2 Wa 7

7
1Elize reponn li:
— Koute #Rev 6.6 sa Senyè a voye di ou: Denmen, vè lè sa a, nan pòtay lavil Samari a, moun pral achte dis liv bon farin frans osinon ven liv lòj pou yon grenn pyès ajan.
2Gadkò #Jen 7.11; Nonb 27.12,13; 2 Wa 5.18; Mal 3.10 wa a reponn pwofèt la, li di l:
— Senyè a ta mèt louvri syèl la pou voye bagay sa yo, sa ou di a pa ka fèt.
Elize di li:
— Ou wè ou menm, w'ap wè sa rive ak pwòp je ou, men ou p'ap gen chans manje ladan l!
Lame peyi Siri a ale
3#Lev 13.46 pòtay lavil Samari a, te gen kat gason ki te gen move maladi po. Yonn di lòt konsa:
— Poukisa pou n rete isit la ap tann lanmò? 4Si #Estè 4.16 nou di n'ap antre lavil la, avèk grangou ki gen la a, n'ap mouri. Si nou di n'ap rete isit la, n'ap mouri tou. Pito n'al pran yon chans nan kan lame Siri a. Si yo fè pa nou, n'a viv. Men, si yo touye nou, n'a tou mouri mouri nou.
5Se konsa, solèy te fenk kouche lè mesye yo leve, yo pati pou kan lame Siri a. Lè yo rive toupre kan an, yo pa wè pèsonn. 6Senyè a #2 Sam 5.24; 2 Wa 6.17 te fè sòlda lame Siri yo tande yon bann bri, ou ta di yon pakèt cha lagè, kavalye sou chwal ak yon gwo lame k'ap mache vini sou yo. Tout sòlda peyi Siri yo te konprann se wa peyi Izrayèl la ki te pran kontak ak wa peyi Et la ansanm ak wa peyi Lejip la pou vin atake yo. 7Se konsa, solèy te fenk kouche jou sa a lè yo leve yo kouri met deyò. Yo kite tant yo, chwal yo, bourik yo. Yo chape kò yo kite kan an jan l te ye a.
8Lè kat mesye yo rive nan kan an, yo antre nan yon premye tant, yo manje, yo bwè. Yo pase men yo pran lò, ajan, rad yo jwenn, yo sòti al sere yo. Lèfini, yo tounen, yo antre nan yon dezyèm tant, yo fè menm bagay la. 9Men #Nonb 32.23 lè sa a, yonn di lòt konsa:
— Sa n'ap fè a pa bon non! Nou gen bòn nouvèl konsa, nou pa ka kenbe l pou nou ase. Si nou tann denmen maten pou n'al di moun yo sa, ou mèt sèten y'ap ban nou tò. Pito n'ale kounyeya. Ann al bay nouvèl la kay wa a!
10Se konsa, yo tounen lavil Samari, yo rele gad ki t'ap fè pòs nan pòtay lavil la. Yo ba yo nouvèl la, yo di yo:
— Nou te al nan kan moun Siri yo. Nou pa jwenn pèsonn, nou pa tande pèsonn ap pale. Chwal ak bourik sèlman nou jwenn mare nan kòd. Ata tant yo te la jan yo te moute yo.
11Faksyonè ki t'ap fè pòs nan pòtay lavil la bay nouvèl la byen fò. Konsa, nouvèl la gaye jouk li rive anndan palè a. 12Se #Joz 8.17 te nan mitan lannwit. Wa a leve sot nan kabann li, li di chèf li yo:
— Mwen pral esplike nou sa sòlda peyi Siri yo gen dèyè tèt yo kifè yo fè sa. Yo konnen jan grangou ap bat nou isit la. Yo sòti kite kan an, y'al kache nan plenn lan. Yo konprann nou pral sòti kite lavil la pou n'al dèyè manje. Lè sa a, y'a tonbe sou nou, y'a pran nou tou vivan, y'a antre nan lavil la.
13Men, yonn nan chèf li yo di l konsa:
— Poukisa nou pa voye kèk moun ak senk chwal ki rete yo pou y'al wè sa ki pase. Kit yo tounen vivan, kit yo mouri, yo p'ap pi mal ni pi byen pase rès moun Izrayèl yo ki rete isit la. Wè pa wè, y ap pase tankou sa ki mouri deja yo.
14Se konsa yo chwazi kèk moun, wa a voye yo ak de cha lagè pou y'al wè sa ki rive nan kan lame peyi Siri a. 15Mesye yo pati, yo rive jouk bò larivyè Jouden an. Sou tout wout la, yo wè rad ak yon bann lòt bagay sòlda peyi Siri yo te jete lè yo t'ap kouri met deyò a. Yo tounen, yo fè rapò yo bay wa a.
16Menm #2 Wa 7.1 lè a, pèp la kouri sòti al piye kan lame peyi Siri yo. Jan Senyè a te di l la, yo vann dis liv bon farin frans pou yon pyès ajan, ven liv lòj pou menm pri a.
17Men, #2 Wa 6.32; 7.2 wa a te mete chèf gadkò li a ap veye pòtay lavil la. Se konsa pèp la pilonnen l anba pye yo lè y'ap pase nan pòtay lavil la. Li mouri jan Elize te di l sa lè wa a te vin wè l la. 18Lè sa a, Elize t'ap pale ak wa a li te di l konsa: Denmen lè konsa, nan pòtay lavil Samari y'ap vann dis liv bon farin frans pou yon pyès ajan ak ven liv lòj pou menm pri a. 19Se konsa chèf gadkò a te di Senyè a te mèt louvri syèl la pou voye bagay sa yo, sa Elize di a pa ka fèt. Elize menm te reponn li, li te di l: Ou wè ou menm, w'ap wè sa rive ak pwòp je ou, men ou p'ap gen chans manje ladan l. 20Se sa menm ki rive l. Li mouri pilonnen anba pye pèp la lè y'ap pase nan pòtay lavil la.

Chwazi Kounye ya:

2 Wa 7: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte