Lè Elize rive, li moute pou kont li nan chanm lan. Li wè ti gason an mouri kouche sou kabann lan. Li fèmen pòt la, epi li pran lapriyè Senyè a. Lèfini, li moute kouche sou ti gason an, li mete bouch li sou bouch ti gason an, je li sou je ti gason an ak men l sou men ti gason an. Li rete kouche konsa sou ti gason an. Kò ti gason an konmanse vin cho. Elize leve, li fè yon ti mache nan chanm lan. Lèfini, l'al kouche menm jan an sou ti gason an ankò. Ti gason an estènye sèt fwa, epi li louvri je l. Elize rele Gerazi, li di l: — Rele madanm lan pou mwen. Lè madanm lan vini, li di l: — Men pitit gason ou lan. Madanm lan tonbe ajenou nan pye Elize, li bese tèt li jouk atè. Lèfini, li pran pitit li, l ale.
Li 2 Wa 4
Koute 2 Wa 4
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 2 Wa 4:32-37
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo