2 Wa 6

6
Mirak rach la
1Yon jou, pwofèt yo di Elize konsa:
— Gade, kote n'ap viv avè ou la vin twò piti pou nou. 2Kite n ale larivyè Jouden an. Nou chak va koupe yon madriye, n'a bati yon kay la pou nou ka viv.
Elize reponn:
— Ale non!
3Yonn nan pwofèt yo mande l:
— Tanpri, mèt, ann al avè nou non!
Li di:
— Dakò.
4Li pati ak yo. Lè yo rive bò larivyè Jouden an, yo tanmen koupe bwa. 5Yonn ladan yo t'ap koupe yon madriye lè rach la sòti nan manch li, li tonbe nan dlo a. Li pran rele:
— Mèt, mèt! Sa m pral fè la a? Se prete yo te prete m rach la wi!
6Elize #2 Wa 2.21 mande l:
— Kote rach la tonbe la a?
Li moutre l kote a. Elize kase yon moso bwa, li voye l nan dlo a. Rach la moute anwo dlo a. 7Elize di l:
— Wete l nan dlo a.
Pwofèt la lonje men l, li pran rach la.
Elize ak lame peyi Siri
8Wa peyi Siri a t'ap fè lagè ak peyi Izrayèl la. Li reyini chèf li yo, li di yo ki kote li pral moute kan lame a. 9Men, Elize voye avèti wa peyi Izrayèl la pou l pa pwoche bò tèl kote, paske lame peyi Siri a desann la ap tann li. 10Se konsa wa peyi Izrayèl la voye yon mesaje al avèti moun ki nan zòn Elize te di l la pou yo rete sou prigad yo. Sa rive plizyè fwa.
11Sa te boulvèse wa peyi Siri a anpil. Li rele chèf li yo, li di yo:
— Manyè di m kilès nan nou la a ki pou wa peyi Izrayèl la?
12Yonn #Ekl 10.20 nan chèf yo reponn:
— Pèsonn, monwa. Men se Elize, pwofèt ki nan peyi Izrayèl la, k'ap fè wa peyi Izrayèl la konnen tou sa ou di, ata sa ou di anndan chanm ou.
13Wa peyi Siri a di:
— Chache konnen kote Elize sa a ye pou m voye pran l:
Yo vin di li Elize te lavil Dotan. 14Li voye yon gwo lame ak anpil chwal ak cha lagè dèyè l. Yo rive Dotan solèy kouche, yo sènen lavil la.
15Nan denmen maten, domestik pwofèt la leve byen bonè, li sòti. Li wè te gen yon gwo lame ki te sènen tout lavil la ak anpil chwal ak anpil cha lagè. Lamenm, l'al di Elize:
— Mèt, mèt, malè sou nou! Kisa nou pral fè la a?
16Elize #2 Kwo 32.7; Sòm 3.6; Wòm 8.31 reponn li:
— Ou pa bezwen pè! Nou gen plis moun avèk nou pase yo.
17Lèfini, #Nonb 22.31; 2 Wa 2.11; Sòm 34.7 Elize lapriyè Senyè a, li di:
— Senyè, tanpri louvri je l pou l wè!
Senyè a louvri je domestik la. Domestik la wè tout mòn lan te kouvri ak flanm dife an fòm kavalye ak cha lagè bò kote Elize.
18#Jen 19.11; Tra 13.11 sòlda peyi Siri yo atake, Elize lapriyè ankò, li di:
— Senyè, fè sòlda sa yo pa wè nan je yo!
Senyè a fè sòlda peyi Siri yo pa wè nan je yo, jan Elize te mande l la. 19Lèfini, Elize al jwenn yo, li di yo:
— Se pa chemen an sa, ni se pa lavil n'ap chache a sa. Swiv mwen, m'a mennen nou kote moun n'ap chache a ye.
Li mennen yo lavil Samari. 20Rive yo rive la, Elize lapriyè ankò, li di:
— Senyè, louvri je yo pou yo wè!
Senyè a louvri je yo. Yo wè yo te nan mitan lavil Samari. 21Lè wa peyi Izrayèl la wè sòlda peyi Siri yo, li mande Elize:
— Touye yo, papa mwen? Touye yo?
22Elize #Pwo 25.21; Wòm 12.20 reponn li:
— Non. Pa touye yo. Ou janm touye moun ou fè prizonye lè w'ap goumen ak nepe epi ak banza? Ba yo manje, ba yo bwè, Lèfini, kite yo tounen al jwenn mèt yo!
23Se #2 Wa 5.2 konsa, wa a fè yon gwo resèpsyon pou yo. Yo manje, yo bwè. Lèfini, wa a voye yo ale jwenn mèt yo. Depi lè sa a, sòlda peyi Siri yo sispann anvayi peyi Izrayèl la.
Lavil Samari sove
24Kèk #1 Wa 20.1 tan apre sa, Bennadad, wa peyi Siri a, sanble tout lame li, li moute vin atake peyi Izrayèl. Li sènen lavil Samari. 25Se #Rev 6.6 konsa, yon sèl grangou t'ap bat moun nan lavil la. Lènmi pat bay okenn chans pou moun antre sòti. Lè sa a yon tèt bourik te koute katreven pyès ajan, yon demi liv kaka pijon te koute senk pyès ajan.
26Yon jou, wa peyi Izrayèl la t'ap pase sou miray lavil la, yon madanm pran rele:
— Monwa, monwa, fè kichòy pou mwen non!
27Wa a reponn:
— Si Senyè a pa ka fè anyen pou ou, kisa mwen menm, mwen ka fè pou ou. Kisa ou vle m ba ou: farin osinon diven? 28Sa ou genyen?
Madanm lan reponn:
— Lòt jou, madanm sa ou wè la a vin di m pou mwen bay pitit pa m lan pou nou manje jou sa a, nan denmen n'a manje pitit pa l la. 29Se #Lev 26.29; Det 28.53,57; Lam 4.10; Eze 5.10 konsa nou kwit pitit pa m lan, nou manje l. Nan denmen, mwen di l pou li bay pitit pa l la pou nou manje, men li sere l.
30#1 Wa 21.27 wa a tande sa madanm lan di li a, li tèlman fache, sa fè li chire rad sou li. Moun ki te toupre miray la te ka wè wa a te gen yon rad sak anba rad li. 31Wa a pale byen fò, li di:
— Se pou Bondye ban m pi gwo chatiman ki genyen si anvan jounen an fini, yo pa koupe tèt Elize, pitit Safa a!
32Wa a voye yon mesaje al chache Elize. Lè sa a, Elize te chita lakay li ak kèk chèf fanmi ki t'ap vizite l. Men, anvan mesaje wa a gentan rive, Elize di chèf fanmi yo:
— Gade, Ansasen an voye yon moun pou touye m. Men sa n'ap fè. Lè mesaje wa a va rive, fèmen pòt la sou li. Pa kite l antre. Wa a pye pou pye dèyè l.
33 # 6.33: Nan tèks ebre a se pa wa a men se mesaje a ki te rive epi ki te pale ak Elize. Elize #Jòb 2.9; 6.11 pankò fèmen bouch li, lè wa a rive devan l. Wa a di l konsa:
— Se Senyè a ki voye malè sa a sou nou! Sa m bezwen rete ap tann li fè kichòy pou nou ankò?

Chwazi Kounye ya:

2 Wa 6: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte