazi pou wa a, Nonm pèp Izrayèl renmen lwanje a, Men sa David di: Se lespri Senyè a k'ap pale nan mwen. Se mesay li k'ap sòti nan bouch mwen. Bondye pèp Izrayèl la pale. Moun k'ap pwoteje pèp Izrayèl la di m konsa: Chèf k'ap gouvènen san patipri, k'ap gouvènen avèk krentif pou Bondye, ap tankou solèy k'ap leve byen klere nan maten, nan yon syèl klè san yon ti nyaj ladan l. L'ap tankou solèy k'ap fè zèb pouse apre lapli. Se konsa Bondye pral beni tout ras mwen, paske li te pase yon kontra avè m pou tout tan, yon kontra ki p'ap janm kase, yon pwomès ki p'ap janm chanje. Nan tout sikonstans l'ap fè m genyen. L'ap ban mwen tou sa mwen vle. Men, moun ki pa konn Bondye yo, y'ap tankou pikan y'ap voye jete. Pèsonn p'ap manyen yo ak men. Pou manyen yo se pou ou gen yon bout fè osinon yon frenn. Lèfini, ou boule yo nèt nan dife.
Li 2 Samyèl 23
Koute 2 Samyèl 23
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 2 Samyèl 23:1-7
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo